Malaba Pitit Plim fèt 14 fevriye 1996 nan komin Ti Rivyè nam depatman Latibonit. Grégory Florestal, se non sa ki sou batistè powèt la, se manm fondatè yon jèn edisyon dinamik ki pote non "Edisyon Papye 9". Powèt, lodyansè, kontè, Malaba se tou yon operatè kiltirèl. Li se prezidan "Festibal Trip Kalbas" nan Ti Rivyè epi fondatè "Festival Teyat Latibonit". Nan fen lane 2024 la, ekriven an pibliye "Lapriyè nan bouji nwa", yon liv ki te resevwa Mansyon Espesyal nan "Prix International de l'intervention Poétique" nan peyi Matinik.
Yon ekstrè:
" [...] Klerimèn se te premye mennaj Janbafre ki tou vin madan marye l. Men sa nou dwe konnen se te yon maryaj fòse, maryaj byennèt, paran Janbafre pa t menm vle sa fèt. Manman Klerimèn limenm te kanpe an kwa, poutèt Janbafre te chire filè Klerimèn ak yon move pwent, yon pwent sovaj, yon pwent devègonde, yon pwent plenn nan kè, yon pwent san pitye. Sa ki charye lapenn kay mesyedàm yo, pyès nan yo pa t ko majè. Youn gen 16 lane, lòt la gen 17 lane, 2 ti wole, ti zokiki k ap benyen nan foli."
Nan ribrik sa k ap parèt chak dimanch, Gabynho boukante lapawòl ak powèt la sou dènye piblikasyon li a, pakou li, kwazman l ak literati, lòt powèt ki enfliyanse travay li...
Malaba Pitit Plim: yon powèt s on nonm k ap trase sans lavi san enstriman jewometri

Gabynho : Lapriyè nan bouji nwa", poukisa yon tit konsa a?
Malaba Pitit Plim :
*Lapriyè nan bouji nwa* yon liv ki bay payèt nan 2 jan literè ; pwezi, lodyans. Mwen fè brasay sila a pou mwen tranpe bonnèt lektè ak espektatè mwen yo nan basen ayisyanite, kote chak mo, chak vèb, chak vokabilè swe nan pote sa nou ye, sa nou reprezante nan je limanite. Li se yon kout flach tou, pou fè zotobre a babin sispann kase tèt zòtèy yo sou chimen byennèt. Lè nou fouregade nan paj yo, n ap wè fraz yo, vè yo pote sekous kè sou tokèt revandisyon moun ki fèb yo, moun yo lesè pou kont yo. Kidonk,*Lapriyè nan bouji nwa* se kachkouch kote lanmou fè lakobat. Yon lanmou ki fè vyolans pèdi fon ak fòm nan je limanite.

Powèt, lodyansè, komedyen. Makout ou chaje papa. Di nou non, kilè, kibò, kòman ou kwaze ak literati.
MPP : Mwen ak literati kwaze bab pou bab youn pran gad lòt nan je anndan Klèb R.L.H ( Révélation des lettres Haïtienne ) ki te gen ladan l Jounalis Wethzer Piercin ( Ayibopost ), Agonòm Pierre Josué... se la m tanmen parafe souf mwen. Chak samdi nou reyini pou nou plezire ak mo yo, vèb yo, vokabilè yo. Si memwa m pa fè m defo m ap sonje se nan 2013 mwen rantre Klèb la, katran apre m pral f on koutpye nan Sant kiltirèl Marck Exavier, yon sant kiltirèl Powèt Robert Louis Charles, Madam Ladie-Lanne Samalie Joys te mete sou pye pou byennèt kominote a. M p ap bliye tou, m te konn mache vann powèm nan tout lekòl ki nan bouk Ti Rivyè Latibonit menm ale nan seksyon yo tou, se te yon plezi pou mwen lè pwofesè ak elèv ap wete chapo devan sa m ekri sa pou salye jefò m se sa k fè m pa gen dwa bliye yon pwofesè tankou Lorme Juste Jeune, Adly Arthur, Francklin Estime ak yon lòt bann ankò.
G: Ou te pran plizyè pri epi nomine nan plizyè lòt pou ane 2024 la...
MPP: Pou lanne 2024 la mwen te "Finalis Prix Capitaine Coluche", yon pri literè ki te gen 20 nasyon patisipe ladan l pou m site ; Côte D'ivoire, Bénin, Burkina Faso, Rép. D. Congo, Caméroune, Sénégal, France, Togo, Congo, Gabon, Niger, Tchad, Maroc, Guinée, Mali, Rép. Centrafricaine, Egypte, Algérie, Tunisie, Haïti, tèks la seleksyone epi pibliye nan yon antoloji Éditions Milot-Paris soti pou pri a.

G: Nou ka mete nou dakò, yon ekriven se pa yon loray kale. Se (ka) rezilta yon pakou, yon seri rankont... kijan, oumenm, ou fè vin ekriven-powèt?
MPP : An 2018, mwen te fini dezyèm loreya Depatmantal nan yon konkou pwezi Bibliyotèk Kominotè Dechapèl te òganize, se la mwen pral kwaze ak Cloche Art ki limenm konn sa ki rele teyat byen e ki te gentan pibliye 2 liv epi loreya pou Kat Chimen an 2017, li te animatè kiltirèl pou Bibliyotèk Kominotè Dechapèl, sa vle di mwen byen tonbe. Se limenm ki pral aprann mwen jwe teyat sou sèn nan atelye Ribanbèl ak Compagnie théâtre Rôle. Yon fòmasyon ki te dire 2 lane. Soti 2018 pou rive 2020.
Apresa mwen pral pami animatè atelye a ap voye fè fòmasyon nan tout kwenzerakwen depatman latibonit la pou m ; Gonayiv, Tènèv, Ans-Wouj, Gwomòn, Senmichèl, Manmlad, Vèrèt, Ennery... Mwen vin kwaze ak Chedlet Guilloux ki pral ede m mandre lespri m sou chimen atizay, li prefase 2 liv mwen, se te yon modèl epi yon frè pou mwen.
Mwen li anpil epi patisipe nan atelye ekriti nan bibliyotèk Kominotè Dechapèl la. An 2019, m ekri 2 liv ; Tèt lalin cho, yon pwezi jenès ki pibliye nan edisyon Freda ak yon kont ki pibliye nan edisyon repérage. M Kontinye jwe kòm komedyen nan atelye Ribanbèl nan yon pakèt aktivite ki te konn toupatou nan peyi a ; nan ministè kondisyon feminin, nan bibliyotèk yo. An 2021, m pibliye premye liv lodyans mwen ki batize *Byennèt pou tout moun* se yon liv mwen siyen, jwe konsè ak espektak nan plis pase 30 komin anndan peyi a si m ta f on ti site ; Akayè, Jakmèl, Tigwav, Lagonav, Kafou, Gantye, Kwadèboukè, Mibalè, Ench, Ti Rivyè Latibonit, Vèrèt, Sen Mak...
Festival entènasyonal literati, Festival des idées-Ench ap li, Festival Pawoli, Salon du livre de Mirebalais, Week-end Poétique, Lestè ouvri pou liv, Ennery en lecture, UPAG livre... Mwen jwe konsè lodyans, mwen jwe espektak, anime atelye lodyans ak teyat epi siyen ladan yo.
An 2020 m te pami loreya DataPowetik yo, yon konkou pwezi Eritaj Kilti Kreyòl te konn òganize chak ane.
An 2023, mwen te Finalis Prix René Depestre nan peyi Lafrans ak yon liv pwezi mwen ekri ki batize "Paraf lanmou". Nan menm ane a, mwen te fini premye Mansyon Espesyal Prix International de l'invention Poétique nan peyi Matinik.
Pou lanne 2024, mwen te Finalis Prix Capitaine Coluche. Yon konkou entènasyonal.
An gwosomodo se sa m ye sou terasman literati.
G: Yon ekriven pa ekri pou tèt li, dimwens pa pou tèt li sèlman. Li bezwen yon piblik. Yon seri lektè ki pou li zèv li. Ekriven an tou pa ekri pou anyen. Li gen yon bagay li vle/dwe di. Nan sans sa a pou kilès e pou kisa ou ekri?
MPP: Dòmi leve nan mitan mo yo, jwe ak sekous kè yo, gad lanmou yo nan se pa ti bèl sa bèl. Mwen abite sou terasman literati pou m pote pawòl moun ki pi fèb yo, moun yo apatrid ap plede chimen dwa yo. Mwen mete souf mwen sou nan kè mo tou pou m fè zanmoure reve je kale, tout flè yo antann yo deja pou bann on pri Nobèl avan Sen Valanten pann tèt li.
G: Malaba, mennen nou al vizite bibliyotèk ou non...
MPP: Plim mwen valkande nan branch kat jan literè ; pwezi, kont, lodyans ak woman. Sa fè mwen rive ekri 8 liv antou ; Tèt lalin cho ( pwezi ), Byennèt pou tout moun ( Lodyans ), Lapriyè nan bouji nwa ( pwezi, lodyans ) Mansyon Espesyal Prix International de l'invention Poétique 2023, Paraf lanmou ( Pwezi ) Finalis Prix René Depestre 2023, Tras renmen nan 4 fasad anvi ( Lodyans ), Ti Towo Mèt Latè ( kont ) ak lòt tit m ap voye nan pri ane a m pa site.
Mwen li liv syantifik. Mwen koute kri tout zwazo nan bwa k ap vasiye sou zèl van an. Lespri m woule, bay kalinda, bay parad nan kadans pwezi, lodyans, teyat... Bibliyotèk Kominotè Dechapèl se kote m plante nanm mwen pou m pale ak letènite gwo midi.
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 109
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
1 Commentaires
Bernadotte Peterson
January 25, 2025 - 11:13:19 PMChak pwezi yo, se yon kouch penti pou letènite pa degrade anvan lè.