Ensekirite, yon rekèy nouvèl ekriven Dédé Dorcély ki se miwa yon sosyete frajilize

Ensekirite, yon rekèy nouvèl ekriven Dédé Dorcély ki se miwa yon sosyete frajilize

JEAN Dorcély Dédé se yon pleziyis atizay, yon fèzèdkont literè tankou tout lòt gwo djòl alèlè nan liv yo. Depi nan lane 1996 yo, grandèt la retounen nan peyi l epi tchoula kò li Santo nan zòn Laplèn kote li moun natif natal. Li se pent, aktè, ekriven, powèt, manm sosyete koukouy nan tout monn nan, li se tou fondatè branch koukouy Ayiti a. kidonk, nan pwezi kreyòl ayisyen an, si w ta tande yo site non on jan powetik ki rele zwing… san pèdi tan ou mèt lonmen non mesye sa, piske selon gran tripòt literè yo se Sanmba dédé ki pi maton nan ekri zwing. Bon ! Koze pa nou an nan papye sa a pa la ditou, men li nan "Ensekirite" yon rekèy nouvèl ki soti nan kòtòf plim ekriven an ki se miwa on tan luijanboje, yon tan kote lamizè te toujou anflèf nan fè kadejak sou mounite moun pa bò isit. Yon tan kote sosyete ayisyèn nan frajilize, ou ta ka menm di sanse chak moun nan peyi a ap frite ak tout ti sèkèy yo anba zèsèl yo. Nan sans sa a, ann gade lamayòt reyalite otè a ap penn nan rekèy la ?

Ensekirite, yon rekèy nouvèl ekriven Dédé Dorcély ki se miwa yon sosyete frajilize

Alaverite, rekèy la gen douz istwa k ap delire delira ladan l ki sanble tèt koupe ak lavi nou nan sosyete a, tankou : Potui, Ewo Awonntino, Lisyen, Dyèskòm, Nan mitan yo, Mwenmenm, Gazolin, Erik Jezikri, Pyelejè, Dezyèm mitan, Fatra, Koukouy Fridja. Li klè , nan liv la se sa otè a viv ak sa l tande li rakonte. Se pa yon bouyi vide. Se yon po pouri koze santi di, koze malouk ak koze malè pandje ki kwoke sou tèt peyi a. Lè nou louvri pòt premye istwa a ki se Potui nou rive wè kare bare on koze tristès k ap pale, tristès on peyi, on jenerasyon manfouben ki san memwa. Anfèt, se la koze pa nou an koumanse menm. Nan lane 1994 yo, lò marin tonton Sam yo te foule sòl peyi papa desalin nan, e fwa sa se te sou demann pwòp pitit tè a pou mete men sou pouvwa. Marin yo menm te debake ak gwo zam fann fwa yo pou vin imilye lamedayiti ki t ape desann kanson yo nan figi pèp la depi depi. Debakman sa a te gen yon sèjan meriken 28 an, orijin ayisyen, ki te kite peyi a depi l te tikatkat, paske se te yon bon samariten ki te sevre l nan tete manman l pou te ka sove lavi li anba move tan peyi dAyiti. Konsa, misye te vin rive pèdi rasin li, li pa te konnen ni manman l, ni papa l, ni okenn fanmi li afòs li te kite peyi a depi lò li te tibebe. E tousuit tou moun kite pati avèk li a te vin tonbe mouri, se sou pwoteksyon lòt moun ki te ede l vin sòlda nan peyi Etazini. Kidonk, kouman misye te vin fè nan twoup sòlda kite la pou debakman an ? ki sa k te vin rive ak prezans li pami ekip okipan yo ?

Selon naratè a nan tèks la, tout kote misye pase, li jwenn moun di l se ayisyen. Sa te vin fè l frekante ayisyen anpil nan peyi blan an, e li te vin aprann pale kreyòl tou ki se lang manman l ak espwa pou li retounen al chache rasin li yon jou. Koz sa k fè, Misye te vin santi l ap viv san fanmi, li te twouve sa pa nòmal pou li, sa toujou toumante l, boulvèse l. Koze sa te fè Sèjan an twò kontan fè pati ven mil twoup marin ki te vin okipe Ayiti nan epòk sa. Madanm ! mouche ! koze mande chèz ! Lò Sèjan an debake a se nan kapital pòtoprens. Kidonk, pandan sèjan an te nan kazèn pòtoprens, lè sa se nan mwa Me, pwemye Me se fèt travay, dizuit se fèt drapo epi apre se fèt manman. Nou te manke senk jou pou dizuit Me te rive ; yon ti machann t ap pwomenen drapo ble e wouj peyi li ki imilye anba lokipasyon. Konsa, sèjan okipan an te nan lari a, ap obsève ale vini moun yo nan pòtoprens, men li te toujou kwè nan tèt li siyati l ka ede l twouve fanmi l. Se konsa, menm moman an timachann drapo vin ap pase ak plizyè drapo nan men l ap ofri moun. Gen ayisyen ki gade l ak repiyans pou tèt l ap vann yon drapo ki imilye. Pou otè a, sa se pou sa ki konprann, men pa pou tandòt, se ki mele yo sa !

Pilwen, sèjan an nan yon kreyòl lou te vin rive kase lapawòl ak timachann nan, mande l ki pri li vann ti drapo a? Manmzèl te sezi tande blan nwa a k ap pale kreyòl ayisyen an. Lò, manmzèl di l pri a, Sèjan an wè se pa on komès ki rapòte twòp. Sèjan an di l:

_ poukisa se komès sa w fè?
_ li reponn, pito se li mwen fè pase m vòlè, sa m ap fè a pa dezonè.
Sa te touche kè sèjan an pou l te mande l kijan l rele.
_ Li reponn sèjan an, mwen rele Pola Jan.

Mezanmi, non timachann te manke rete kè sèjan an. Men, kòm li se militè ki abitye al nan lagè chen manje chen, li bije konfòme l menm moman an. Piske se konesans k ap fèt. Pola menm pral pran sezisman pa li tou, li mande sèjan an non pa l.
Sèjan an gade Pola li di l:
- Mwen se Sèjan Jan Soufran…

Woy ! Pola anba sezisman an tonbe tresayi nan tout kò l, kò li tonbe fè chèdepoul paske manman l te toujou rakonte l istwa frè l Jan Soufran, yon moun te pati avè l, mennen l nan peyi etranje depi l te tibebe. Enben, kwazman pawòl sa te vin pa fè Sèjan Jan Soufran kwè li anfas fanmi l, lapwovidans mete sou wout li jan sa te rakonte a. Mesyedam, on grenn kou 2 pye Pola vin lou, dlo ap ponpe nan je l san rete. Mesye lesan apèl lesan ! Pou li se bondje lavi a ki voye jan ba yo an Ayiti. Konsa 2 moun yo fin pale, yo pran randevou, pou sèjan an ka al wè manman l li pa t gentan rekonèt la. Sèjan an bay Pola 100 dola pou li ale, epi di moun yo li te bare ak li. Se konsa sèjan an te vin rive debake nan Site Solèy ak de lòt sòlda nan yon djip, al wè manman l. Lè li te rive li te tonbe kriye jan l te wè moun yo , jan li te wè manman l te enstale sou yon divan, tòsni, 2 tete l tounen 2 potui blayi desann sou lestomak li, prèske pa gen kò ankò ; se zo ak po, piske li te fè tansyon tou...

Mezanmi lasosyete, kisa menm otè a vle fè n wè osnon retni nan travay li a? ki ideyoloji politik vijilans li ap dezabiye, avili lè li chwazi charye reyalite kri sa yo pote bannou?

Lè nou antre nan pwofondè istwa yo, san twò jimnasti nou wè tout istwa yo se kontinuite lòt, tout koze yo se konplisite lòt. Se yon koze ensekirite k ap pale. Yon ensekirite manch long sou tout fòm. Pou otè a nan travay la, koze ensekirite a pa vini Jodi a, li te la avan yè, li te la yè, menm limenm nan toujou la jodi a. Se pa yon koze kremòl, se yon koze djougan k ap pale la, ann kite bon sans nou banmboula boulaye konpleksite pawòl la. Men avan tou ann poze tèt nou yon ti keksyon, kouman fè pratik moun k ap pati ak timoun moun nan sosyete ayisyèn nan te fè egziste?

Selon sa naratè a vle montre nou nan tèks la, se te toujou dinamik politik agranman sizawèl la ki anjandre fenomèn sa. Lamayòt fridòdòy yon sistèm politik pòskolonyalis pou rive jodi jou nan neyokolonyalis. Kote tout mannigans gouvènman yo se pou plen pòch yo. Kidonk, zafè pou regle koze grangou nan vant, koze lekòl, koze sante, koze lojman, koze elektrisite ak koze wout pou tout moun nan te toujou on bagay anlè, on langay bèbè. Sa ki lakòz koze ensekite alimantè a te rive bay plis traka lakay moun yo, se menm koze sa selon naratè a ki te vin fè yon pwochen te rive wete Jan Soufran nan tete manman l, pati avè l pou pezi Etazini kote pral vin devni yon lòt bagay ki pa sanble bagay pa nou.

Kisa sèjan Jan Soufran devni menm ? Ki konsekans devnite l la genyen pou lavni peyi a ?

Li klè nan tèks la, kòm lè pwochen ki te pati ak tijennonm nan te rive ak li Etazini, li pa t pran anpil tan pou l te lage pye l, paske gen yon mouche ki frekan anpil yo rele lanmò, konsa yo di ki te bò kote pwochen an. Kidikonk, se sou pwoteksyon yon lòt vèditè li grandi e ki fè l vin entegre lame blan meriken jouktan l vin sèjan nan lame a. Konsa an 1994, nan twoup lokipan ki te debake nan peyi dAyiti yo , pitit peyi a te vin okipe peyi l. Nan ka sa mezanmi, èske koze ensekirite a pa yon malè pandje pou peyi a? Menm timoun lèt poko sot nan nen lan konnen, yon manman ak yon papa ki paka bay kay li manje paka gen kontwòl fanmi li. Koulin ki koupe branch monben bay kabrit la se li k rache l. Mezanmi pa gen sekrè nan fè kola, otè a montre sa klè nan travay li a, depi w pa gen kontwòl plant ensekirite alimantè a nan jaden w, kanmenm w ap rekòlte ensekirite politik.

Men, nan moman lokipan yo t ap boloze nan vil pòtopren lan, timadanm ki t ap pwonmennen ti drapo yo, kisa jès sa tradui menm ?

Mezanmi selon naratè a, nan moman lokipan yo te debake nan peyi a, se te nan epòk fèt drapo ta pral rive, kidonk sekonsa Pola Jan limenm ki t ap pwenmennen ti drapo ta pral kontre ak sèjan Jan Soufran ki se frè l. Men èske tou jès vann drapo Pola a pa ta yon mwayen kominikasyon pou di blan lokipan yo konsa, nou gen yon tè, nou gen yon drapo, nou fout granmoun lakay nou ? Nan tout peyi kote gen moun ki bay tèt yo pou libète jèmen, pou fè rèv larepiblik tounen yon reyalite douvan labrindiswa, tout zouti fèt pou pale, pale koze ki jis. Enben se nan dinamik sa, naratè a prezante nou Pola k ap fè drapo l pale nan yon moman ki te si difisil, nan yon moman kote limanite nan peyi dAyiti te kidnape. Jodi jou li toujou kidnape. Menm lè gen sila ki pa t wè jès vann drapo li a kòm yon bon jès piske lokipasyon an yon kote se on desepsyon pou drapo a, men si drapo a atravè yon pitit peyi a rive resiste kanpe tennfas nan figi lokipan yo sa pa plimal. Alòs, nou kwè travay sa se yon travay djougan. Sosyete a ta ka gade tèt li nan miwa ensekirite desis kole Dédé Dorcély dekri yo ki pòtre kon degout dlo ak lavi sosyete ayisyèn nan ki frajilize jouk nan zo. Sajman, sèl sa nou ta ka espere si posib, kòm sèjan an fè on pwomès ak fanmi l, e fanmi an tou swete l pa pase anba pye figye a pou l pa bliye yo menmjan ak anpil lòt ayisyen, nou swete naratè a panse suit la.

O ! Ayiti cheri, ou menm vye potui ki bay lavi enèji, kilè enèji yo ap sispann tounen kont ou…

Share

Franzley Valbrun 7

Poète, ekriven

Laisser un commentaire

0 Commentaires