Très tôt ce matin
Le soleil et les nuages
Qui s’amoncellent
Dans le ciel
Jouent à cache cache
Exténué par ce lago
Il est parti se reposer
Un vent glacial de la mer
Monte vers les collines
Annonçant une pluie imminente.
La pluie caresse violemment le sol
Il s’échappe du bitume une vapeur
Qui rappelle la fumée s’exhalant
De l’estomac des fumeurs.
Sous chanmas la bèl machin
Vit fè nwa klere kou lannwit
Gwo zouzoun yo koumanse file
Monte ak tout boulin nan mòn
Kalvè, Pèleren ak kenskòf
Yo di abitan pa mize lavil
Gran nèg pa rete nan lari ta
Lè lapli ap tonbe
Se malere ki nan pasay
Malere pa chen
Nan peyi isit se tou kòm
Lapli a ap lave figi Pòtoprens
Ann di li ta dwe fè sa
Men fatra gentan
Fè kenken tout kote
Genyen yon pakèt timoun
Sire tankou peny ti dan
Ki anpile kò yo
Anba sa k rete nan Kyòs la
Genyen kèk anba treto
Ak kèk mòso katon
K ap pare lapli
Lapli a tonbe kòmsi
Se ta dènye fwa
Li bwote anpil fatra
Ki rive douvan Palè,
Antre nan Palè
Tout lakou Palè a se fatra
Lapli a resi fin tonbe
Timoun yo kouche atè a
Ki fre tankou bouda ti bebe
Y ap boloze nan siman an
Fredi a ap bat yo
Yo makònen youn ak lòt
Timoun yo sal
Pandan tan sa a
Gen gwo chèf
Ki pran plezi tire
Sou etidyan
Ak boule lekòl nòmal
Bòt fere pitit brasa wouj
Yo touye moun
Nan peyi isit tankou se mouch
Il pleut du sang sur mon pays. La rivière qui coule emportant des cadavres à n’en plus finir, a atteint les portes du palais présidentiel. Que vaut la vie d’un être humain dans ce pays? Les bien-pensants refusent de jeter un seul regard en direction enfants des rues.
Timoun jodi
Granmoun demen.
Yo nan soufrans
Lavi yo pa genyen enpòtans
Yo ka remèt peyi demen a sa peyi a ba yo
Jodi a
Li di zè nan maten timoun yo ap woule toujou sou beton an
Y ap dòmi komsi yo te lakay yo
Yo lakay yo
Lari a se salon pèp la
Timoun sa yo sòti nan zantray pèp la
Alòs Yo lakay yo
Finalman vè midi
Lè solèy la koumanse
Boule po yo
Gen kèk ki leve chita
Pase men nan figi yo
Detire
Epi lavi pou jounen an derape
Mezanmi èske moun ka kontinye
Viv konsa?
Èske sa a se yon vi
Peyi a vòlò lavi timoun yo
Pa gen lekòl
Pa gen manje
Yo san fanmi
Nan yon peyi
Kap depafini
Yon peyi ki pa yon peyi
Timoun se lavi
Timoun se sèl lavi a
Yon kote ki plen zonbi
Sèl pap janm sifi
La pluie infernale s’abat toujours sur mon pays, amenant de plus en plus de morts, étudiants, professeurs d’université, citoyens anonymes, jeunes des quartiers populeux, chacun trouve pour son compte. Les faiseurs de pluie sont aux anges tant qu’il pleuve. Elle devra bien s’arrêter un jour ou l’autre. Le soleil finira par poindre à l’horizon séchant les alluvions et autres excréments transportés jusqu’au Palais National par la Ravine Pintade.
Timoun sou Chanmas ap mouri grangou
Sila yo ki nan ti lokalite yo
Nan twou koukou
Nan peyi an deyò yo
Yo pa ekziste
Menm dlo potab yo pa ka bwè
Van kap soufle sou lanmè
Ap pote dlo monte nan mòn yo
N ap plante dlo sale
Pou n jwenn dlo dous
Paske pa gen sous ankò
La pluie des incompétents submerge les institutions de mon pays. Népotisme, indécence, prostitution, grandiloquence envahissent les interstices du pouvoir. La pluie boueuse salit tout. Tout n’est pas perdu pour autant. Une pluie acide lavera tout.
Tout timoun yo pap mouri.
Tout timoun yo paka mouri.
Mon pays est à un autre niveau
Yon nivo plat atè
Franck S. VANÉUS, av.
4-10-2020
Il pleut sur Port-au-prince


La Rédaction 243
Kafounews
3 Commentaires
Nandy
October 06, 2020 - 02:11:59 PMFélicitation j'aime la lecture,bravo
Nandy
October 06, 2020 - 02:12:03 PMFélicitation j'aime la lecture,bravo
Ketsia Bethsaida Bien aime
November 13, 2020 - 09:10:18 PMJe suis très fière de toi ???????? ????????