Souf lavi: chapit 2

Souf lavi: chapit 2

Fanmi rete fanmi. Pousyè mache pi bon pase pousyè chita. Gen yon pwovèb ki di: « Mache chache pa dòmi san soupe ». Wowo deside ale chache kote lavi fè kwen kay yon fanmi. Yon fanmi san fanmi. Yon kouzin manman l. yon kouzin lwen lwen. W ap bezwen anpil kout plim ak anpil atansyon pou w rive dechouke lyen sa a. Fanmi pre, fanmi lwen, fanmi lwen lwen, fanmi kanmèm. Misye leve san yon pyas. Li deside ale. Li koupe fache ak tout lide ki ta vle detounen l sou chemen l. Ak kòb, san kòb li prale. Poukisa Bondye te ba li de pye. Wowo sele vityelo l nan yon vye tchaniz ki prèske mouri, li pran wout la. Tout l ap mache a, l ap sonje ki valè byen ak lajan manman l te konn ap di moun sa yo posede. Se pa de tè. Se pa de machin. Mèb italyen fè mikala w lakay moun sa yo. Panno kay yo potre yo mize tank tablo kouvri l. Tablo yon seri pent ak gwo non : Dieudonné Cédor, Tiga, Frankétienne. Afè moun sa yo bon anpil. Men ou ka chich tou, pa pase yo. Ou ka renmen plenyen tou, men se pa nan prent pye yo. Devan yo, tout gwo plenyadò entènasyonal fè bèk atè. Yo pa janm gen yon goud. Epi, tout zafè yo ap byen mache. Yo chanje machin twa fwa chak ane. Se yo ki ap okipe pitit yo ki ap etdye kay tonton Sam. Men, yo pa janm gen yon penich. Si w te genyen pito w ta ba yo. Lide sa yo fè Wowo anvi kase tèt tounen, men li di li prale kanmèm paske pèsòn pa janm konn kote dlo pase pou table katye jeneral nou antre nan kokoye. Bay piti pa di chip : sa yo ba li l ap kontante l paske gen yon tikal miyò pase pa genyen ditou. Menm kèk pen bwat l a achte. Grangou a rèd. Ti trip soti pou li fè yon sèl bouche ak gwo trip. Glòdòp glòdòp, se konsa vant ti bray la ap bouyi. Se pa nenpòt lanmè woule. Se pa ti tanpèt piti k ap wouke nan vant Wowo. L ap mache ak anpil detèminasyon pou al chache kichòy. Kichòy pou l sove lavi li ak de ti sè li yo. Yo p ap ka pase yon jounen konsa ankò. Li bezwen lage yon dlo pou kase fe dlo k ap bouyi dlo anndan vant yo an. SAfòs li ap reflechi, li pa wè lè li rive nan zòn li te prale a. se koupe misye koupe wout la. Wowo kwaze ak matant li, anfèt se gran kouzin lim men pa bò isit gran kouzin ki gen lajan se matant. Li kwaze ak dam lan nan dènye koub pou l rive nan kay la. Manzè te ak tout mari l nan yon patwòl fèk dekachte. Se pa ti kontan yo pa te montre Wowo yo te kontan wè l. Akèy la louvri kè jenn bray la. Li te kontan anpil. Yon fòs kouri monte nan janm li ak tout boulin. Li gentan santi li dizòm. Aprè yon ti tan ap pale konsa, kouzin nan fè Wowo konnen li prese, li pa te konnen si li te ap vini, paske sinon li t ap pare pou tann li. Fi a rale yon bous lajan. Ipolit fè mikalaw. Wowo ri jòn. Li gentan kòmanse tiglòt yon plat diri, sòs pwa ak legim nan lespri li. Li gentan wè de ti sè li yo ki louvri de pye yo nan mitan kay la k ap manje. Li wè limyè leve sou figi timoun yo. Madanm nan pase mil goud, tonbe nan 500 goud, rive nan 250 goud. Bouch Wowo kouri dlo. Lè madanm nan rive sou biyè 50 goud yo, li klase lajan epi foure l nan bous li. Li rale valiz li, chache, li pase plizyè 25 goud. Li fouye. Li louvri tout tiwa ki nan machin nan. Li vire valiz li tèt anba. Mari l fouye tout kat pòch li tou. Li wete totut lajan, li pase yo fèy apre fèy. Wowo ap gade. Bouda l ap koupe klou. L ap tann. Je li fikse kòb yo sou konn se chen k ap tann rès bav timoun chich. Aprè tout jimay. Tout vire pòch nan vè. Tout debarase tiwa. Tout deboure valiz. Fi a fè tifi a konnen li pa gen monnen, li a sere dibon an pou li. Yo demare machin yo. Yo ale. Yo kite Wowo ak bouch li plen dlo nan mitan chemen an.

Pousyè mache
Bade figi Wowo
Ak lawonte
Imilyasyon paralize
De pye l nan kalfou
Bouske lavi
Bonnanj li fè vwèl
Kite l ak je l
Kole nan fant janm
Dezespwa

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires