Souf lavi: chapit 1

Souf lavi: chapit 1

Tankou mouche kadav, manzè lalin kanpe byen serye ap gade zetwal yo k ap fè konkou bòzò. Ou te mèt bezwen yon mòso nyaj pou fè te, ou pa fouti jwenn. Fèy bwa yo ke makak. Senkant kòb van pa soufle. Men li pa fè chalè. Nonplis, li pa fè frèt. Tout jefò jenonm nan fè pou l jwenn yon chita-koute ak lespri l, li pa kapab. Wopalè restoran tou pre lakou kote l rete a ap vomi kanaval tout koulè. Yon mikmak: Rasin. Varyete. Rap. Bagay li gen lontan li pa tande, gen yon gwoup timoun tou pre a ki ap fè lèzonyon, lago deli ak pla men cho. Mizik restoran ak jwèt timoun yo fè tchaka ak pawòl piman bouk k ap sòti nan bouch de vwazin. Melanj etewojèn sa ap bat tanbou nan tèt Wowo. Li pa ni ka dòmi ni ka reflechi. Lè w rete nan lepèp ou pa mèt tèt ou. Dòmi w pa sou kont ou. Se lè zòn nan vle w dòmi ou dòmi. Se rete ou rete ou wè gwo baf ap konekte, bri, betiz pra l fè kenken. San konte kèk vwazin zele ki pa ezite bay radyo yo tout volim pou yo pran ti vèy denui yo. Vwazin yo tanmen joure depi bò 6 zè, labrenndiswa te renk ap parèt tèt li, tout uitè malerèz yo t ap defoule yo youn sou lòt toujou. Medam yo te mobilize tout kapasite entèlektyèl yo pou konstui betiz. Selimèn ak Joslin pa janm byen. Tiye Selimèn, rache l, Joslin ap chanje kabrit ak mari li, bòs Djefèt. Depi w se malerèz, tout bagay sanble w. Madanm nan tonbe make lòt la, jwe bosal avè l depi jou swa je l te tonbe sou mari l k ap foure men nan pòch li alòs vwazin nan, Joslin te kanpe fas pou fas ak bòs la. Joslin lage nan Pòtoprens ak de timoun sou bra l. Mari li, Swafèt te mouri anba men bandi sou Bisantnè ki t ap eseye toke kòn ak lapolis. Se kapab tou katouch lapolis ki te voye nonm nan nan peyi san chapo men, yo toujou di se bandi ki te touye l kòmkwa bal lapolis se Vitamin.

Souf lavi: chapit 1

Depi aprè lanmò mesye a ki te gen yon vye machin a koud Kwabosal, sou pay, manzè ap monte masuife. Jou vye malerèz sa resi monte chodyè lakay li ou mèt konnen ap gen gwo lavalas. Chen ap bwè dlo nan tou nen. Depi aprè antèman, timoun yo koupe pye lekòl. Wowo ak de tifi. De bèl timoun. Timoun yo detounen. Yo tounen petevi. Tèt yo vin kwòt. Move lavi ap ba yo pataswèl. Ti bouch yo toujou an farinay. Lè w tande manman resi sòti epi tounen ak yon sachè pen, yo fè dappiyanp sou li sou konn se kòk baskou yo te bliye nan kalòj. Joslin se malerèz, tout bagay sanble l. Selimèn ba l tout non. Aransò nan sewòm. Lamègzo. Soufrisken. Manman penbèch. Tout lasent jounen l ap voye toya. Fi a sèvi lòt la pèsekisyon. Malgre bòs la fè madanm li konnen li pa ak fi a, manzè rete pwennfèpa. Sa ki nan tèt li a, se li ki verite. Ti bray la bezwen yon ti mòso tan pou l pale ak tèt li men, zòn nan pa ba li dwa sa. Li anvi pale ak bonnanj li. Li anvi kesyone lespri l. Li bezwen konnen ak tout fòs kouray li ki pwa li te manje ki fè se lapire sa l ap bay. Lapire lamizè. Mizèrere. Mizè nwa. Nwa kou Bawon gran simityè. Mizè anmè kou fyèl bèf ki mouri nan pwazon rat. Mizè pa ka manje. Mizè rale monte twa kat jou san goute sèl ak sik. Mizè jèn fòse. Ti jèn nan anvi konnen sa li fè li ap peye. Nan peyi isit granmoun toujou di sa w plante se li menm ou rekòlte. Wowo pa sonje yon fwa nan vi l li te simen grenn grangou, grenn pye atè, grenn drive po kò, grenn dezolasyon, grenn bouche nen bwè dlo santi. Li pa sonje lè l te poze zak sa yo, men se yo l ap rekòlte chak jou ki jou nan vi li. pandan ti jenonm nan ap bat kò l sou vye depotwa pinèz la konsa, li gen yon pou ki bat sou li, yon sa m pa konnen yo ki pike souvnans li. Li sonje li gen plis pase transizèdtan san manje. Bwa souvnans sa al frape sou wòch dlo je ti nonm nan , sous la pete. Je misye ap bay dlo san rete. Zorye a neye. Wowo tanmen bay dlo twa kote. Je l, nen l ak bouch li ap ponpe dlo san pran poz jiskaske yon ti pay dòmi vòlè l. Li poko fèmen nawè l, li tande yon moun ap frape pòt kay prèt pou kraze l. Mèt kay la. Madanm nan deside. Byen deside pou l touche kòb kounouk li a. Li tonbe poze Wowo kesyon. Kesyon rèk. Kesyon ki pa rete ak kesyon. Menm chen nan zòn nan ki t ap koute madanm nan wont. Kesyon piman bouk fè kafouyay nan bouch madanm nan. Di m non Wowo! Ti Wowo! Se Rara pito, se pa Wowo. Se fanmi w mwen ye? Mwen se manman w? Ou konn janbe m Wowo? Mwen rekonèt ou? Ki non manman w Wowo? Ki non papa w? Ki dlo ki mennen w Wowo? Ki dlo ki pouse w? Ki loray ki kale w mouche? Gade sipann fè lespri w kwaze ak sòt mwen tande. Chak semèn ti maskwali a gen yon kòb k ap rantre. Gade li! Gade lè fos kouch makak la non. Sa w di? Ou resi wont atò? M pa p pran pawòl, swa ou kale m lajan m oswa ou kite kay la. Padan madanm nan ap djayi pawòl konsa, je l vin wouj. Fò w ta di l ap transfòme. Li kòmanse menase Wowo. Li pop li kenbe l nan kòlèt. Wowo pantan. Li swe. L ap cheche tout kote. L ap tate tout kabann nan pou l pran ti Ede m peze a pou li ka fè ekleraj. Wowo pè. Bonnanj li vole gagè. Li pè pou rèv la pa vin reyalite. Li pè pou madanm nan pa vin mete l sou de ran. Ti kanton sa, depi yon ti bri manke fèt, moun gentan sou de ranje, opa kamarad, ap tann bèl mèvèy. Y ap bat bravo, fè bri, fè ti dife volan. Wowo pè bri. Li pè bagay sa yo. Li pè eskonbrit. Li pè madanm nan. Li pa gen kòb pou li peye kay la. Wowo pa gen rele. Li pa gen reponn. Li ta sove ! kote l prale? Ki moun k ap resevwa li ak timoun yo? Pou konbyen tan? Wowo pete kriye ankò. Je l tonbe deplòtonnen dlo.


Kannanri dlo je
Neye souvnans lespwa
Move lari bare
Tout ti zetensèl
Sa ka chanje
Chanm lespri fè nwa
Kou lank
Sèl posiblite ki vivan
Se travèse

Wowo ap kriye. L ap plenyen sò li nan kè l. Pipirit pa fè kuik. Tout Wopalè pran vakans. Vwazin yo sispann fè voksal. Nyaj kouvri syèl la. Yon gwo lapli papa toudenkou deplwaye zèl li. Dlo je ap benyen Wowo. Lavalas ap lave tè a.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

5 Commentaires

  • Gregphile

    February 02, 2022 - 04:27:29 PM

    Ewa poto ewa
    anpil nanm...

  • Kerry Daniel

    February 02, 2022 - 04:39:19 PM

    lèw ap vini nan lepèp vèydenwuit, kòwòt dimmaten, tisourit pa kite w dòmi tou non .

  • Kerry Daniel

    February 02, 2022 - 09:42:12 PM

    lèw ap viv nan lepèp vèydenwuit, kòwòt dimmaten, tisourit pa kite w dòmi tou non .

  • Quedje

    February 03, 2022 - 02:40:07 AM

    Entèresan

  • Exantus Pierre Kendy

    February 03, 2022 - 03:18:49 AM

    Ou rive sou mwen ak tèks la anpil Bro. Esa!