Tim Tim!
Bwa yo seche mank laswenyay
Peyizan bliye chimen latè
Peyizan nan kafouyay pòtoprens
Taksi moto se figi maske lagrikilti
Se staj pou ti entèlektyèl bouda chire
Se lespwa yon jenès delala
Yon jenès kwatchòkò
Ki pa jwenn viza pou rive Chili
Taksi moto se dlo nan je
Se pòt sòti zenglendo
Ki tounen agrikiltè
Nan simen lanmò
Sou yon ti pèp ki grangou viv
#SamuelTaillefer
Taksi moto!

La Rédaction 243
Kafounews
13 Commentaires
Dael
February 02, 2022 - 12:53:48 PMWaw felisitasyon
Dael
February 02, 2022 - 12:53:48 PMWaw felisitasyon
Dael
February 02, 2022 - 12:53:49 PMWaw felisitasyon
Dael
February 02, 2022 - 12:53:49 PMWaw felisitasyon
Dael
February 02, 2022 - 12:53:49 PMWaw felisitasyon
Joesph Emmanuel LOUIJUSTE
February 02, 2022 - 01:10:23 PMYo pap konprann ou ,men domaj!
Ankò yon lòt fwa yon si bèl tèks.
Vernet Francia
February 02, 2022 - 01:46:47 PMOu eksplike lavi lajenes nan yon bout teks. Bravo bel teks.
Jefferson Euvariste
February 02, 2022 - 02:10:30 PMBèl travay brother!
Nan yon ti tèks tou kout
Yon pakèt bagay pale
Jefferson Euvariste
February 02, 2022 - 02:10:37 PMBèl travay brother!
Nan yon ti tèks tou kout
Yon pakèt bagay pale
Philossaint Mackenson
February 02, 2022 - 02:23:17 PMYon reyalite ki tris...
Rèv ak sakrifis jenès la redwi a taksi moto. Yo fè yo gouye sou chann mas pou moto.
Philossaint Mackenson
February 02, 2022 - 02:38:57 PMM felisitew Taillefer paskew rive wè sa anpil nan nou pat wè. Epi ou rive ekri sa anpil nan nou pat ka ekri.
Mr FD
February 02, 2022 - 04:08:53 PMEwa ewa zantray mwen m' wete chapo m Byen ba pou kokenn chenn teks sila
Herval SAINT-JEAN
February 03, 2022 - 01:21:14 AMChak teks ou pibliye montre tout moun dimansyon plim ou.Yon teks sou taxi moto ak yon apwòch ki chaje fasèt sekrè e devwale se yon lòt fòm mesaj ou kite nan galata plimay ou...kontinye fè plim ou sèvi plis moun nan kominote a????????