Pawòl pa m. Konfinman ak grangou : chen ak chat ki mare menm kote

Pawòl pa m. Konfinman ak grangou : chen ak chat ki mare menm kote

Pou katriyèm sòti pawòl pa m nan, Gabynho te pran lari a yon mannyè pou li ale chache konnen pri kèk nan pwodui yo rele pwodui premye nesesite yo. Lavi a chè anpil bò isit. Popilasyon an pa gen lajan. Èske mande moun yo rete lakay yo se pa mare chen ak chat menm kote?

Menm jan ak tout lòt evenman ki pase yo, tankou epòk tranbleman tè 12 janvye 2010 la, youn nan mo yo te konn plis site se te Goudougoudou, nan dènye jou sa yo, ou p ap pase yon segonn san ou pa tande oswa li sou rezo sosyo yo ti mo 9 lèt sa a : KONFINMAN. Si ti mo sa fasil pou pwononse, reyalite li charye dèyè l la pa dous menm menm pou majorite popilasyon an mete an pratik. Anfèt, depi kòmansman lane sa gen yon maladi k ap fè ravaj nan kat kwen monn lan. Gwo save yo di se yon viris ki nan fanmi kowonaviris yo ki bay li. Alòs pou anpeche mouche viris sa voye plis kretyen vivan ale viv nan peyi san chapo, youn nan mezi ki ta pi fyab se ta chita lakay la (konfinman an).

Granmoun yo renmen di : « Baton ki nan men w se ak li pou w bare kou”. Imajine yon avèg ki pa gen pèsòn ki pou mennen l, sèlman yon vye baton epi pou yon papa toudenkou ta soti kote li soti rape l nan men l. Imajine, imajine kòman l t ap fè mache. Kounya, imajine yon vye malere (malerèz) ki malgre li pran lari a chak jou pa menm ka okipe tèt li ak lakay li. Imajine, imajine kòman l ap ka fè chita lakay li chak jou pou l ap grate santi. Ou konn al nan mache ? kèlkeswa repons la, mwen, mwen te fè yon rive nan lide pou mwen ale konn pri kèk bagay. Men pri kèk nan pwodui ayisyen plis sèvi. Pa bliye majorite popilasyon an pa ka achte an gwo, poudayè pi fò ladan yo pa ka achte ditou. Ti mamit diri a (diri pèpè a, malerèz pa manje diri peyi)vann 13 dola. Ti mamit pwa nwa ak pwa mayami an vann 27 dola. Ti mamit farin (jan ayisyen renmen bòy) vann 8 dola. Glòs luil la vann 5 dola. Mamit chabon an vann 10 dola. Nou va eskize mwen si mwen mete pri yo an dola, men n ap dakò tou majorite ayisyen pa konn lajan an goud.

Kisa tablo a ye? Tout bagay tèt nèg epi majorite popilasyon an se chak jou yo viv, sa ki vle di si yon jou yo pa sòti pou ale gade kote lavi fè kwen, jou sa se yon jou jèn l ap ye. Jèn fòse pa dous non ! Kounya ann eseye imajine moun sa yo ki se lè yo sòti yo manje yo ki fèmen lakay yo pou yon tan endefini. Imajine gwo goumen ti trip ak gwo trip moun sa yo. Imajine machwè timoun yo nan kwen kay la. Imajine longè bouch madanm. Imajine kòd batiman sou fontenn mesye. Finalman èske w panse KONFINMAN ak grangou ka mare menm kote?

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

5 Commentaires

  • Malaba pitit plim

    April 16, 2020 - 12:19:33 PM

    Ewa zanmitay

  • Guten Rachad Jean-Baptiste

    April 16, 2020 - 01:15:42 PM

    Yon bèl atik ki tradui reyalite a jan l ye a. Bravo vye frè

  • Gregphile Gregphile

    April 16, 2020 - 05:49:09 PM

    Bon travay zanmitay ????

  • Jhony Calixte

    April 16, 2020 - 09:17:34 PM

    Monchè gwo tonton kout chapo pou yon travay san parèy, avan viris kowona viris grangou sa, viris malsite pote anpil kretyen vivan ale, men se domaj.

  • Mardoché Etienne

    April 17, 2020 - 01:11:13 PM

    Bravo kamarad????????????