Agase Lesperans, yon patrimwàn pou Lang ak Literati Kreyòl

Agase Lesperans, yon patrimwàn pou Lang ak Literati Kreyòl

Agase Lesperans se premye woman gwo kokennchenn powèt, nouvelis ak womansye ayisyen, Lyonel Trouillot, pibliye nan lang kreyòl (kreyòl ayisyen). Liv sa a se yon twal ki penn ak kout penso powetik otè a ki tranpe nan tout kalte koulè reyalite peyi Dayiti genyen. Agase Lesperans se plis pase yon oksimò. Se twa listwa diferan, men yon desten komen ki pral kwaze sou boulva a. Boulva tout kalte non an.

Nou ka konsidere liv santrannsis paj sa a tankou yon gwo zèv womansye a fè patrimwàn literati kreyòl la. Yon twal nenpòt ti atis pent amatè pa ka oze di l ap mete koulè ak lavi sou li, poutan womansye a fè plis pase sa, ak plis fasilite posib. Yon tèks kote anpil figi estil bay akolad, makonnen, bwase ansanm, kote anpil bagay fèt pou akouche yon rega retwospektif, pwospektif tou, men ki toumante prezan n. Yon imaj senp, klè kou dlo kòk, ki mete alapòte tout moun reyalite ki souvan kache, men tout Ayisyen natif natal fòseman konnen, anndan peyi a. Nan lavi ak egzistans yo tout. Fouk chire oswa gwo palto. Tout je kapab wè ki richès lang manman nou gen ladann atravè figi retorik yo: metafò, oksimò, konparezon, efemis, elatriye. Lyonel Trouillot sèvi ak yo tou pou wete vwal ki bare fas oswa kouvri ademi, pou twòp je pa twò wè, lamizè, soufrans, angwas, fistrasyon, awogans ak ensilt ki pa sispann pran chè nan mitan sosyete a. Kay malerèz menmjan kay gwo zouzoun.

Twa egzistans diferan men ki rapwoche pou bay yon desten, fatidik kanmenm men ki komen, ki senbolize sa k Ayiti a, bataklan sa a. Liv sa a se tankou yon esè kritik, yon kri k ap monte, san li pa pèdi fòs, k ap fè, k ap kontinye fè eko. Men tou, li se yon pinga. Yon kout raso. Yon demaske pou tout gwo lyon ki mete po ti mouton yo, pou tout mouton yo pran pou kabrit. « Pòtoprens se yon vil kote tout moun sou blòf. Kantamwa, swadizan, si m te m ta, aparans verite ranplase verite. Pòtoprens, se yon vil tout jwèt tout kondisyon. Moun pa mache san mas ». Kidonk womansye a ap chache wete move zèb ki pouse sou tout bon bout teren kote laparans ap jwe kwen, aladefansiv, pou sote mach nan echèl sosyal la. Nan chak liy, Lyonel aprann nou kisa k ayisyen an. Kisa k Pòtoprens la. Kisa k nèg anwo. Kisa k nèg anba a. Ki konpleksite ki devlope. Ki pwen komen tou. Agase Lesperans, se yon chita pale, yon tablewonn ak tout sitwayen responsab.

Twa egzistans ki pa gen anyen pou wè youn ak lòt. Twa fanm. Touletwa pote mak lavi, nan yon fason oubyen nan yon lòt, nan kè yo, nan lespri yo, nan nanm yo. Yo chak aprann sipòte lavi nan fason pa yo. Yon granmoun, tirèz kont, ki pase vi li nan mache rakonte listwa toupatou, li te menm arive fè prezidan repiblik la, ki ta sanble posede tout bagay, plezi ak sèl eritaj granparan l yo te kite pou li a. Yon jennfi dizuitan, malgre tout richès, etid ak frekantasyon l, ki pa rive konn ki direksyon pou l pran ak lavi l. Yon jenn fanm ki pase tout vi l nan bouske lavi pami mò yo, pou l mete yon vivan sou chimen lavi, sou chimen libète. Touletwa pase vi yo nan touman enteryè sa. Agase Lesperans, Valeri, Jowàn. Twa non. Twa fanm. Yon sèl fen. Sou boulva ki oblije w kouri lè w wè moun ap kouri tou. Boulva ki pi pwòch simityè pase matènite. Boulva kote Jezi ki renmen w la, nan dyòl fidèl fou li yo, pa sispann kalomnye w, jije w sou aparans ou. Boulva kote se sou mak ou, defo w yo mezire valè w. Boulva kòlè desann nan pye. Yon boulva alarive machin, machin paka kenbe m! Boulva pile pye. Boulva mache prese. Boulva foumi fou. Boulva dyab melanje ak bon mas. Boulva ki pa Montay Nwa. Boulva Janjak Desalin.

Share

Duméus C Dalton 14

Le journalisme, ma passion !

Laisser un commentaire

0 Commentaires