Kowonaviris : yon patoloji biznis

Kowonaviris : yon patoloji biznis

Li klè, depi lè pandemi kowonaviris la a ap fè raj nan tout kat kwen kadino monn lan, majorite gouvèneman nan tèt peyi yo pran yon seri mezi sanitè, ekonomik ak sosyal pou anpeche popilasyon pa yo enfekte. Ann Ayiti, rejim an plas la ak baton fòfè l, pran tout mas la annotaj andidan lakay yo debwabalan, pri tout pwodui monte tèt nèg, se grangou k ap fè zak sèlman sou sajès moun yo. Douvan bann kowonaviris la, èske limanite pa dwe sèl larèn pou taye banda ? ki desten leta si li kontinye ap gade byennèt nan miwa aristokrasi ?

Depi sou tan ti konm konm t ap goumen ak berejèn, lavi te toujou yon rèv ki dwe palpab, kidonk se pa nan somèy pou anvi nou rive fè pitit, tankou kanmarad Gabynho renmen di: « viv dwe egzistan ». Tout sa, se yon ansanm eleman klè, pou mennen nou al founi je nan listwa ki se miwa sivilasyonèl tout pèp. Alòs, nan entèval sizyèm, uityèm syèk pou rive nan ventyèm syèk, lè epidemi lapès ak tout lòt yo t ap ravaje monn lan, èske leta ak boujwazi peyi ki te pran frap yo te pwofite pèp yo a ?

Malgre depi byen lontan, peyi gran pisans yo enskri tèt yo anndan yon dinamik batay pou ejemoni ekonomik ak politik monn lan, men sa pa anpecche lè jan deriv pandemi sa yo pwodui, leta ak tout sektè prive nan peyi devlope yo toujou jwenn yon antant pou jere lavi kotidyen pèp yo a, nan lide pou pwoteje nasyon yo kont enfliyans sistemik lòt fòm gouvènans leta epi kenbe yon estabilite pou lavni. Parapò, ak fason gouvènman ayisyen ap trete moun lakay li, èske se yon zak konsyan ?

M raple m istwa Tiliyo ,nan yon vil bon konprann nou tout ka sonje ! Tankou Manno Chalmay ilistre l : ‘’ yon leta pòv nan yon peyi rich ‘’. Tilliyo se yon pòv ki t ap pouse bourèt lavi l nan mande chak jou, misye te fè kansè nan pye, se konsa nan mank laswenyay, pye a te vin santi, l ap voye move lodè, anpil moun te pè pase kote tiliyo ye. Konsa, yon lè, yon gwoup mè katolik nan zile a vin fè yon maraton pou voye Tiliyo al opere, pou toubib te ka koupe pye a pou li anvan pita vin pi tris, mezanmi pa mande m kont, tiliyo pran kòb li epi tchuipe demach mè yo. Tiliyo prefere viv ak kansè a nan pye l, pou l ka fè plis lajan. Bagay sa fè yo vin konn Tiliyo kòm pi gwo mandyan nan bouk la. Jan leta nan peyi dAyiti antann yo, pou yo tòtòt pèp la, pou yo fè bè yo nan mizè moun yo, èske nou paka di leta sa se yon leta Tiliyo ? Eske mizè sa leta ayisyen ap pwofite popilasyon an, p ap mennen ak disparisyon li, lè nou wè jan mas yo koumanse eveye sou tout sa k konsène lavi yo ?

Share

Franzley Valbrun 7

Poète, ekriven

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Frantz Joubert Lubin

    April 11, 2020 - 03:42:44 PM

    Ce que j'ai eu à dire pendant la période de confinement: Je ne vois que le monde est à la recherche d'un avenir problématique. Vous qui vivez, je vous somme de créer votre propre monde. C'est pourquoi je fais sortir quotidiennement toutes mes griffes afin de ne pas marcher sur mes pieds. Un tout p'tit conseil pour tout un chacun: vivez avec tranquilité ok...

  • Malaba pitit plim

    April 11, 2020 - 11:23:43 PM

    Yon ponyen lanmou pou ou zantray!