Powèt, fotograf, Philippeson Juste ki gen pou non plim "Mapou Libelibè" fèt Jeremi, depatman Grandans peyi Dayiti, nan lane 1998.
Etidyan nan medsin nan "Faculté des sciences médicales de la Havane", Mapou se yon manm trè aktif Banzil kreyòl nan peyi Kiba.
Powèt la gen powèm li ki parèt nan plizyè revi, rekèy kolektif nan peyi Dayiti kou lòtbò dlo tankou Do-Kre-I-S, "Anthologie Prix poésie 2024 Auteurs des Hauts de France (ADAN), Powèm Nasyonal.
Mapou siyen "Bout Souf", yon rekèy powèm an kreyòl ayisyen ki "se yon bèl pyès nan patrimwàn literè Ayisyen an. Li charye mesaj lavi, lanati, ak esperans, li sèvi kòm yon pon ant modènite ak rasin kiltirèl nou yo." , daprè powèt Wilkens Scott Fifi.
Nan ribrik sa k ap parèt chak dimanch, Gabynho boukante lapawòl ak powèt la sou "Bout Souf", pakou li, kwazman l ak literati, bibliyotèk li...
Mapou Libelibè: Yon powèt se yon vwa ki ka pote konsolasyon nan doulè...
Gabynho: Ou fèk sot pibliye "Bout souf" dènye rekèy powèm ou, kay Edisyon Papye 9. Kisa ki kache nan rekèy sila a?
Mapou Libelibè: Tit liv sila a charye ak li yon melanj wòdpòte chaje emosyon, kote chak pense sèl ki pran mo yo daso se aksan sikonflèks k ape titiye atizay kò, sou bon jan van lanmou, nostalji, angajman, ak doulè. Pawòl Bout Souf pote labrenn yon imaj fatige, an menm tan an, li pote soukous yon batay kifkif san bout. Nan sans metaforik mo a, li pote ba nou kò kraze lakou a k ape tanmen vale - rale lè anba chay reyalite sosyal, politik, ak emosyonèl la. Mo yo pran yon fòm pwezi lari a pafwa, Bout Souf nan lanvè pejoratif li, make debwazman epi pwovoke imaj ki simante move kondisyon lavi moun, pandan l ape fòje nan gòj timoun vivan yon lespwa nou nèf, yon lespwa flèch kann pou tout moun.
G: "Bout souf", poukisa se tit sa rekèy la pote?
ML: Bout Souf mennen ak li chay reyalite lanmou ak feblès tout yon jenès ki chita sou pwa batman kè yo pou fè rezistans epi jwenn fòs nan rezilyans yo. Nostalji, antretan, envite lespri yo tounen kote lannuit te lonnen rèv.
Angajman an tou jwenn plas pa li andidan metafò mo yo, envite lèzòt reflechi sou kriz lakou a, diyite ak listwa yo.
Tit la se yon kri - rèl emosyonèl ak yon anmwey pou aksyon nan yon mond ki bezwen respire ankò.
Se yon tit polisemik, ki mache ak kòz pejoratif li, ki fè konprann tou, gen moun ki se bout souf nou, bout oksijèn nou, menm si nou nan nan enpas, kote souf nou bout, menm n ap touche.
Bout souf se yon kout rèl pou souf aksfizye.
G: Ou te pran plizyè pri epi nomine pou plizyè lòt pandan ane 2024 la...
ML: Wi wi.
- Loreya "premier prix de poésie Plougasnou 2024" avèk (Port-au-Prince) nan peyi Lafrance.
- Pri Dekouvèt "ÉLISE BISSCHOP 2024" avèk (Pluie de prières)..
- Finalis "Prix International de l’Invention Poétique Balisaille 2024" nan peyi Matinik ak (Flèch Kann).
- Finalis "Prix Poésie 2024 - Auteurs des Hauts de France (ADAN)" nan vil "Lille" nan peyi Lafrans avèk (Valse de l’aurore)
Pou ane 2024 la nou pibliye nan yon latriye jounal, revi ak antoloji literè tou.
G: Etidyan nan medsin, fotograf, powèt. Makout Mapou chaje papa! Di nou non, kilè, kibò, kòman ou kwaze ak literati.
ML: Nou kontre manmzèl literati nan lekòl segondè, nan basyon andidan kay "Cours Privés Edmé". E se nan atelye ekri, deba sou lakilti nou pral konprann tout bon, pouvwa lang kreyòl la genyen, paske se lang toutbon vre ki file m sou wout mwen nan monn literè a.
N ap site kèk gwo toryan ak bawon nan ekri kreyòl ki te pèmèt mwen vwayaje byen bònè, Koralen oubyen Jean Claude Martineau, Lyonel Trouillot, Manno Ejèn… Nou p ap bliye Inema zanmi nou, pou nou site sa yo sèlman ki te koze ak lòlòj mwen e fè m konprann tout bon, gen yon serenad pwezi kreyòl nan monnn literè ayisyen an k ap pèmèt mwen respire pi byen.
Mwen pral ankre mwen plis nan domèn nan, ak sipò Manno Charlemagne, nan zèv li ak jan li konprann pprann monn literè a. Paske grandèt la te pran plezi nan mete an mizik tèks pwezi. Eben nonm sa pral fè mwen tonbe damou literati an chanson, epi tonbe chache tèks pwezi ak konnen plis powèt. Se yon monn mwen vin tonbe damou.
Eben, nou tèlman abite pwezi moun yo, nou tèlman abite chante moun yo, nou te rive sedui pwezi li menm tou pou jouk nou abite l tou. Se konsa nou pral lanse nou nan lekriti, ekri pwezi, chache konn kiyès nou ye ak ekriti.
Lekriti pote anpil pou nou rive jodi a, e youn nan rezon k fè nou pa sispann ekri, se paske, koze an pran lari, pwezi jounen an se baton vyeyès nou, se yon poto, yon mapou, yon sipò ak yon apui si n ka di li konsa.
G: Nou ka mete nou dakò, yon ekriven se pa yon loray kale. Se (ka) rezilta yon pakou, yon seri rankont... kijan, oumenm, ou fè vin ekriven-powèt?
ML: Ochan pou rezo sosyal, ochan pou talan ekriti nou. Nou wete chapo pou chak grenn moun k ap suiv nou sou rezo sosyal yo e ki rive dakò, Mapou g on travay l ap fè ki san parèy.
Istwa a gen pou rakonte, Mapou te leve yon jou, li deside mete tout ekri ki t ap dodo anba kabann nan lari. E premye eksperyans lan se ak rezo sosyal. Se nan pataje bout tèks, bout panse pozitiv, rezo sosyal yo fè nou konprann toutbon, gen yon talan ki kache andann ki dwe pran lari. Sou enfliyans anpil lòt powèt, nou te pran konfyans epi soti tèt nou, e di nou pral pataje definitivman, sa nou ekri, ki te sou laptop e ki t ap dodo anba kanbann.
Nan espas yon lane, ak estrateji nou te mete an plis, ak kalite epi egzijans nou fè tèt nou, piblik la te rive bay ak sa n ap ekri yo yon non, ki se pwezi. Detèminasyon nou ak angouman nou pral fè yo rele nou powèt, yon tit pou mwen menm jounen jodi a ki lou, lè n ap konsidere egzijans sa mande.
Akonplisman yo pa t pran tan vrèman, anpil grandon nan domèn nan te rive konprann objektif nou ak travay n ap fè a. N ap site Wilkens Scott Fifi, Inema Jeudi, anpil powèt lespwa literati tankou Romy Jean François, Ansky Hilaire, Ninia bien Aimé, Gregphile, Mingolove Romain elatriye… ki vin mete dlo nan rasin nan, e pote konfyans ankò plis e di ti nonm sa gen kichòy pou pote, ann vanse ak li.
Pakou an chaje, e se yon travay ki kalkile, mete ak kapasite nou, talan nou, egzijans nou epi detèminasyon.
Tout bagay yo kòmanse nan lekòl klasik, sou rezo sosyal gras ak yon fànbaz, yon antouraj ki solid, ki kwè nan talan ak kalite sa n ap ekri epi patikilarite ki genyen lakay nou menm.
G: Yon ekriven pa ekri pou tèt li, dimwens pa pou tèt li sèlman. Li bezwen yon piblik. Yon seri lektè ki pou li zèv li. Ekriven an tou pa ekri pou anyen. Li gen yon bagay li vle/dwe di. Nan sans sa a pou kilès e pou kisa ou ekri?
ML: Mwen ekri pou eksprime santiman, panse, ak kreyativite mwen, e rive jwenn soulajman emosyonèl ak mental ki konn vle sove kite mwen.
Men tou mwen itilize ekriti pou pataje eksperyans, lide, oswa mesaj, e rive konekte avèk lòt moun ki gen menm enterè oswa santi menm bagay ak mwen.
Mwen ekri pou m kite pasay mwen sou latè, pou m santi m egziste tout bon. Mwen vle kite yon tras nan mond lan, yon dokiman sou kilti, sosyete, oswa tan an kote lèzòt ka viv anndan sa m ekri. Mwen ekri pou tout kouch moun, tout kalite moun. Bout Souf se yon egzanp… Menm langaj lari a abite liv la.
Ekriti se avantou yon pataj konesans, ki toufwa kapab anseye yon nouvo konpetans oswa konesans. Sa bay motivasyon tou, oswa ankouraje ak lòt moun atravè pawòl yo.
Ekriti an se yon gwo zouti, nou vle etilize l tout tan nou vivan, pou fè moun ri, reve, oswa chape anba reyalite monn nan.
G: Powèt, sa vle di kisa pou ou?
ML: Pou mwen, yon powèt se yon moun ki gen kado pou wè mond lan atravè lantiy emosyon ak imajinasyon. Yon powèt ka pran eksperyans òdinè epi pote li nan pawòl ki gen pouvwa, ki ka touche kè moun ak lespri yo. Powèt la sèvi ak mo tankou yon pent sèvi ak koulè, pou kreye imaj, son ak ritm ki fè lektè a santi oswa reflechi.
Powèt la se tou yon obsèvatè pwofon, yon moun ki remake detay ak nyans nan lavi chak jou. Li ka voye jete limyè sou bagay ki souvan neglije oswa inyore, e li ka eksprime verite ki difisil pou di dirèkteman.
Pou mwen, yon powèt se yon vwa ki ka pote konsolasyon nan doulè, enspirasyon nan desepsyon ak limyè nan konfizyon. Pwezi se yon fason pou konekte ak lòt moun nan yon nivo pwofon e entim, e pou eksprime sa ki pi fondamantalman imèn nan nou.
Yon powèt se yon pwofèt tou !
G: Mapou, fè nou vizite bibliyotèk ou...
ML: Sensèman, mwen pa gen yon sèl bibliyotèk, men pito yon latriye. Mwen konsidere tèks mwen tankou yon nomad, k ap vasiye nan tan an. Mwen soti Jeremi, mwen chanje lanati anpil, e mwen li anpil pwezi ki soti nan zòn nan tou. Lè mwen vin vwayaje, pou toujou reziste, se pwezi angaje ak pwezi melankolik ki te kenbe m lebra. Sa ki fè tou mwen angaje anpil nan demach mwen yo.
Mwen li woman, nouvèl tou, men pa nan nivo pwezi abite mwen an. Men se sitou nan jenn aj mwen, lekòl klasik ak segondè mwen te konnn li woman.
Mwen li anpil pwezi an fransè tou. Kòm mwen se yon pwofesyonèl sante, aspiran medsen, mwen li anpil travay syantifik ki anrichi konesans mwen nan medsin.
Nan kiba, mwen souvan frekante bibliyotèk Jan Jak Desalin, ki lakay zanmi m Hilario Batista, e lè m pase, se nan zèv pwezi mwen layite kò mwen, zèv kreyòl sitou.
Bibliyotèk mwen vasiye, li divès si nou ka di li konsa. Tanto nou nan liv syantifik, tanto nou nan lapwezi oubyen woman.
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 104
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
1 Commentaires
Louinel Jean Louis
January 06, 2025 - 02:51:29 PMTravay la enteresan. M telman pèdi ladan l, m panse se mwen k t ap fè entèvyou an... Kontinye vanse Gabynho ????