Roobens Louis se youn nan gayan pri "Prim pou chanjman" pou ane 2024 la

Roobens Louis se youn nan gayan pri "Prim pou chanjman" pou ane 2024 la

Mèkredi 25 jen ki sot pase la a, nan lokal KARIBE HOTEL, Roobens Louis, yon jenn kafouwa 25 lane, resevwa, limenm ak 2 lòt patisipan, pri “PRIM POU CHANJMAN” 2024 la.

Prim Pou Chanjman se yon pri asosiyasyon GWOUP KONBIT mete sou pye pou ankouraje jèn k ap atreprann inisyativ sosyal nan kominote yo. Ane sa a, twa jèn ki demake yo nan je asosiyasyon an se Junior THERMIDOR, Davidson Beaubrun ak Roobens LOUIS ki se fondatè ANN KREYE. Chak seleksyone yo resevwa 100 000 goud kòm rekonpans pou ankouraje yo nan inisyativ y ap antreprann yo.

Pou Roobens Louis, resevwa pri sa a se mete plis responsabilite sou do l pou l toujou kontinye ak angajman l nan sèvi kominote l. Li fè konnen tou se yon rekonesans pou tout sakrifis li yo pandan senk dènye ane ki sot pase yo, kote l pa t dekouraje ak inisyativ li yo malgre sitiyasyon difisil peyi a, komin Kafou sitou, ap travèse.

Daprè jèn inisyatè pwojè "rèv mwen se bousòl mwen" an, pi gwo difikilte estrikti li a ap fè fas nan moman kriz malouk peyi a ap konnen dènye tan sa yo a se kantite patisipan yo ki pa sispann dekwat. Laperèz ak enkyetid anpeche pasyone antreprenarya yo soti e genyen menm ki kite komin nan pou y al tabli kote yo estime presyon an mwens. N ap raple Roobens gen 3 lane depi l te lanse ANN KREYE nan komin Kafou, yon estrikti ki espesyalize l nan fòme jèn fanm ak jèn gason ki nan komin nan sou koze ki gen pou wè ak antreprenarya.

Si sitiyasyon yo ki parèt difisil se yon rezon pou anpil jèn dekouraje, e menm kite peyi a, pou Roobens se sa yo ki kenbe motivasyon l. Pou li pwouve sa, li apèn lanse yon mouvman ki rele “ RÈV MWEN SE BOUSÒL MWEN”, yon kanpay sansibilizasyon pou kenbe ak kreye motivasyon lakay anviwon yon milye jèn espesyalman nan komin Kafou. Pou sila yo ki vle mete men nan pat la pou mouvman sila a, estaf la mete yon koleksyon mayo ak non mouvman an grave sou li. Mayo sa yo ap vann pou mil senksan goud. Dapre Inisyatè a, 30% nan lajan sila a prale pou timoun ki nan difikilte nan sant akèy ki nan komin nan.

“Jèn fanm ak jèn gason bout tè papa Desalin nan dwe enplike yo nan kominote yo nan poze aksyon pozitif. Sitiyasyon yo kapab parèt difisil men se nan poze bon aksyon jodia ki ka ede peyi a konnen yon demen miyò.”, se konsèy Roobens LOUIS pou tout jèn ayisyen jodi a.

• Oriol Antoine

Roobens Louis se youn nan gayan pri "Prim pou chanjman" pou ane 2024 la

Share

La Rédaction 236

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires