Etrèn

Etrèn

Savalouwe tout moun, tout bizawèl, tout tatawèl, tout fanmi, zanmi, ras, tokay ak vye sò. Malaba pitit plim ranmase yon krèy mo wòdpòte ki t ap valkande sou twotwa lekzistans. Li pote yo nan kèk kout plim pou vin pentire vizaj nou ak lajwa.


De janvye pral mete pye. Tout ri, tout riyèl, tout blòk, tout katye, tout zòn, tout vil lote plezi. Plezi 2 pou 5. 3 pou 15. 4 pou 25. Plezi fè galmatcha. Granmoun kou timoun ap bwote plezi pa gode, pa mamit, pa barik.Y al pran plezi tout kote. Anba peristil, nan legliz, nan sant kiltirèl, nan ti sourit...Kote plezi a ye, se la yo prale.


Nan moman sa yo sant bèlte gaye anba tounen chak vil ki plòtonnen nan zokòt peyi a. Tout kay rat mouri. Kay sitwonèl, tout ap pwòpte. Vye divan klopi klopan, kabann kat pikèt, kabann an fè, tout ap kouvri ak bèl dra, bèl lenn, bèl dòmi dous k ap anbeli rèv nan mitan lannuit.


Lè 31 Desanm rive menm, mache dipi pa gen kote pou pike zepeng. Mache a vètomi. Moun fou, moun tèt drèt, moun mouri ki leve, moun save, moun deregle tout, kalte moun ap frape ansanm. Men pifò nan moun sa yo se machann joumou.


Soup joumou wa gou pa w!

Kòmdabitid, anvan premye janvye rantre. M toujou lave vant mwen byen lave. Se pa ak savon, klowòks, fab, digo non! Pou m byen di nou, m pa manje manje ki lou . Ti manje lejè. Pou m ka mache bwè soup kay vwazinaj, kay tonton, matant, kouzen, kouzin, kay parenn ak marenn mwen. Se pa visye, saf, devoran, aloufa m ye non! Se konsa grandèt nan lakou lakay mwen montre m selebre endepandans peyi m nan kè kontan griyen dan. Se yon jès patriyotik ki fè lanmou triyonfe nan kè Desalin, Makandal, Peral, Manno Chalmay, Kastra, Jan Dominik, Jak Wòch...


Premye janvye sa m pral pale nou de li a la, se te yon gwo jou dimanch. Yon jou anmè kou fyèl. Yon siwo myèl. Yon jou lalwa. Yon jou alsiyis. On dous, on cho. On lo vyann, on lo zo. M fin bwè kont joumou m. Vant mwen won kon balon djaboulani k fèk dekachte, detire pi mal ke vant zotobre a babin ki gaspiye lajan petwo karibe nan manje pwason bò lanmè.


Anba yon solèy pwa senkant kote swè ap soti nan rèl do m pase desann nan fant bouda m. Rad mwen mouye tranp. M ap mache di moun "Bon konba". Depi milan, santan, grann mwen t aprann mwen lavi Ayiti se grenn nan bouda rat pa kaka. Se sa k fè m pa janm di moun "Bon Lane". M viwonen bouk la kouwè bakòp zo reken k ap fè patwouy. Apresa m retounen lakay mwen.


Lè solèy la fin dekrase mezi kras pipi kite nan kòd grenn li nan tèt kretyen vivan. M abiye m byen bòzò. M fre kou fèy bwa me. Tchyas nan tèt mwen klere pase plim kolasòt. M fè yon bèl koup nan tèt mwen. Se pa "Koup dimonn"," Kopamerika", "Koup dewòp" non! Se modèl bòs fè nan cheve. Yon koup ki rele kouvèt chodyè. M te tou akonpanye l ak yon sin boudjou. Lè m pran lari a, m ap monte ti do m chanje mach kouwè tibredjenn ki pral blofe limenna. Gen yon grandèt ki rete nan zòn nan ki rele abou, Bòs Abou. Se youn nan pi gwo bòs ebenis Tirivyè latibonit genyen. Pa gen timoun ki fèt sou katye a pou Bòs Abou pa ba yo ti non jwèt. Genyen li rele Kakabwa, Pwèlfina,Tètkapèt, Rachepwèl,... Li gen non pou tout. M t ap bliye di nou sa, laj fè tiyon sou zo bwa tèt Bòs Abou. Nèg respè.


Sa nou kwè l di m lè m parèt ak koup la!


_ Ooo, Tikòk! Sa w fè nan tèt ou la a?
_ M pa fè anyen non Bòs bou.
_ Mesye, ou pa nan pwèl pent!
...
_ Manzè Tani pa ko wè w?
_ Manman m pa la,non!
_ Si m te ou, m t ap al retire l wi. Janm konn manman w pa jwe ak ou. Si pwèl ou pat swa, ou pa t ap fè bagay sa a nan tèt ou.


M siveye l. M fè twa pa pou m al chita sou rasin tamaren an kot nèg yo. Men nan janm wè nèg yo sispèk tankou se chen k pete legliz la, m oblije kanpe drèt kon ti estati nan repozwa kay gwo zouzoun. Len ap gade lòt y ap ri. Gen youn ki di: "woy gad on benezwèl". Gen yon lòt menm ki di: "Jodi a se fèt li, li fre konsa a. Bon, lekòl li te fè fèt li pa t ale, li t ap tann premye janvye pou l abiye. Apa s on Tijanvye misye te ye! ".
M wont. Nèg yo banm tout koulè fawouch nan jou a. Fawouch nwa, fawouch blan, fawouch ble... M p ap kache di nou sa, mwen wè disèt koulè lakansyèl. Se kont pou m ta f on sèl kout sanm touye tèt mwen.


_ Tijanvye
_ Pa rale rad mwen
_ Gwo soulye
_ M di nou non!

M tire yon bannan masòk dèyè youn. Li koule. Mwen sot tonbe sou fas, bip. Moun ki t ap pase tonbe ri m. Malgre sa m pa kriye. M kenbe kè. Men, m wont. M ranmase so a epi m leve m siye kò m.

Chans pou mwen. Mwen wè Rozi Flè Kayimit ap defile desann nan kafou madan Simon, sou ri Pòl Ejèn Maglwa. Mwen pete sèl yon boulin kouri kòmsi m ta di nou m pase tout senk vitès ki andedan vant mwen an. M al soti nan djòl koridò madan Bètran. M estasyone m an bon jènjan, an bon blòdè, an bon bredjenn, an bon matcho de ti menm foure nan pòch mwen. M ap konte koze nan lespri m. M ap priye nan kè m. Paske bote Rozi se blokis bonnaj mwen toujou pè travèse. Bote l pa nan soustraksyon ni adisyon se miltipliye bote ap miltipliye chak jou bondje foure nan almanak lavi. Manmzèl twò bèl. Je lalin. Dan koton. Tete doubout. Fanm nan won se pa on zoratmawon. M ap file l byen lontan. Tikonmkonm pa t menm ko mande bondje pou l goumen ak manzè Berejèn. Li banm bò wi. M pa konn si se filmòl l ap banm.Mwen wè l ap vini an souriyan, an chantan. Mwen resevwa l andansan.


"Mwen leve dimanch maten m ale legliz
Mwen rankontre detwa ti mesye, mwen di yo bonjou.
Mwen di ayayay cheri m ta f on tibo.
Tibo rale mouchwa siperyè l li siye figi m.
Lè ma rive sou tèt nasyonal kiyès ma rele..."


Rozi kouri vin vole sou mwen. Mwen kontan. S on bagay m t ap chache anlè m jwenn li atè. M santi m nan bouyon rejwisans mwen. Mwen pran sanm. M keyi yon banm ti mo dous nan jaden pwezi lage nan zòrèy li. Li kontan. Li tou banm pwèv. Si w ta wè janm lonje djòl mwen pou tibo a pa sot tonbe. M tèlman kontan mwen vole anlè kouwè lè Christiano Ronaldo fè twa gòl nan yon sèl match. Nou planifye pou n al fè ti benyen nan plaj "l 'ester beach" nan menm jou a. Pou n al goute dousè lavi anba lakay. Nou separe. Li fè agoch. Mwen menm, m fè adwat.

Lè m rive lakay mwen. Manman m desann chalè kè kontan an pou mwen ak yon woulo chaplèt. Poutèt m fè koup nan tèt mwen. M Oblije kouri ak tout rèl la pandje nan bouch mwen pou m al jwenn yon bòs kale tèt mwen. Bòs la banm yon ekip ti siyal, yon ekip ti limyè wouj pou m jwenn vire nan kafou byen alèz.

Ann apre. M al kay marenn mwen Mirèy. Lè m rive. Marenn mwen byen kontan resevwa m.

_ Bonswa Marenn
_Bonswa fiyèl
_ E pa w bo marenn ou, fè ti ba pou marenn ou
_ Mmmmmmmm
_ Gad jan fiyèl mwen fin fè gwo gason!
_ Ki laj ou kounya fiyèl ?
_ 16 zan, marenn!


Depi tan sa n ap pale a. Marenn mwen lage m nan yon plat soup kote bannann ak tayo ap koule leve san rete. Lè m prale. Li banm 25 goud ak 2 gode pwa kòm etrèn.

Share

Malaba Pitit plim 2

Powèt, Lodyansè

Laisser un commentaire

11 Commentaires

  • Loubens pierrot

    July 18, 2020 - 12:39:39 AM

    Bon bagay zantray

  • Malaba pitit plim

    July 18, 2020 - 12:48:33 AM

    Yon ponyen lanmou pou ou zantray

  • Kember Flo Sage

    July 18, 2020 - 02:24:27 PM

    Ayibobo kamarad

  • Roodly Grandizè

    July 22, 2020 - 04:53:14 PM

    Yon lodyansye kap dekwoke mèsi fèy mo ki kache nan tant janm pye bwa pou montre W se pa lakansyèl sèl ki gen koulè men chak lè nou woule lang nou chak lè nou vire men nou se malè bon travay zantray

  • Roodly Grandizè

    July 22, 2020 - 04:55:42 PM

    Yon lodyansye kap dekwoke mezi fèy mo ki kache nan fant janm pye bwa pou montre W se pa lakansyèl sèl ki gen koulè men chak lè nou woule lang nou chak lè nou vire men nou se malè bon travay zantray

  • Malaba pitit plim

    July 25, 2020 - 06:27:39 PM

    Ewa zanmitay mwen yo

  • Marc Andre MAS Ma

    July 26, 2020 - 02:44:03 AM

    Ayibobo Malaba

  • Bon travail malaba .

    September 06, 2020 - 03:14:55 AM

    Kntinye konsa

  • Danesse Morneus

    September 06, 2020 - 02:58:09 PM

    Anpil love ,kenbe la

  • Dieubel auguste

    September 27, 2020 - 12:29:17 AM

    Powèt pam yon gwo tonton bigòp pou ou .

  • Olivier Cardozo JEUDIMÉ

    September 28, 2020 - 12:49:34 PM

    Ewa vye frè Zanmirant mwen