Tou klostra

Tou klostra

Pwezi m  gad je lemonn
Avan l baye
Rona gade n nan je
Avan l taye
Banda...

Mwen rense je m
Mwen lave pye m
Kouch poud ale
Chanm sa a prizon m

Mwen lave men m...

Mwen lave men m
Tout jou sanble
Solèy leve kouche sèlman

Tout moun sanble
Tout perèz menm
Pwoblèm fè nou viv ansanm nan

Se pa pou dat semèn bloke
Pou mwen chak jou rete Madi
M a di  m te viv sou Korona
Epòk prèzidan san machwè
Te leve kò l met nan tele
Vizyon Je nò ka dè move
Leve lekòl met nan tele
Karavàn nan donnen balèn

Nou lave men m
San monte tab
Leta rad sal lave pòch nou
Nan lave men m
Kite l anlè
Dèmalòg ap poulòp sou nou

Èg la pran yon bout so kabrit
Li pa menm sonje si l gen tchoul
Ki krache sou zanmi l ti poul
Malfini an te vle manje...

Lespwa lemonn
Se fanm Fidèl
L ap voye pran swen w nan prizon
Lespwa lemonn
Se te jenjanm,
Pwav, dlo, sèl, dife ak sitwon

Mwen lave pye m
Kouch poud ale
Lalwa ban m chanm sa a pou prizon
Pwezi m  gade lemonn nan je
Rona konplis
Leta taye n

Share

DarlinJohancy 1

Musicien, poète et parolier...

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Malaba pitit plim

    April 15, 2020 - 12:25:30 PM

    Ewa

  • Khékillon

    April 15, 2020 - 02:28:39 PM

    BIW!