Yon powèt se pa yon moun konsa konsa. Se yon moun ki gen kapasite pou ranmase mo pasi pala, mo ankè, bout mo, mo kout, mo long, mo save, mo drive, pou kreye imaj k ap mache men nan men sou konn se de ti jèn ki fenk damou ak mizikalite. Maryaj sa pote non pwezi. Pwezi. Ala bèl ti mo sa papa ! Gen divès kalte powèt. Osinon tou nou kapab di chak powèt itilize plim yo fason pa yo. Gen sila ki itilize lank yo pou selebre lanmou, fè lwanj pou lanati. Gen lòt ki yo menm itilize plim yo pou rele chalbare dèyè gwo zòtèy k ap maspinen malerèz ak malere, fè yo wè joudlan avan nwèl. Nan sans sa nou kapab di Gregory Florestal alyas Malaba pitit plim se yon powèt polivalan. Premye rekèy powèm li a ki pote tit "Tèt lalin cho" se yon egzanp vivan. Nan liv sa Malaba rive trete yon makòn tèm ak yon talan ki byen mi.
Pitit plim tranpe lank li nan san Ewòs yon mannyè pou l jwenn yon fason konpè kòk pou l dekri yon fanm.
Ou se pi bèl fanm latè posede
Anba zesèl li
Franchman si w pa t egziste
M pa t ap ka pale de bote
Je lalin
Dan koton
Tete doubout
Djòl pwès
Bèl nègès
Grégory itilize plim li tou nan rekèy powèm sa pou li anseye lèkte yo sou lanmou. Li montre yo lanmou pa toujou prese, lamou pasyan.
Antoulèka
M ap toujou la pou ou
Bèl marabou
Nenpòt lè w vle
Nenpòt lè w di m
M aksepte
Menm si w ta sou baton ap tranble
M ap aksepte
Pa bliye m te di powèt la polivalan. Kèk fwa, li konn mete kostim obsèvatè li sou do l pou l al gade sa k ap pase nan lari a. Men sa li wè.
Tèt lespwa kase nan fè revandiksyon
Pou dechouke lamizè
M wè lanmò lote nan gran chimen
M wè kadav tounen adoken
M wè timoun bò lari ap jwe ak lanmò
M wè lanmò ap jwe ak timoun bò lari
Malaba reflechi byen sou jan leta ap sèvi ak pèp la. Aprè anpil meditasyon, li rive jwenn sa leta ba nou fè. Kiyès ki ka demanti pawòl sa a :
Leta ban nou yon zegui san je
Pou nou pyese rèv nou
Tèt Lalin cho se yon liv ki plen richès. Pou yon premye kou otè a rive pase eprèv la. Tout tèks ki nan liv sa koule san ma.
Finalman, pouki Tèt lalin cho daprè nou ? Men repons lan.
Pou yon fanm
Yon bèl fanm
Ki tankou yon peyi
K ap tann limyè delivrans
Tèt Lalin cho, yon rekèy pwezi tout amatè pwezi ta dwe li
Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100
Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".
8 Commentaires
Davart
February 13, 2020 - 03:32:27 PMTèt lalin cho.Bout pwezi wi
Malaba pitit plim
February 14, 2020 - 04:24:25 PMEwa zanmerant
Malaba pitit plim
February 14, 2020 - 04:24:34 PMEwa zanmerant
Malaba pitit plim
February 14, 2020 - 04:24:51 PMEwa zanmerant
Pecheese Le Poète
February 22, 2020 - 08:36:11 PMMè felisita... zanmitay
Malaba pitit plim
February 27, 2020 - 07:29:11 PMLanmen djanm powèt!
Nègafrika
April 22, 2020 - 12:11:21 AMEwa zantray
Antoine Lourdemia
January 18, 2022 - 04:55:54 PMEwa pi gran