Powèt-ekriven Ansky Hilaire ap siyen premye rekèy powèm li (twazyèm liv li) "Lakou Zandò" 5 novanm k ap vini la nan Bibliotèk Nasyonal Dayiti. Vant siyati sila ap tanmen bò 11 zè nan maten pou bout bò 3 zè nan aprèmidi. Pri liv la se 750 goud. Nan kad ribrik "Kreyòl nou ye" a, Gabynho te rankontre otè a.
Gabynho->: Ansky Hilaire, powèt-ekriven, kisa lektè KAFOUNEWS yo ta dwe konnen sou ou anplis?
Ansky Hilaire->: Ansky Hilaire fèt nan lakou kay Ogi ki se yon branch nan bitasyon Zandò ki nan zòn "Dufort" nan Leyogàn. Li fè yon etid nan syans jiridik nan fakilte dwa ak syans ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta Ayisyen an. Yon etid nan jounalis Centre de Formation en Communication et Administration (ISNAC). Ansky Hilaire se redaktè anchèfwèl Yogann Magazine. Angwo, se yon jèn lidè ki envesti vwa l nan plizyè pwojè nan sosyete a.
Gabynho->: "Lakou Zandò" se premye rekèy pwezi w, kisa tit sa charye dèyè li?
Ansky Hilaire->: Zandò, tankou yo defini li sa nan tèm vodou an, se yon kout lanbi rasanbleman pou tout pitit tè an ta mete tèt ansanm pou jwenn yon solisyon pou sòti nan sitiyasyon kritik sa. Alòs, se nan sa m vle adrese m dirèkteman ak fanmi m ki jodi a divize, pou yon chita pale pou lakay ka tounen fonksyone jan sa te ye anvan an, jan sa te konn fèt nan rasanbleman vodou nan bitasyon Zandò.
Gabynho-> Kòman ou te fè mare kòkòday ak literati jouk ou rive nan ponn liv?
Ansky Hilaire->: Mwen kwaze chimen literati depi m te tikatkat ,nan li listwa Bouki ak Malis. Anplis tou piti mwen te santi obligasyon pou m te eksprime sa ki t ap pase nan lavi m ak nan anviwònman m. Se konsa m te vin wè pwezi se youn nan pi bon zouti mwen ka itilize pou mete deyò tout resantiman m yo; tankou raj, laperèz, dout, anvi, nostalji, mankman, souvni, lespri vanjans ak pèt. Boutofen, mwen ak literati mare zanmi byen bonè nan lavi m paske se te sèl altènativ mwen, se te la m te jwenn enèji pou m rekole mòso ke m, se la m te jwenn medikaman pou panse blese m yo.
0 Commentaires