Si w te kanpe, chita! Malaba pitit plim vin rakonte n yon istwa ki va louvri je n sou kòman eleksyon fèt nan peyi nou. Piblikasyon sila antre nan ribrik "Kreyòl nou ye". Ribrik sa ap kontinye pandan tout mwa oktòb la. Ann li.
Se pa de twa payèt lespri m pa bay nan dans douvanjou, anvan m resi rive depoze lapat sou yon bann mo wòdpòte ki t ap defile nan terasman lavi. Mwen kole tout vèb ak vokabilè ki anndan vant lodyans lan ak lèt kandelam pou yo ka kanpe tennfas san pwennfepa pou fredone chan revolisyon sou batman kè nou chak.
Depi lè m te konn ap kouri pye atè san kanson nan jwèt lago kache. M tande Depite, Senatè, Prezidan ap pale de eleksyon demokratik nan radyo. Sa fè tout lajounen tout lannuit mo sa a pran valkande bay kalinda jwe jon nan tout kafou ki andedan kòkòlòs tèt mwen.
Lè m koumanse ap keyi grap bon konprann pa bann ak pakèt nan jaden lakonesans. Mwen wè aklè se eleksyon tèt bòchèt, eleksyon machòkèt, eleksyon tèt gridap, eleksyon aloufa, eleksyon madigra, eleksyon pèpè, eleksyon grenn senk, eleksyon danrachòt...
Bon, kite m rakonte nou yon istwa ki pase tou avanyè la a. Lè sa a m te apèn gen diswit rekòt kafe sou zo bwa tèt mwen.
Nou wè eleksyon sa m pral pale nou de li a la a. Li te chaje ak kandida. Kandida fè mikalaw kouwè lè bann rara latibonit pral kase fèy jou vandredi sen. Si memwa m pa fè m defo m ap sonje te genyen 54 kandida alaprezidans.
Nan moman kanpay la, pawòl kandida sikile nan zòrèy tankou boul malatchong. Pawòl sipotadin, pawòl siwolin, pawòl soulay, pawòl van, pawòl kann, pawòl dous pou chavire bonnèt. Depi jounen an louvri pye l byen laj bay solèy rantre nan fouk li, se konsa sa ye!
M p ap kache di nou sa. M ap dòmi mwen wè m ap vote. Lè je m kale, m pa mande pèsonn ki boul rèv sila a bay nan tchala. Pou yo pa mande m ki kandida m te wè m ap vote nan rèv la. Paske grenn vòt mwen chita nan fon kè m.
Ebyen nan jou vòt la. Mwen leve byen bonè, bajou pa t menm ko kase. M pike monte m al estasyone m nan tèt fò lakrètapyèwo. M ap kontanple latibonit k ap dodomeya nan pye mòn nan. Se te yon gwo jou dimanch syèl te gentan louvri 2 bra l pou l ranmase priyè pote bay bondje.
An apre, mwen vin sonje m pral vote. M kouri sou pwent pye tankou lè timoun ap fè jwèt alarive. M kouri, m kouri jouk m rive lakay mwen. M pran dlo m benyen, m met ti rad mwen sou mwen. M fre kon kola15. M foure kat elektoral mwen nan bouda pòch mwen epi m plonje pou sant vòt" Madame Pajot" se la non m soti. M pa konn nan ki biwo sèlman.
19 Commentaires
Dav'art
October 15, 2020 - 02:02:39 PMMalaba pitit plim,Pawòl ou yo tèlman fò,mwen rete kwè chak grenn moun ki va li yo ap konprann diyite se poto mitan ki kapab derasinen San sal ,tèt flit nan pa bò isit.
Chapo !
Chérilus chednel
October 16, 2020 - 12:19:18 PMLes écrits sont des médicaments donnés aux extremistes
Dieubel auguste
October 16, 2020 - 01:02:26 PMFelisitasyon
DARELUS Enel ti nèg modi a
October 16, 2020 - 09:49:59 PMEwa zanmitay
Ylerdieu pierrot
October 17, 2020 - 10:31:08 AMBravo zanmitay
Olivier Cardozo JEUDIMÉ
October 17, 2020 - 12:27:13 PMEwa kanmarad mwen se rive a tout fòs
Amicoeur Elucia papouloute
October 17, 2020 - 06:15:26 PMMalaba Pitit Plim zanmitay pa m chak fwa mw li teks ou yo mw santi gen yon bagay kap naje andann ke m ki pouse ale lwen pou m chahce diyite m tankou moun .
Mesi zanmitay pike pou pi devan.
Nonomme yvenel
October 18, 2020 - 07:00:57 PMBon travay malaba pitit plim
Dieubel auguste
October 19, 2020 - 11:37:02 PMOu valide powèt oam
Stanley CHARLES
October 20, 2020 - 02:50:22 AMMalaba Pitit Plim
Kontinye travay Ti Frè
Eva !
Stanley CHARLES
October 20, 2020 - 02:50:28 AMMalaba Pitit Plim
Kontinye travay Ti Frè
Eva !
Joseph Fedler
November 15, 2020 - 10:26:44 PMSe yon bon travay , pou m di nou en vrè se yon meyè travay map gade la , m swete w bon Konba malaba pitit plim .
Zizou
March 18, 2021 - 08:46:16 PMBon bagay
NORMEUS John Kemberly di Kember flo
March 18, 2021 - 08:53:15 PMAmwalaye zanmitay,bèl kout plim
Albert William
March 18, 2021 - 10:04:17 PMBon travay Malaba. Lespri tèks la dekri aklè reyalite pratik eleksyon nan peyi an nou. Eksperyans ou an dwe sèvi yon modèl pou tout jèn ki nan menm jenerasyon ak nou.
Kontinye konsa kanmarad! Bon konba!
Ercirena
March 18, 2021 - 10:06:33 PMBon travay Malaga,menmsi peyi nou an pa fin konn enpotans resous sa yo
Malaba Pitit Plim
March 19, 2021 - 12:42:03 AMMèsi zanmitay mwen yo.
NORESTIL Vana
March 19, 2021 - 01:23:38 PMBonne continuité mon poète !????????????????????
Marc André SIMEUS
March 19, 2021 - 05:05:03 PMMo w yo g on jan yo woule nan lespri m, se wololoy!
Se vwa m ap tann vye nèg!
Bon zenzenn