Senk kesyon pou Malaba Pitit Plim

Senk kesyon pou Malaba Pitit Plim

Nou te rankontre Malaba Pitit Plim, gwo lodyansè devan Letènèl. Ann li...

Kafounews: Malaba Pitit Plim, prezante w ak lektè Kafounews?

Malaba Pitit Plim: Savalouwe Jounalis Gabynho! Savalouwe tout lektè Kafounews ki pral gen pou vwayaje nan goutyè mo m yo ki pentire ak lajwa. Non pa m se Grégory FORESTAL alyas Malaba Pitit Plim. Mwen se Powèt, Kontè, Lodyansè, Editè, Fòmatè teyat. Mwen fè fòmasyon sou teyat nan yon dividal komin nan depatman latibonit la tankou Gonayiv, Tènèv, Ans-Wouj, Gwo mòn, Ennry... Mwen se Prezidan Festival trip kalbas ki se yon festival nan komin Tirivyè Latibonit. M se manm fondatè Atelye teyat kòkòday. Kowòdonatè Mouvman Atis Solid (MAS) pou komin Tirivyè Latibonit. Manm fondatè Festival Teyat Latibonit. Mwen ekri 4 liv, m pibliye 2 deja, Tèt lalin cho(Pwezi) ak Byennèt pou tout moun ( Lodyans). M se manm edisyon Ank Nwa.

Senk kesyon pou Malaba Pitit Plim

KF: Byennèt pou tout moun, kisa ki kache dèyè tit sa a?

MPP: Jan Chedlet Guilloux di l nan prefas la" travay lodyansè se yon travay sosyografik. Tout bon lodyansè dwe gen bon sans lobsèvasyon, deskripsyon ak kritik". Anndan chak grenn tèks lodyans ki ap jwe jon, bay kalinda, trase kata dosou marasa nan kat kwen liv la, mwen rive fè yon marandaj tematik kote politik, tristès, lanmou pran plezire ansanm. Pou m rive fè travay sila a, mwen tounen grennpwomennen. Mwen apante vil yo san kite rès, tètopye. M pandje zorèy mwen bò gran chimen pou m ranmase koze pa bann ak pakèt. Koze kremòl, koze siyatato, koze alsiyis, koze madansara, koze pedjòl... Janm toujou renmen di l "Byennèt pou tout moun" se yon kri pou bay lanmou jarèt, pou lavi kanpe doubout, pou zannana kou pengwen viv byen nèt sou ti bout tè papa Dasalin nan.

KF: Kijan w wè lavni lodyans la nan peyi a

MPP: Anvan m rantre dwat nan fenfon kesyon an. Ki te m di nou dezoutwa moso koze ki plake nan kat fasad lespri m sou jan literè sila a ki batize lodyans lan. Lodyans se yon jan literè ayisyen ki jwenn nesans anba kout plim Justin Lhérison ( 1873-1907) atravè de zèv majè ( Zoune chez sa Nainaine, La familles des pitit cailles). Lodyans pral rive kay kò l nan kat pwent literati gras ak yon dividal zèv yon potorik gason ki rele Maurice Sixto. Banm site kèk non zèv li yo pou nou: Tisentaniz, Leya kokoye, Gwo moso, Zabèlbòk Bèrachat... Men, chak lodyansè sa yo parèt yon fason pou manbre jan literè a plis. Lhérison parèt ak plim li, Maurice parèt ak vwa l. Sa vin fè lodyans jwenn fòs ni nan ekri, ni nan di. Jan anpil moun ta vle fè kwè l, depi gen yon istwa ki ap rakonte ak yon piblik, gen lodyans. N ap voye jete byen lwen lide sa a. Tout istwa k ap rakonte devan yon piblik pa lodyans. Jan Anglade di l la nan Mémoire de l' homme blanc: "L' audience est une pratique discursive deployant un veritable narratif... L' audience est un romanesque de haut niveau".

Malgre se youn youn grenn ekriven ki ap pratike jan literè sa a nan peyi a, lektè yo ak espektatè yo pa janm sispann bay temwanyaj lakontantman, lè yo jwenn chans li osnon swiv espektak lodyans. Sa ki fè lè m voye je m nan miwa lavni, m wè LODYANS la kanpe doubout.

Si tout machann te pote kè nan men tankou Bèkèlèw, moun t ap sispann mouri grangou anba je laprezidans.

KF: Yon pasaj ki ka rezime liv la...

MPP: M p ap bliye di liv sila a genyen sis tèks ki plòtonnen anndan l: Eleksyon Dan Rachòt, Peze souse, Latwoublay, Bèkèlèw fanm dous ak Byennèt pou tout moun. "Byennèt pou tout moun" se yon liv plizyè ekriven kontanporen kòmante: Mackenson Bijou, Cloche-Art, Obdiel Zidane Dormélus, Cobra's, Jean Marc Fleurimond. Yo chak bay dizon pa yo. M p ap bliye travay wòdpòte Chedlet Guilloux fè nan prefas la tou. Pou m fin rezime liv la nèt an gwosomodo ban nou. M ap pataje yon ekstrè nan yon tèks ki rele Bèkèlèw fanm dous ak nou.

Paj, 39, 40.

"Manje a fini sou li. Se lè tout moun yo fin ale atò, li pwoche epi l lonje bòl la bay machann nan.

_ Pou konbyen kòb ou bay machann?
_ Chak dimanch se gratis wi mesye!
_ Se vre!
_ Wi !
_ M pa t konnen!
_ M pa gen manje ankò, graten sèlman m rete.
_ Ou mèt banm graten an machann. Paske m pa bon pyès.

Bwabèl grate tout graten an vide nan bonm pwa a. Pou l fini, li pase l nan chodyè berejèn nan. Si w ta wè niche dwèt li, ti bouch li menm ap brase tankou se mò k mouri pa kite byen. Anverite, m te panse Bwabèl se yon tchòtchò, yon abèkzò, yon gwo nanm, yon kannannan. Poutan se pa vre ! Miche gen kont lespri l. Lè l fin manje, li leve pou l ale, sa nou kwè l di; Si tout machann te pote kè nan men tankou Bèkèlèw, moun t ap sispann mouri grangou anba je laprezidans".

KF: Yon konsèy pou yon jèn ki vle inisye nan koze lodyans.

MPP: Lodyans se yon jan literè ki pote mak fabrik alsiyis nan dousè. Lè w ap ekri l, lè w ap tande l se sa nèt, m gen lenpresyon foumi mèt mòde w vwayaj la pa ka paralize.

M ap konseye chak jèn ki ta renmen valkande plim yo nan jan literè sa a pou yo pa neglije chire moso lekti pou n vin maton nan lang yo vle ekri a. Ekriti lodyans mande pou n soufle yon ti pousyè pwezi sou tèks la pou pèmèt vwayaj lektè ak espektatè a fèt san nofraj. Lòt bagay: kontinye swiv atelye lodyans mwen yo konsa n a respekte tout règ ki tabli pou yon tèks lodyans kanpe doubout.

Mèsi ak tout zanmitay, espesyalman Gabynho ki te banm chans pateje detwa moso koze.

Senk kesyon pou Malaba Pitit Plim

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

8 Commentaires

  • Marie_ Angeline RUBAIN

    April 21, 2022 - 04:13:33 PM

    Yon gwo kout chapo pou zanmitay anm Malaba pouse lavi zanmanm

  • Jean Marc Fleurimond

    April 21, 2022 - 11:23:06 PM

    Bravo Kafounews
    Bravo Gabynho
    Kontinye fonse Malaba

  • malaba

    April 22, 2022 - 03:24:50 AM

    Ewa ewa anoulaye!

  • Stanley Charles

    April 22, 2022 - 03:29:02 AM

    Lespwa pap tenyen nan kout plim ou, kontinye travay ou Malaba pitit plim

  • Beni509-Tech

    April 24, 2022 - 03:19:24 AM

    Beni509, ap toujou di w #focus ak rèv ou.
    Mwen pako wè ou p ap rive nan rèv ou yo, menm pou jwèt.

    Anplis mwen ap tann ou kote ou gen pou w rive a.. Pa dekouraje menm si lavi ayiti, ta vle fe nou bese lèbwa bali.. Anmòd (Guerly) Nou p ap koube nou menm, nou p ap janm pè yo

  • malaba

    April 24, 2022 - 07:38:18 PM

    Mèsi pou lanmou nou!

  • KemberFlo105

    April 27, 2022 - 03:17:25 AM

    Kontinye vanse kavalye

  • ylerdieupierrot509@gmail.com

    April 28, 2022 - 12:33:35 AM

    Bravo Malaba pitit plim, mw vrèman wont ou frèm e mw paka di mw te konn edew non paskem te la avanw e mw pa fè anyen pou yo wèm.Genlè se plas ou mw tal kòmanse kite pou ou