Lè m swaf powèm, se nan "Lakou Zandò" m ale

Lè m swaf powèm, se nan "Lakou Zandò" m ale

Se pa tout liv ou ka fin li. Gen liv se li ki dikte ritm li. Se li ki di w kijan pou w li l. Kaprisye, li pa janm fin leve wòb li nèt. Se lasisi n li fè w. Se pa ni tonmtonm. Tap-tap-glòt. Se pa mayi cho nonplis. Se bè nan bouch blan. Liv sila yo, se ti kal pa ti kal ou li yo. Kòmsi li yo yon sèl kou t ap fini yo. Ti bout lektè m ye a, gen plizyè liv konsa a. M konn tande lòt zanmi k ap di menm bagay la tou. Liv yo vle fini yo pa vle fini. Liv ki pa vle yo dòmi. Liv yo reli youn de twa fwa.

Nan lis pa m nan, "Lakou Zandò" se youn. Yon sous powèm. Yon kavalye pòlka.

kavalye,
n ap bezwen on powèm

Chak mwen swaf powèm, se nan "Lakou Zandò" m ale. "Lakou Zandò" Ansky a.

s on lakou
lwa danse nan tèt chen
pipirit mouri pou de tou je l
kochon pa tranpe kasav
pou mèt pak

"Lakou Zandò" Ansky a s on pwezi nanm. Yon pwezi ki pa pè foure dwèt li nan java k ap simaye vye sant nan figi nou. Java lanmò bon mache. Java enjistis makiye. Java timoun ki fèt tou granmoun.

pòtoprens
lanmò mache toutouni
pou bay mèt minui jòf
men bwa rèd la
se pou kretyen vivan l rete

pòtoprens
timoun yo pa gen je sou yo
tou vivan
yo rantre nan gran simityè
y al kache
paske yo pè lavi
timoun yo pè viv isit

Ansky s on pa pè chay. Li rele nèg k ap pran Leta daso yo nan non yo.

nan rivyè bwadchenn
nanpwen ti kochon ankò
tout nan palè nasyonal

Sèl kote powèt la pa gwo nèg se nan lanmou. Kè powèt konn brize tou. Menm la tou Ansky pa nan kache men voye wòch. Li di l jan l santi l la.

m ap raple w istwa m fanm
mwen s on vye powèt
m brize ase
m konn renmen
men renmen pa konnen m

"Lakou Zandò" pa yon lakou piti. Li pa bay. Li pa vann. Li pa fè kado. Se ou k pou pran pou kò w. Ou ka pa pran tou si w vle. Antouka, mwen menm, mwen pran ti bout sa a pou m resite lè dòmi pa vle pran m:

isiba pa paradi
se kote nan plas mouchavè,
jenn gason ap mouri sou fatra
pa di m radi
si m poko joure manman bawon nan simityè
manman bawon pa bawon
g on zonbi k ap pot nouvèl
isiba pa paradi
pa di m radi

Lè m swaf powèm, se nan "Lakou Zandò" m ale

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 117

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Larose

    September 10, 2025 - 06:14:02 PM

    Tande yon pawòl mesye! nan rivyè bwadchenn nanpwen ti kochon ankò tout nan palè nasyonal Waww

  • Obdiel Zidane Dormelus

    September 11, 2025 - 08:19:28 AM

    Mwen renmen ekstrè mwen li yo, liv la banm anvi plonje ladan l pou m fè laplanch.

  • Pedro

    September 11, 2025 - 05:01:14 PM

    Good