Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Ou ta renmen jounen w gen plis solèy? Ou vle plis pwodiktif? Men senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w.

Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Yon ti tan meditasyon

Pran kontwòl jounen an se youn nan pi gwo sèvis ou ka rann tèt ou chak jou ki jou. Youn nan zouti ou ka itilize pou sa, se kèk minit meditasyon avan w desann kabann ou. Medite se konsantre refleksyon w sou yon sèl bagay an menmtan, bagay la ka yon pwojè, yon objektif, elatriye. Anpil espesyalis mete yo dakò sou lide ki fè kwè lè bajou fèk kase lespri a pi dispoze pou reflechi ak rezoud pwoblèm. Alòs, de twa minit meditasyon chak maten ap ede w jwenn solisyon ak pwoblèm ou yo e tou mete plis solèy nan jounen w.

Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Tabli plan jounen an

Rantre nan yon jounen san yon plan se tankou lage yon bato sou lanmè san kapitèn. Lanmè a mennen bato a kote li vle. Tan an se youn nan zouti ou ka itilize pou reyalize objektif ou. Nan sans sa li pi bon lè se ou ki itilize l pase ou kite li itilize ou. Alòs youn nan pi bon mwayen ou gen pou w fè sa se PLANIFYE chak jounen.

Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Yon bon beny

Yon bon beny nan maten se youn nan pi bon chwa ou ka fè pou bouste jounen w. Li gen plizyè benefis. Li ede w rete eveye, li ede sikilasyon san an fèt pi byen, li retire fatig jounen avan yo, li fasilite tout pati nan kò a jwenn oksijèn, li redui estrès. Yon bon beny nan maten redui nan kòlè w e ede w jwenn serenite pou w travay ak efikasite sou plan jounen an.

Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Yon bon dejene

Anpil anpil espesyalis mete yo dakò sou lide li fè kwè dejene a se manje ki pi enpòtan nan jounen an paske l pèmèt kò a rekipere l aprè bon tan li sot pase san pran anyen an (tan ou pase ap dòmi an). Yon moun ki pa manje nan maten ki ale fè sa jis bò midi, se yon moun ki pase omwen katòzèd tan san manje. Se yon gwo risk pou lasante. Alòs yon bon dejene ap ede w bouste jounen an epi redui risk kriz ipoglisemi, fatig ak pwoblèm konsantrasyon.

Rendez-vous au sommet: senk bagay ou dwe fè pou bouste jounen w

Yon bon lekti

Victor Hugo, yon ekriven fransè, fè konnen, menm jan kò a bezwen manje pou l grandi, lespri a li menm li bezwen lekti pou l devlope. Lè w li bonè nan maten, ou memorize ak konprann pi byen, ou jwenn pi bon enspirasyon pou w atenn objektif jounen an pi byen. Anplis, lekti matinal la ede w ranfòse atansyon w ak amelyore kapasite analiz ou.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

5 Commentaires

  • Victoriah Steel

    September 04, 2021 - 08:18:51 PM

    Mèsi anpil. M pral mete yo en pratik

  • Kervens louis

    September 04, 2021 - 09:14:23 PM

    Mwen jwen ti sa tap chèche a mèsi kouniea m pral eseye mete yo an pratik.
    kontinite nan travay Mr Leblanc !

  • Exantus Pierre Kendy

    September 05, 2021 - 02:40:22 AM

    Mèsi anpil Mr. Gabynho,,mwen kwè a 100% si m aplike yo nan lavi m lap Ede m anpil

  • Nahomie

    January 19, 2022 - 03:06:47 PM

    Merci msr Will paske u raplem yo mèsi

  • Jerry Ayiti

    March 06, 2023 - 10:08:43 PM

    Good