Pawòl pa m # 3 : Mèsi Kowona

Pawòl pa m  # 3 :  Mèsi Kowona

Yon kout men nan yon egzamen tounen yon kout kè, yon santiman ti t ap boujonnen pou yon bèl ti elèv. Men se te san konte sou manzè kowona, ki te foure bouch epi mete dlo nan diven santiman sa a ki t ap kouri vini ak tout bouling.

Mesye C, ou ka eksplike kesyon sa a souple ? Li annik poze m kesyon an pou 1, pou 2 dousè ki konpaye vwa l la gentan fè sou mwen yon efè tèt chaje. Se kouwè lè CR7 make 3 gòl nan match retou lig dè chanpyon pou kalifye ekip li. Dakò, ban m gade kesyon an pou m wè. Depi aprè ti moman sa a, zòrèy mwen yo pa sispann tande ti vwa l fò ta di yo te gen yon ti radyo kasèt ki te anrejistre l epi rekòmanse l chak li fini. Sa k ap pase m konsa ? Mwen menm wi ? Nou konnen kilès mwen ye ? Ban m kouri di nou.

Yo rele m Marco men yo banm ti non C tou, mwen fèt nan lane 1994 nan vil Pòtoprens. Papa m rele m konsa paske l se fanatik fou foutbòl epi yon malad foutbolè olandè a Marco Van Basten. Si se pou manman m li menm, m t ap rele Léonard pou lanmou l gen pou aktè oliwood la, Léonardo Di Caprio. Antouka papa m t gen rezon sou manman m koz lè m sou teren foutbòl m fè anpil bèl bagay.

Lè m fin lekòl nan lanne 2012 mwen antre ENS (École Normale Supérieure) epi etidye lang vivan, sa ki fè jodi a m ap anseye anglè nan kèk lekòl nan kapital la.

Jou sa a, se te dezyèm jou egzamen epi m te deside pase bay koutmen nan siveyans. Yon koutmen ki pral finalman dire semèn nan koz elèv NSIII sa a te tou vòlò tout tikal atansyon m te ka bay yon tifi. Poukisa se nan sal li konpoze a m toujou al siveye ? Epitou poukisa m pa konn remake l lè m al fè kou nan sal li a ? M t ap poze tèt mwen kesyon sa yo paske m pa t ka konprann sa k ap rive m nan epi sèman m te fè pou m pa gen santiman pou yon elèv mwen gen lè p ap rive kenbe.  Si se vre li bèl, gen 2 bèl janm (youn nan bagay ki atire m kay tifi), gen yon bèl bouch, yon bèl wòtè epi entèlijan, men sa yo pa sifi pou kè m gen tan ap bat pou li konsa.

Aprè egzamen, chak vandredi je m yo te toujou kontan pran ti tan kontanple bote l epi kè m te gen yon ti batman andiplis. Men èske n konnen manzè kowonona vin kraze bagay la ? Enben fèmen lekòl fè m kontinye respekte sèman m te fè a malerezman.

Share

Seïde Stevenson Louis Laurent 6

Étudiant finissant en Service Social à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Laisser un commentaire

0 Commentaires