Ou renmen òganize? Ou swete evènman w yo rete nan lespri patisipan yo. Men senk bagay ou dwe fè pou w atenn objektif sila a: kreye yon konsèp orijinal, kanpe yon bon ekip, elabore yon pwojè vivan, kreye yon anviwònman kreyatif, elabore yon estrateji kominikasyon efikas.
Rendez-vous au sommet: Senk bagay ou dwe fè pou w reyalize yon evènman granpanpan
Yon konsèp orijinal
Yon evènnman ki make lespri se yon evènman sengilye. Yon evènman sengilye se yon aktivite ki monte sou yon konsèp orijinal. Li pa kopye kole pyès lòt pwogram nan sousi pou ede patisipan yo viv yon eksperyans inik. Alòs si w vle make lespri, ou dwe mobilize kapasite kreyasyon w ak envantif ou pou w pwopoze yon kontni k ap etone patisipan yo e fè yo viv yin esperyans plen ak emosyon. E sa a, yo p ap janm bliye l.
Yon bon ekip
Konsèp la ka trè orijinal, men evènman ap pèdi yon gwo mòso nan granpanpan l si pa gen yon bon ekip ki pou reyalize l. Yon bon ekip konstui ak plizyè eleman ki gen bon jan kapasite nan tout domèn pwojè a nesesite yo. Reyalizasyon granpanpan yon evènman depann de kijan mayonèz la pran nan mitan ekip la. Alòs, si w vle reyalize yon evènman ki tache nan memwa patisipan yo, ou dwe defini konpetans ki nesesè pou pwojè a e asire w jwenn moun ki kadre ak pwofil yo.
Yon pwojè vivan
Yon pwojè vivan se yon pwojè ki ka atire kolaboratè ak envestisè oswa mesèn. Se pou sa se moun ki gen konpetans ak teknik pou sa ki dwe elabore l. San nou pa bezwen twò long, si w vle pwojè w la kapte atansyon moun, ou dwe swa aprann ekri l swa chèchè yon moun ki maton nan fè sa a.
Yon anviwònman kreyatif
Yon anviwònman kreyatif se yon gwo moso nan reyalizasyon yon pwojè. Yon evènman granpanpan nesesite yon anviwònmam eksitan, yon anviwònman ki ensite chak manm ekip la bay pi bon pèfòmans ki gen anndan vant li. Nan sans sa a, tout òganizatè ki vle aktivite l yo rete nan listwa dwe jwenn yon espas adapte, yon seri moun ki gen respè pou kapasite youn lòt epi diskou ak mwayen efikas pou motive ekip la atenn objektif yo fikse ansanm nan.
Yon estrateji kominikasyon efikas
Yon esrtateji kominikasyon efikas se yon estrateji ki kadre ak piblik sib la. Pou sa a, depi nan montaj pwojè a, ou dwe byen defini piblik sible a epi idantifye espas ak platfòm li (piblik sib ou a) plis prezan yon mannyè pou w kreye kontni pwomosyonèl ki ka angaje yo.
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 104
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
0 Commentaires