Jodia, Gabynho boukante lapawòl ak James Francisque. James se Ekriven-filozòf kreyolis demanteryalis sentetik. Powèt la kase koze sou lanmou l pou pwezi, rankont li ak literati, otè ki enspire l ak sou kreyolis demateryalis sentetik la.
James Francisque: Mwen ekri pou m akselere mouvman revolisyonè transfòmasyon mondyal la...


Gabynho: James Francisque, ou se powèt-ekriven. Ki lòt bagay nou ta dwe konnen sou ou?
James Francisque: Bon, James Francisque se yon nan ayisyen ki angaje nan pwojè transfòmasyon sosyal peyi, apati ideyal zansèt yo, ki pou li jouke nan yon idewoloji ekososyalis mounis. Se yon kafou idewolojik ki rive marande batay ekolojik yo, nan yon fouchèt moun ak sosyal. Pou dayè, li kwè gen yon gwo diferans ant mounite ak imanite klasik oksidantal la. Pou li imanite klasik oksidantal la ranvwaye ak kilti plis larezon ki transmèt apati lye sosyalizasyon yo. Alòske, mounite a chita nan ontoloji Ntu afriken ki bay mo moun lan, apati etimoloji MUNTU kongo a, ki jouke nan sivilizasyon BANTU a. Mounite ayisyen an jouke nan filozofi UBUNTU ki tradwi, m egziste paske lòt yo egziste. Se menm pawòl sa ki tradwi nan 12 prensip Bwa Kayiman ki di si gen pou yonn dwe gen pou lòt yo. Se yon prensip ki jouke sou solidarite, kominote ak elan fòs vital moun yo ki tou akouche dimansyon lanmou, amoni ak espirityalite yo, san bliye koze libète yo. Se yon prensip ki di, NTU se yon enèji, yon esans k ap tante pèsevere nan ou menm, menm jan ak konatis (Conatus) nan filozofi Spinoza a. Kidonk, mounite a tounen yon pwoblematik mondyal pou tout limanite, si nou vle rezoud pwoblematik enkonpletid moun yo ki anpeche paradig konpletid moun lan. Sou plan pwofesyonèl, l ap fè yon metriz nan filozofi, li etidye tou ekonomi, jounalis, syans ledikasyon. Aktyèlman, l ap boukle yon etid nan syans jiridik, mete sou etid nan òganizasyon ak fonksyònman kolektivite yo. Li se pwofesè filozofi, kreyòl, jounalis ak fransè nan plizyè nivo. Li se enspektè nan ONA ki se yon enstitisyon sekirite sosyal ki mal konprann nan peyi a. Li kontè, womansye, eseyis ak lòt ankò. Li se yon militan ekolojis ak lakilti. L ap mennen yon kouran filozofi ak literati ki rele kreyolis demateryalis sentetik. Se yon kouran k ap bouske libète ontokosmik moun yo pou mennen yo sou tèren liberasyon total la pou enèji NTU ka libere nèt ale
James Francisque nan Weekend Poétique- KafouG: Di nou non, kilè, kibò, kòman ou kwaze ak literati?
JF: M kwaze ak literati depi sou ban lekòl. M pa menm ka detèminen dat la. Paske, pandan tout anfans mwen kòm timoun, m te toujou vle yon gran ekriven san pa t menm ka konprann kisa ki ekriven an. Lè m vin rive nan 3èm segondè, m kòmanse ap aprann literati. Depi lè sa, m kòmanse li ak imite pou ekri tèks pa m. Apre, filo m kontinye ekri. M pase yon ane ak li plis ekri, pratikman chak jou. Nan menm moman, m te vin fòmatè ak sipèvizè alfa nan pwogram alfabetizasyon nasyonal epòk la, m vin jwenn nesesite pou mennen batay pou kreyòl la, sitou apati yon demach andragoji ki te vize konsève patrimwàn imateryèl lengwistik kilti popilè mas la. M tou vin lye li ak pwojè literati ak filozofi mwen, m t ap tante deplòtonnen nan moman an. Answit, m vin monte Pòtoprens, m rankontre ak Sidney Louis alyas Pè Toma nan TNH la plis Dede Dorcely santo 6, nan sant kiltirèl Dede Dorcely ki se katye jeneral sosyete koukouy Ayiti. San kite sant kilyirèl Nway SKN kay Eddy. Pandan m nan SKN m pral rankontre Bijou Mackenson ki pral mennen m nan Kafe IKLA kote klèb modèn ak lenouvo klèb literè pral marande pou ponn evènman kiltirèl sila nan kwadèboukè. Yon inisyativ ki pral akouche Kalbas Ayiti. Se anndan Kalbas Ayiti plis sosyete koukouy, li pral ranfòse batay l ap mennen pou kilti ak lang kreyòl la, epi, vin tou fonn yo pou lanse pwojè literati ak filozofi li a, ki se kreyolis demateryalis sentetik. Se nan fouchèt mouvman sa, li pral lanse manifès kreyolis. Yon tèks ki te fè siksè nan emisyon dèlivrevou (Des Livres et Vous) avèk Dangelo, san bliye pasaj li nan mèkredi lakilti. Depi lè sa, baboukèt literati m kase san kanpe
G: Nou ka mete nou dakò, yon ekriven se pa yon loray kale. Se (ka)rezilta yon pakou, yon seri rankont... kijan, oumenm, ou fè vin ekriven-powèt?
JF: Nou vin powèt nan yon seri rankont ki penmèt loray mwen kale jouk li vin akouche m kòm enèji k ap travèse lespas ak tan pou pote vibrasyon bay moun yo. Premye tèks mwen yo, se te kout rèl lanmou mwen ak dezespwa ki te mare pye m, avèk premye gouyad lanmou ki t ap deplòtonnen nan kè m. Apre seyans lanmou sila ki t ap sasiyèt nanm pou mwen pou pouse m ekri. M vin tonbe nan yon kesyònman sou legzistans Bondye ak moun sou tè a. M tonbe kesyone peryòd kolonizasyon nan bouske yon powetik dekolonyal jouk m vin tonbe sou estetik kreyòl ak kilti pèp aysiyen an. Kidonk, se tout gouyad sila yo ki kache dèyè pwojè literati ak filozofi mwen an.
G: Yon ekriven pa ekri pou tèt li, dimwens pa pou tèt li sèlman. Li bezwen yon piblik. Yon seri lektè ki pou li zèv li. Ekriven an tou pa ekri pou anyen. Li gen yon bagay li vle/dwe di. Nan sans sa a pou kilès e pou kisa ou ekri?
JF: M ekri pou akouche sa k ap kwit anndan mwen an. Men, sila k ap kwit la li vize yon transfòmasyon sosyal. Paske, m kwè gen yon estetik dekolonyal ki chita sou yon pwojè mounite nan libète. Se pwojè estetik sila m ap rapousiv pou ede konsyans moun sezi l epi, rive transfòme lavi yo sou li. Kidonk, m ekri pou yon kategori sosyal ki nan yon doub pèspektiv. Nan yon premye pèspektiv, m ekri pou tout san vwa pou esplike ki powetik ki kache dèyè kilti yo jouke ladan. Nou ekri pou tout vodouyizan yo, pou tout kreyolopal yo ak pou tout sila ki nan chema senketik oubyen ki nan enkonsyans ak alyenasyon kiltirèl ak lengwistik yo. Yon kout plim k ap tante esplike gouyad powetik ki kache dèyè mouvman literè ak lengwistik sila. Nan lòt pèspektiv la, nou ekri pou tout plenmeyank ki vle konprann gouyad lavi yo ak lòt yo pa kanmarad yo. M ekri pou di tout plenmeyank sila yo, pwoblematik mankman moun y ap klewonnen an, li chita nan yon absans mounite nan demach sivilizasyon oksidantal la. Nou ekri pou akselere pwojè revolisyonè transfòmasyon sosyal mondyal la ki vize yon lòt ontoloji nan yon powetik kreyolistik.
G: Powèt, sa vle di kisa pou ou?
JF: Powèt vle di yon chwazi ki kapab makònen avèk mouvman Ntu k ap fèt nan li a pou rive chita yon pwojè estetik sou lang ak kilti l ap itilize a pou ponn yon latriye zèv ki vize bèlte nan yon fouchèt ki ka pale ak konsyans moun pou kreye yon chan vibrasyon nan yo tou. Powèt se yon lespri dyougan ki libere pou rive konekte avèk entelijans siperyè kosmòs la pou rive sezi gouyad lavi a apati dimansyon senbolik lavi a.
CP: Konekte wG: Kijan nou dwe konprann "kreyolis demanteryalis sentetik" la?
Kreyolis demateryalis sentetik la, se yon kouran filozofi ak literè m ap tante deplòtonnen. Se yon kouran ki chita sou twa gwo wòch dife. Kreyolis ki se yon filozofi rankont ak relasyon ki penmèt plizyè lang, kilti ak sivilizasyon rankontre, mare zanmitay pou akouche yon souf nouvo ki depase tout sila ki te makònnen avan yo. Nan ka Ayiti, chema makonnay sila, chita sou pwojè ontoloji NTU afriken an ki vize yon koneksyon kosmik lakay moun yo. Sa ki tou mennen li travay dimansyon espirityalite layik oubyen kosmik lakay moun yo, mete sou tout fòm atizay k ap penmèt moun yo deplòtonnen dimansyon estetik ak powetik nan yon fouchèt oraliti. Epi, yon lòt bò, li vize plòtonnen ak pwojè ontoloji b
oksidantal la ki vize kanpe imanite klasik yo, nan yon demach rasyonalite ki mennen langaj. Se yon chema ki jouke nan koze lasyans ak teknoloji pou rive dekri ak konprann reyalite ki anfas yo a, nan lide pou transfòme reyalite, sitou materyèl yo.
Demateryalis la, vize yon filozofi somatik oubyen kòrenanm nan lide pou bouske enèji oubyen esans moun yo. Se esans sila, ou jwenn nan NTU a oubyen konatis (Conatus) la. Jan Spinoza di l, se yon esans k ap tante pèsevere nan lèt la. Tanke, moun lan grandi pwisans aji li, apati deplòtonnay esans li, ki se elan fòs vital li, se tank l ap grandi nan libète, espirityalite ak lanmou. Se sou libète sila, moun lan pral chita pou byen marande latriye kilti, lang ak sivilizasyon k ap makònnen an.
Sentetik la vize konstitiye kalfou sentèz moun lan. Se dimansyon ki penmèt moun lan janbe tout lye kontradiksyon pou rive jwenn lye olomouvman fizisyen David Bohm ap pale a. Se yon pwojè ki vize yon veritab transfòmasyon sou mounite nou sou plan inivèsèl pou rive abouti avèk dimansyon beyatitid pafèt moun yo.
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 121
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
0 Commentaires