Edisyon « Encre Noire » se yon edisyon tou nèf yon gwoup jèn fanm ak jèn gason mete kanpe nan kad pwomosyon ak vilgarizasyon pou literati a ann Ayiti.
Yon edisyon ki tabli kò l, (k ap taye banda) nan depatman Latibonit, pou plis presizyon nan komin Vèrèt, vil ansyen prezidan (Léon Dumarsais Estimé) a. Yon vil ki pote mak fabrik literati sou do l, ak yon pleyad bèl aktivite literè wòdpòte soti depi nan « Festival du livre, (CLAC) pase nan Verrettes à la découverte du livre » pou rive jou nan « Foire Périphrase » pou n site sa yo sèlman kote yon latriye zèv enstale yo kòtakòt pou bote lavi ka degoute sou bouch tout tizè nan zòn nan. Nan sans sa a, inisyatè "Encre noire" te twouve l nesesè, si gen anpil « Foire » k ap donnen, dwe genyen yon edisyon pou simen bon zèv ak bèl pawoli djougan, bèl kout plim maton pou kreye yon espas pou jenès la ki gen koze pa li pou l pale ka pale tou.
Edisyon « Encre Noire » pibliye zèv li yo nan tou de lang peyi Dayiti yo : kreyòl ak fransè, e l ap pibliye zèv otè k ap viv ann Ayiti tankou aletranje san okenn diskriminasyon men, zèv yo dwe kadre ak liy editoryal edisyon an avantou. Nan yon ti tan tou kout edisyon an ap pibliye ofisyèlman twa (3) zèv powetik ki se : DO-RE-MI nan lanvè lavi (Guten Rachad Jean-Baptiste), Kri Farinay (Enèl Darelus) ak Toubote Lakansyèl (Phanito Cherilien).
- DO-RE-MI nan lanvè lavi, se yon pwezi mizik kote Guten, (otè a) pentire rèv nou, pou pote bon jan kontantman lakay nou. Li penn yon latriye tablo sosyal k ap brase bil sosyete a, pou fè jou yo kouri pi byen. Se yon chedèv anplis nan literati kreyòl la.
- Nan Kri Farinay la, Enèl trase yon pakèt bèl imaj pou pale sou yon dal reyalite wòdpòte pa bò isit. Li depoze yon latriye pawoli wololoy sou pwent lang nou pou voye n nan setyèm syèl.
- Toubote Lakansyèl fè n danse san mizik. Yon dans tanbou batan k ap frape sou krepsòl ki fè n make pa sou plas san gade dèyè. Fanito se yon powèt limyè, ki pa janm sispann mete limyè l sou nou, pou fè n wè klè.
Edisyon « Encre Noire » se pa n, kite l klere chimen n!
7 Commentaires
Brousseau Volcius
March 22, 2022 - 11:22:00 PMMwen apresye travay la, mwen swete staff edisyon an siksè.
Collin Robenson
March 23, 2022 - 12:09:45 AMBravo ti mesye, c yon trè bèl inisiyativ.
Journaliste Duvelsaint Bernitho
March 23, 2022 - 12:57:02 AMBon konba kamarad mw yo travay poun bay la kilti Jaret sou tout teritwa a
Bazil Fedjyrod
March 23, 2022 - 01:10:18 AMSe toujou yon kokenn chenn plezi pou mwen lè map gade bèl travay jèn nan peyim ap fè ak literati, mwen renmen liv, men mwen plis renmen lè map li nan yon liv vivan!
Roselinenoel4
March 23, 2022 - 08:04:10 AMMoun tankou nou yo pa fasil pou jwenn. M felisite nou pou bèl travay sa.
Cedule Emmanuel
March 24, 2022 - 06:51:26 PMMw santim kontan poum tande kalite jènn sa yo ki vle pran Yon gran demach pou voye kilti ak ekriti monte anndan Yon peyi kote tout jènn vle kouri sans konn li pou Al chache la vie pandan nou gen liv pou nou reveye ak kreye kilti.
Pandan nap kouri dèyè lajan nou bliye e konplètman bliye ke se lide ki mennen monde l'an
Antouka kourag kamarad mw sa yo
One love Gutten R. Jn Baptiste.
Enel DARELUS
June 07, 2022 - 12:30:30 AMN ap pouse