Mèt Bolo...

Mèt Bolo...

Youn nan pi gwo karakteristik mounite se sansibilite. Youn nan pi gwo zouti ki genyen pou fè pwent sansibilite se lekti. Wi, gen de liv lè w fin li l mounite w gwosi. Yon moun ki li "Gouverneurs de la rosée" (Jak Woumen, "Les enfants des héros" (Lyonèl Twouyo) ak "L'espace d'un cillement" (Jak Stefèn Aleksi) a demanti m si l kapab. Chak liv sa yo m sot site la, touche lektè a jouk nan nanm li. Sa k pi bèl la se pa kantite paj liv la ki defini djougans li. Yon egzanp granpanpan se "Mèt Bolo"

Mèt Bolo (Liv)

Pibliye nan lane 2019 anba lebèl Edisyon Freda, Mèt Bolo se yon rekèy nouvèl ki akouche anba kout plim akademisyen Pierre Michel Chéry. Zèv la gen sèlman de (2) nouvèl ki chita kò yo sou karannsèt paj: Mèt Bolo (1), Ochan pou solèy? (2).

Mèt Bolo (Nouvèl)

Mèt Bolo se pwofesè filozofi. Aprè diplòm li nan Lekòl Nòmal Siperyè nan Inivèsite Leta Ayisyen an li te ale fè yon metriz nan peyi Lafrans. " Yon jou apre li fin fè dènye egzamen li nan inivèsite a, mèt Bolo kouri retounen (p 3)". Tout lekòl nan kapital la louvri de bra pou achte sèvis li. Yon lane aprè, Mèt la pèdi lè li yo tikal pa tikal akoz rezilta elèv yo pa twò kòdyòm nan matyè li anseye a. Koze mèt la ap aprann elèv yo reflechi sou reyalite peyi a pa gade bakaloreya. Men sa pa deranje Mèt la. "Mouche pa [menm] remake si lajan pa rantre nan pòch li, sèlman li konstate li gen plis tan pou li mennen aktivite politik an kachèt li (p 7)". Nan domèn sa a tou, rezilta yo pa fè kè l kontan ditou. Li depoze lèzam epi marye ak yon ansyen elèv li, Janèt ki bal yon pitit fi, yo rele l Miryam. Mèt la damou de moun sa yo anpil. Se pi gwo bonè li. Goudougoudou foure bouch nan koze a. Kisa ki pase? Kisa ki rive?

Ochan pou solèy

Tout moun nan fè nwa. Solèy la chape poul li. "Solèy la tonbe nan lanmè. Gen grandèt ki di se yon madichon, solèy la bouke chofe moun ki gen move kè ak moun k ap fè krim (p 40)". Pa gen lavi san solèy. Si solèy la pa tounen nan plas li tout moun ap fè vwèl pou peyi san chapo. Tout moun anprizone tèt yo lakay yo. Li fè twò frèt, yo pa menm vle mete pwent nen yo deyò. Se Ajenò, yon avèg ki deside al chèche mouche solèy. Tout wout la l ap chante:

Se mwen menm Ajenò avèg Ajenò k ap pase
Se mwen menm Ajenò k ap mande konkou
Konkou pou n al chache solèy la kote l tonbe a.

Boutofen, èske l te rive jwenn solèy la?

Nan liv sa a, bèl imaj fè mikala w. Otè a kenbe men nou pou l mennen n kote l te vle a. Yon kote lanmò pa rive mete do kouraj atè. Yon kote moun pa sispann chèchè limyè solèy. Yon kote lespwa ap boujonnen. Mwen envite nou chak fè yon kout je nan "Mèt Bolo".

Bon lekti!

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Franck Vanéus

    October 17, 2021 - 12:28:33 AM

    Chapo patwon. Atik la rale fistiibal sou mwen. Si m pa li liv sa a tèt mwen deja kase. Di m kibò m ap jwenn li souple

  • Félix Roodly

    September 09, 2023 - 02:26:37 PM

    Chapo ba granmèt Gabynho