Lari Pòtoprens koulè bouch mwen

Lari Pòtoprens koulè bouch mwenKredi foto: Franciyou Germain



Okenn nan nou pa konnen
ki mò lanperè mouri
Ni kilè kòd la kase
Oubyen kiyès ki koupe l
ki fè jodi a nou la

Okenn nan nou pa konnen
ki kantite wòch
ki p ap tire
anndan vant leswa ki
depi twa jou vale dlo bouch li

Depi yon moman,
m ap obsève tou prè an
g on moso lapawoli
k ap preche andidan trip mwen
"Byennèt pou tout moun"
ki sanble tèt koupe
ak levanjil Sen Jan Batis la
Men, pa gen
youn nan nou,
ni Pyè ni Jak ni mwen
ki vle lonje kou n

Byennèt pou
trip,
byennèt
pou trip,
byennèt trip
menmsi fwa n boule

Pa gen monte
Pa gen desann
Sa k ap pase andidan m lan
Sèl mwen ki konnen l
Lari potoprens koulè bouch mwen


#Ansky Hilaire

Share

La Rédaction 243

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires