Nan yon kontèks kote pèp Ayisyen an ap navige sou vag boulvèsman tout sòt, li enpòtan pou youn kenbe men lòt pou n pa pèdi fon nanm nou. Li enpòtan pou n tache ak epeng nan rido lespri n tout valè, tout pratik ki fè fòs nou antanke Ayisyen. Sou vag sila a, n ap toujou bezwen yon kaptèn ki dakò fè lanmounite l sèvi bousòl. Se konsa lespwa pou n pa nwaye ap pran plas bò kote n nan batiman an. Nan komin Kafou, kominote sa a kapab konte sou Ricardo CAMBRONNE. Men kiyès nonm sila a ye?
Nan mitan gwo van, nou bezwen moun ki pou bay direksyon, k ap mete men pou ede n pot tanbou an menm aprè dans lan. Sitou jodiya, premye pèp nwa ki te pran libète a bezwen pèsonalite ki ka simen ak yo, ki ka simen pou yo. Se tout sa yo ki bay sans ak Wòl Ricardo CAMBRONNE te jwe kòm direktè a.i sant kiltirèl Minisipal Emanyèl Chalmay ( Centre culturel Municipal Emmanuel Charlemagne - CCMEC. Si mache prese «kriz konfyans» lan fè n konprann nou chak dwe naje pou n sòti, Mesye Cambronne rejte lide chak koukouy klere pou je a. Antanke yon chèf dòkès wonnpòt, li rete kwè chak moun ka jwe patisyon pa yo, chak moun dwe ofri, dwe pote mizik ki nan yo a pou n reyalize yon bèl resital k ap fè n danse ak lavi.
Si tout popilasyon bezwen espas kote l ap ka bay pi bon sa l pot nan djakout li, patisipe nan kenbe listwa l vivan, mete gaz nan lanp obligasyon pou l sonje ak ekri lòt naratif nan prezan an. Ebyen nan komin kafou, Sant kiltirèl Emanyèl Chalmay lan se youn nan espas kote popilasyon an ka al bay akolad ak lakilti. Se konsa a, espas sa a te resevwa reyalizasyon dezyèm edisyon konbit soup Joumou nan kafou nan dat ki te premye Janvye 2026 la. Mesye Cambronne nan yon diskou l te genyen nan evènman sila a te raple jan lespri konbit enpòtan pou ede ankouraje solidarite nan kominote a. Sant kiltirèl la ki gen kòm animatè ak bibliyotekè Steve Antoine toujou teyat yon ansanm evènman tout koulè, ki yo chak patisipe nan desinen yon lakansyèl lespwa nan syèl komin lan.
Selebre lendepandans peyi a se yon devwa. Se sa k fè li nesesè pou aktè yo pwopoze aktivite k ap pèmèt nou rapwoche pi plis ke posib ak egzanp zansèt yo kite pou nou. Se konsa, konbit soup joumoun an jwenn tout sans li sou kòdinasyon Christelle Moussignac ane an. Nan diskou l lan, li te montre se nan konbit lan zansèt yo te jwenn fòs pou brize chèn lesklavaj lan epi tou mete chita lide moun pa gen machandiz. Moun dwe viv tankou moun nan respè ak diyite.
Se vre aktivite an te chita sou lespri ak nesesite konbit la, men te gen divès lòt aktivite ki te bay jounen yon kolòn vètebral solid. Dabò, te gen yon premye pati Roobens Isma ak Fleuran Samuel te anime. Touswit, te gen yon panel ki te gen premyeman etidyan memoran nan sosyoli Jameson Marcelin, dezyèman yon memoran nan filozofi ki te pote non Pierrevensky Lestius. Entèvansyon de entèlektyèl sa yo te pèmèt patisipan yo gade nan yon premye tan enpòtans ak sans batay pou akouche peyi sa a reprezante. Nan yon dezyèman tan entèvansyon yo te mennen asistans lan reflechi sou kesyon «ijans lan se pou kiyès?» Se konsa, kozri sa a te jwenn tout sans li lè l te pèmèt patisipan yo reyaji sou prèv memwa istorik, kilti ak lespri solidarite.
Si nan yon bò, te gen aktivite entèlektyèl ki te mennen refleksyon sou sitiyasyon n kòm pèp, ebyen nan yon lòt bò te gen ekspozisyon sou lobedyans Akolit. Anplis de aktivite sa yo, te gen yon ansanm prestasyon kiltirèl ki pote engredyan pa l nan sòs la tankou slam, dans, chan k animasyon atelye tanbou CCMEC te ofri.
Pou yon selebrasyon wonnpòt, ekip ki t ap pilote edisyon sa a te rive drese yon bèl tablo k ap kite bèl souvni nan lespri yo ak lespri patisipan yo. Se konsa a, evènman sila a te fini ak distribisyon nan kè kontan plis pase 300 kui soup. Sa ki pouse n mande : ki pi bèl fason n te ka kòmanse yon lòt sik nan lavi yon pèp k ap goumen pou byennèt kolektif la depi lè l te pouse do mouche blan deyò ak drese yon pinga pou yo tounen vin kolonize tè isit?
Boutofen, Lespri konbit la nan fè bon bagay se youn nan zèl kat ki pi enpòtan n te ka genyen pou tout moun rive jwenn plas yo nan peyi epi reyalize tèt yo. Paske pa bò isit, tout moun dwe viv tankou moun. Se sa k fè inisyativ nan sans konbit soup la pa dwe kanpe la. Dwe gen lòt toujou. Pa sèlman yon jou nan ane a, men nan lòt okazyon ankò. Pa sèlman nan objektif pou n parèt tèt nou, fè konnen nou la, montre nou ka fè tou, men paske n vle simen pou lavi ka donnen sou tèt Papa Desalin lan, pou lòt yo ka oze reve epi konstwi sa k ap itil yo ak sa k ap nan enterè tout moun.
N ap fini pou n mande : kisa n pral kontinye fè nan memwa sila yo ki te pran zam pou respè lakou sa a?
Mardochée Gay
Konbit soup joumou nan Kafou: yon evènman men kontre pou n pa pèdi fon nanm nou

La Rédaction 266
Kafounews
0 Commentaires