Senk eleman ki karakterize yon lidè efikas daprè Jhon C. Maxwell
Rendez-vous au sommet: Senk karakteristik yon LIDÈ EFIKAS


Vokasyon
Yon lidè efikas se pa yon moun konsa konsa. Se yon moun ki genyen yon bagay anndan l k ap pouse l aji nan yon domèn. Nenpòt. Politik. Relijye. Espò. Elt. Tout lè, tout kote, toujou gen yon vwa ki ap bouskile l aji. Ti vwa sila a, nou ka rele l vokasyon. Tout moun pa tande menm “ti vwa a”. Se sa ki fè tout moun pa maton nan menm domèn. Ti vwa lidè efikas la tande a se yon ti vwa k ap fòse l poze aksyon pou ede komite l, peyi l, mond lan amelyore. Vokasyon tout lidè efikas byen senp: patisipe ak ankouraje lòt moun patisipe nan amelyorasyon lavi sou latè.

Konn kominike
Yon lidè efikas se yon moun ki gen yon vizyon epi ki enfliyanse lòt moun suiv li. Pou rive drennen moun dèyè yon pwojè, youn nan eleman enpòtan yo se rive konvenk moun yo. Geyen yon sèl zouti pou sa a: KOMINIKASYON. Alòs lidè a dwe genyen bon jan kapasite pou kominike si li vle efikas.

Kreyativite nan rezoud pwoblèm
Lavi a pa toujou woz. Li chaje pikan kwenna. Lidè efikas la se sila ki toujou jwenn yon mwayen “efikas” pou rezoud pwoblèm yo. Veritab travay yon lidè se rezoud pwoblèm, pote chanjman nan sousi pou amelyore lavi, amelyore legzistans. Yon lidè dwe goumen pou devlope kapasite envantif li si li vle EFIKAS.

Pataj
Tout lavi yon lidè rezime ak yon sèl pawòl: PATAJ. Pataj lanmou. Pataj konesans. Pataj enèji pozitiv. Yon lidè efikas se yon moun ki bliye tèt pa l pou l gade ak ede ozalantou l. Ede yo renmen epi respekte lavi. Ede yo grandi. Travay lidè a p ap efikas si se pa anvi pataje ki karakterize l.

Koyerans
Yon lidè efikas pa poze aksyon pou poze aksyon. Chak aksyon li yo toujou byen reflechi epi yo pa depaman ak sa l konn di (preche). Pawòl lidè efikas la ak aksyon l toujou fè yon sèl.
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 112
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
2 Commentaires
Jimmy Guerrier
August 27, 2021 - 06:23:54 PMBon bagay zanmim.
Nahomie
January 19, 2022 - 03:02:46 PMMw fiere paskem t secretaire rendezvous au coin d'Or , c meyè antrepriz Mw t travay nan vim , mèsi Pou TT SA wrap fè Pou kominote kafou