Se pa yon fim , pou kowonaviris la ki se yon pandemi ki vin lage tè nan sòs pwa limanite kòm baz lanmou. Pasipala, nan tout rakwen monn lan, tout travay kanpe, prèske pa genyen anyen ki ka bouje, tout aktivite sosyo-kiltirèl ak espò paralize, majorite moun fèmen anndan kay yo san kondisyon, se moun k ap mouri chak jou pa bann ak pa makòn,
kididonk lespwa nan koma. Nan sans sa a, kòman moun yo wè tèt yo parapò ak monn lan ? Èske nou ka konsidere fenomèn sa n ap viv la pou yon konfinman tout bon ? Anba kalamite sa a, èske gato solidarite a pa ta dwe tranche ant tout pèp yo, sou tout fòm ?
Moun lakay Aristòt ka toujou di se politik piske l se sijè konplis yon site osinon yon sosyete konplèks, sa vle di ki charye tout faktè ki pou avansman sosyete li a. Men, koze a pa rete la sèlman , paske moun se yon pwojè anvan tou ki vwayaje atravè tan an ak lespas, dayè si n al gade l nan glas lide (Thomas Homes) lan , li klè chak èt vivan se yon danje pou pwòp parèy li, nan yon dinamik kote l ap gade tèt li sèlman
kòm yon gayan . Nan fason sa, èske senserite lavi pa rive janbe rivyè sinik sa yo ?
Etimolojikman, mo konfinman an soti nan lang laten ki se confinia, pliryèl mo confinium (de cum « avec » et finis « limites) ki vle di
ekstremite ant plizyè espas osinon vwazinaj. Alaverite, konfinman an se lè yon moun rete nan limenm, pou l pran vakans sou kèk bagay ki antoure l, pou l remanbre l, korije l, ratrape l sou tout sa li te pèdi, konsa nou kapab ilistre yon sitasyon De Marguerite Yourcenar (Alexis ou le traité du vain combat, 1929) ki di: ‘’ Le monde pour chacun
de nous, n’existe que dans la mesure où il confine à notre vie.’’ epi Victor Hugo nan "Les Misérables" di : ‘’ Il était bon par-dessus tout ; et ; chose toute simple pour qui sait combien la bonté confine à la grandeur, en fait de poésie il préférait l’immense.’’
Kòm sosyoloji lavi a di, se pou moun yo demele gèt yo pou yo viv antre yo, nan on demach sen, kote tout bon pwojè kolektif ka gagari lanmou libe liben, san patipri, san fristrasyon, men li enpòtan tou filozofi se
yon katalizè ki la bò kote nou anpèmanans baka, pou mennen n al keyi mounite nan branch legzistans, tankou fizisyen fransè Louis Lavelle (l’introduction à l’ontologie, 1951) te di : « L’etre ne cesse de s’offrir
aux existences ». Lòt bagay, nan filozofi (Lavelle) la nou rive wè moun anvan tout bagay se yon èt espirityèl, yon èt tanporalite k ap benyen nan yon libète enfini menm jan ak Bondye lavi a ki se parèy li, epi ki rive pataje ak li tout sa ki defini l. Alòs, pou moun ki se konsekans tèt li osinon rezon sa l ye a espirityèlman, èske lide konfinman an pou li,
pa ta yon etadespri oubyen yon konpòtman ki pwòp ak li piske nanm li toujou ap vire tounen toutan nan yon dinamik vwayaj-ankèt-sans, kote pafwa li rive fè fit tout sa k nan lantouray li ?
Si (Paul Valery) di nan yon sitasyon : « L’homme a inventé le pouvoir
des choses absentes par quoi il s’est rendu puissant et misérable», li p ap yon akizasyon ni yon trak si n ta rive konprann pwoblematik pandemi kowonaviris la, se petèt mannigans feblès sistèm monn lan parapò ak move desizyon gran pisans yo ap pran, nan goumen pou gade tout ekonomi rès monn lan ak richès ti peyi pòv yo, pou yo ka
toujou sèl kòk chante sou planèt tè a. Donk, nan ka fenomèn pandemi kowonaviris la, èske se pa yon gè biyolojik ki deklannche nan mitan gwo pisans yo pou ejemoni monn lan ? Fas ak gwo danje sa, ki repons lasyans kòm pi gwo bousòl moun ta dwe bay ? Nan dinamik konfinman pliryèl, lanmmèd la, èske se pa nan yon pyèj yo rive pran tout entèlektyèl ki asepte l, sou tablo yo reprezante l la ?
Mwen ! gade m ap gade yo
Sanmba w a di m si demen ap dan rachòt …
Pawòl pa m #5/ Kowonaviris : transpòtè yon konfinman lanmmèd
Franzley Valbrun 7
Poète, ekriven
4 Commentaires
Frantzy Martial
April 24, 2020 - 10:21:08 PMJe coule, je ne suis pas capable de nager dans cette océan de connaissance.
Malaba pitit plim
April 24, 2020 - 10:30:55 PMEwa
Jean Dorcély Dede
April 24, 2020 - 11:19:35 PMBon bagay kouzen konpè konsèy
Junior METELLUS
April 25, 2020 - 04:15:06 PMEntèresan