Ane sa Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la ap selebre an Ayiti nan yon kontèks difisil. Plis pase 2 semèn tout espas kiltirèl nan peyi a fèmen pòt yo. Gwo editè tankou ti editè ap travèse kriz. Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki konn abitye òganize yon dividal aktivite pou dat sa gen pwoblèm pou rive an pwovens. Wout bloke, pwoblèm gaz, pwoblèm ensekirite, peyi a an mal makak. Milye kiltirèl la an debrabalan.
Pou Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la, mwen vle rann omaj a yon pakèt operatè kiltirèl k ap bay lang ak kilti kreyòl la bourad. Pou n koumanse nou ka site Anivince Jean Baptiste k ap bay lang lan yon gwo jarèt ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl l ap mennen depi 3 lane. Twa lane ki pase nan woulo konpresè peyi lòk, pwoblèm kidnapin, ensekirite. Malgre sa festival la toujou kenbe djanm. Chak ane edisyon yo vin pi bèl. Ane sila festival la deside mete alonè ekriven Lyonel Trouillot ki se youn nan pigwo ekriven ayisyen vivan. Lyonel Trouillot se yon gwo defansè lang kreyòl. Li anime yon atelye ekriti ki pote non ( Atelye Jedi Swa) ki se atelye ekriti ki pi aktif epi ki pi pwodiktif dènye tan sila yo. Youn nan liv majè ekriven an « Agase Lesperans » ap disponib pandan festival la. « Agase Lesperans » se premye woman powèt, nouvelis Lyonel Trouillot pibliye nan lang kreyòl ayisyen an. Liv sila a se yon tablo kondisyon fanm ayisyèn yo. « Agase Lesperans » se plis pase yon istwa. Se yon reyalite. Se yon woman triptik. Twa istwa diferan, men ki pa diferan ak okenn lòt desten fanm Lyonel Trouillot rakonte nan liv sa a.
Twa egzistans ki pa gen anyen pou wè youn ak lòt. Twa fanm. Touletwa pote mak lavi, nan yon fason oubyen nan yon lòt, nan kè yo, nan lespri yo, nan nanm yo. Yo chak aprann sipòte lavi nan fason pa yo.
Li ta mande tou pou n salye travay Gérard Marie Tardieu ki se Akademisyen, li se gwo defansè lang ak Kilti Kreyòl. Gérard Marie Tardieu se youn nan moun mwen rankontre ki plis damou, ki plis fè foli pou lang kreyòl la. Li konsakre tout enèji, tout vi l pou voye moute lang kreyòl la.
Jodi a kontèks la difisil. Men gen anpil efò ki fèt nan sosyete a. Editè yo edite plis liv an kreyòl epi tou jèn ekriven yo ekri plis an kreyòl. Gen mwens prejije lengwistik. M koube m byen ba douvan travay ekriven: Frantzley Valbrun, Anderson Dovilas, Anivince Jean Baptiste, James Francisque, Dédé Dorcély, Clément Benoît, Otè sila yo fè m rejwi ak yon bonè estetik san parèy. Powèt yo konn ki lè mo yo nan plas yo. Kilè chak grenn vè s on kout loray ki ebayi nou douvan pòt powèm nan.
0 Commentaires