Kovid-19: An n dekonfine lespri n, yon ekzèsis ki ka bon pou nou

Kovid-19: An n dekonfine lespri n, yon ekzèsis ki ka bon pou nou

Yon bon maten konsa, yon maten koulè kafe, yon maten pal; kòk pa t menm ko fin chante, yon latriye ti toutrèl pran wouke nan tout fèy zòrèy mwen. Yon chante reziyasyon kote m konfine andedan kay depi plis pase yon mwa.

Koze konfine sa a se pa bagay jwèt ditou. Fò n di byen tou, koze konfine sa a pa yon sekrè pou pèsonn paske depi nan finisman mwa desanm nan ane 2019 ki sot pase a, nouvo Kowona viris la mete tout moun nan kache. Pou kòmanse li te nan faz epidemi, amezi l ap bay chèn li fil, li vin tabli kò l toupatou nan mond la, nan plis pase yon santèn peyi. Depi lò OMS (Òganizasyon Mondyal Lasante) deklare nouvo Kowona viris la pase nan faz pandemi. Si memwa m pa fè m defo, m ap sonje se te 11 mas 2020 ki sot pase a. Fòk mwen di byen tou pou plis presizyon premye moun ki te enfekte a, sa nou ka rele PASYAN ZEWO a se te yon Chinwa ki t ap viv Lachin, nan yon vil yo rele Wuhan, e se Lachin tou daprè tout rechèch syantifik yo maladi a te kòmanse pou jis li ouvri kò l kote l ap mache satouyèt yon pakèt lòt peyi grenn pa grenn. Li soti Lachin, li fè ladesant Itali, travèse Lafrans, tonbe Espay, pou monte Wayòmini, janbe Brezil, pase Ajantin, geri bosko l Etazini kote li fè plis dega jiskaprezan elatriye. Sa tris e l kite anpil doulè nan yon pakèt kòd fanmi ki pèdi moun ki pwòch yo. Pa gen moun ki ta ka panse ane 2020 sa t ap pote mak fabrik repiyans ak tristès konsa. Se tout mond la ki sakaje.

Pou nou menm pa bò isit, an Ayiti se nan dat 19 mas 2020 an, otorite yo te deklare eta dijans sanitè apre yo te fin jwenn de (2) ka, oubyen de (2) moun ki te teste pozitif. Sa vle di tou depi lò anpil moun konfine andedan kay, men gen lòt tou ki pa janm vle kwè maladi a reyèl.

Koze konfine sa a, se koze ki pa pote bon nouvèl ditou, malgre se li menm ki pi fyab pou anpeche pwopagasyon yo. Maladi a tabli kò l pi byen se lè moun ki enfekte a an kontak ak lòt moun oubyen ak kèk bagay li enfekte e lòt moun vin itilize aprè ki rantre an kontak lè men pase nan je, bouch ak nen. Lè konsa, plis moun ap enfekte, epi maladi a ap fè plis ravaj. E nou konnen jiskaprezan pa ko gen yon remèd efikas ki pwòp pou trètman Kovid-19 la. Sa vle di konfinman an (rete lakay) se ta ka meyè metòd la jiskaprezan.

Jan m t ap di a koze konfinman sa a tou lage anpil moun nan chomaj, li ogmante estrès kay moun yo, li fè gen anpil vyolans lakay moun ki nan relasyon santimantal yo, e nou sèten tou anpil jèn fi ap tonbe ansent ak anpil moun ki ka trape maladi moun pran nan fè bagay yo tou, paske chita lakay la gen aspè sa yo an patikilye nan jan li tabli kò li a.

Nou menm antanke ekriven, powèt nou pwopoze yon lòt altènativ, Lekti. Lekti se youn nan mannyè ki ka ede yon moun nan moman estrès ak twoub yo. Lè yon moun ap li, se tankou li t ap vwayaje, li plonje l nan yon entimite kote l prèske vle bliye anviwònman l ye a pou adapte / adopte yon lòt anviwònman kote otè a vle mennen l nan liv li a. Se yon ekzèsis ki fasil, ki dous amezi lektè a ap plonje l nan liv la, se amezi vwayaj la vin pi dous tou.

Pou sa, n ap ankouraje moun yo pou yo pase plis tan nan liv ap li pandan peryòd konfinman an. N ap pwopoze yo dis (10) liv ki ka ede yo reflechi yon lòt jan, ki ka pèmèt yo refikse lespri yo.


M ap pwopoze yo de (2) woman
Bèbè Gòlgota, Pierre Michel Chery ak Doub fas lanmou, Jean-Baptiste Guten Rachad.


De (2) liv pwezi

Tèt Lalin cho, Grégory Forestal ak Etikèt zèklè, Wedny Bezil.

De (2) liv lodyans

Aganmafwezay, Manno Ejèn ak Serenad, Jean-Baptiste Guten Rachad.

De (2) liv kont

Tigri, Jacques Adler Jean Pierre ak Malida, Sabine Legros (Perle Noire)

De (2) liv nouvèl

Zetensèl, (koleksyon) Feguenson Hermogène, Louis Jean Francklin, Iléus Papillon ak Zantray, Gabynho

Toujou sonje sa, aplike tout prensip ijyèn yo, e sitou rete lakay nou si pa gen gwo ijans pandan n ap li chak jou.

Share

Jean-Baptiste Guten Rachad 2

Ekriven, pwofesè lang vivan

Laisser un commentaire

7 Commentaires

  • Konpè konsèy

    April 21, 2020 - 03:30:53 AM

    Tchenbe la kanmarad !

  • Clairsaint

    April 22, 2020 - 12:06:46 AM

    Mesi kontinye Guten.

  • Nègafrika

    April 22, 2020 - 12:08:47 AM

    Ewa zantray, kontinye foubi dan lespwa ak bèl pwezi kòkèt.

  • Maestro

    April 22, 2020 - 06:15:50 AM

    C'est très intéressant

  • Malaba pitit plim

    April 22, 2020 - 01:08:21 PM

    Yon ponyen lanmou pou ou zanmitay

  • Richard

    April 22, 2020 - 05:06:11 PM

    Bon travay prof mwen ekriven pam????????

  • Christian

    April 29, 2020 - 11:12:28 AM

    Bon travail Mtre Guten