Menm jan akde(2 ) premye yo, twazyèm soti Kwen Pawòl Lib la te konnen yon kokennchenn siksè. Yon lòt fwa ankò, piblik la te reponn prezan nan Kwen Pawòl Lib, ki se yon nouvo espas diskisyon, deba kritik, refleksyon sou reyalite lavi sosyete n ap viv la. Aktivite sila a fèt chak de (2) jedi nan Kafou sou lobedyans Kafounews, ki vle pwopoze yon lòt modèl jounalis, ki pa chita ap kouri dèyè enfòmasyon sou aktyalite yo men ki vle pote kontribisyon pa li nan konstriksyon lide ak pwopoze pis solisyon pou rezoud pwoblèm k ap brase bilsosyete a.
Nan twazyèm soti a, Kwen Pawòl Lib te resevwa travayè sosyal Romario Gilot kòm entèvenan ak etidyan finisan nan sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn Gersondo Pierre kòm moderatè, sou sijè : "Pwoteksyon timoun ak vyolans gang ann Ayiti : refleksyon sou angajman ak responsablite yo … "
Pou kòmanse, entèvenan an eseye pote limyè byen rapid sou konsèp “Timoun” nan. Li pati ak definisyon Konvansyon sou Dwa Timoun yo (CIDE) ki adopte nan Nasyonzini nan dat 20 novanm 1989 ki di yon Timoun se tout endividi ki gen ant 0 ak 18 lane.
Men se yon definisyon plizyè disiplin tankou dwa, sikoloji, medsin fè ti pase men ladan. Menm konvansyon sila a pral defini ansanm dwa timoun yo genyen nan lide pou pwoteje yo, sa ki pral mennen Gilot dwat nan yon dezyèm konsèp kle nan entèvansyon li an ki se : pwoteksyon ti
moun.
Li prete lide Catherine Derouette ak Fabienne Dumoulin ki se 2 espesyalis nan domèn pwoteksyon timoun ki pou yo, se yon ansanm dispozitif administratif, jidisyè ak edikasyonèl ki pèmèt Timoun yo pwoteje kont tout sitiyasyon maltretans ki kapab mete an danje prezan ak demen yo nan plizyè nivo tankou: sekirite, moralite ak edikasyon. Pwoteksyon Timoun yo vle di tou oubyen pèmèt yo pwoteje kont tout fòm vyolans tankou : fizik, sichik, seksyèl.
Entèvenan an avanse pou gade pwoteksyon Timoun nan parapò ak yon ansanm evolisyon oubyen chanjman ki fèt nan sosyete yo. Sa ki pral tou pèmèt li fè yon ti kout pye nan listwa pou aprann nou gen yon peryòd nan listwa Timoun pa t konsidere tankou yon “sijè” men pito tankou yon objè. Nou ta pral tann jis nan lane 1789 avèk Deklarasyon Dwa Moun pou timoun vin sijè, epi pou n tann jis nan lane 1989 pou yo fikse ansanm dwa timoun genyen tankou pou yo al lekòl, jwenn lwazi, viv nan yon anviwònman sekiritè, elatriye.
Se nan sans sa, gen yon bann enstitisyon swa nan nivo etatik, entènasyonal oubyen prive ki kale pou ride Timoun yo jwi dwa sa yo genyen an ki se pwoteje yo kont tout fòm vyolans ou zak ki ka menase byennèt yo. Nou ka site nan nivo entènasyonal : UNICEF ,ONG, Fondasyon ; sou plan nasyonal ak lokal nou jwenn kèk enstitisyon Leta mete sou pye tankou : IBESR, BPM, Sant, CERMICOL; epi yon ansanm òfelina, krèch, fondasyon kèk endivi ou gwoup mete sou ppye.
Romario Gilot, ap annchennen pou li antre pi fon nan nannan sijè a, pou li gade nan mitan tout vyolans ki gen la jounen jodi a nan sosyete a kote Timoun yo enplike dirèkteman oubyen endirèkteman, ki angajman ak responsabilite ki ta dwe pran?
Pou reponn kesyon an, li gade angajman ak responsabilite yo nan yon nivo enstitisyonèl ak estriktirèl dabò epi nan nan yon nivo endividyèl ak kolektif ansuit.
Sou pwen sa a, li montre Timoun yo kòm kategori sosyal pa rive epanye de klasifikasyon yon travayè sosyal tankou J-F Bazier, fè sou vyolans : Vyolans anba chal: li kache dèyè yon ansanm abitid, politès, elt.; vyolans dirèk : kou, brutalité; vyolans estriktirèl.
Men li presize, nan kèlkeswa kategori a vyolans lan gen yon sèl objektif : "destriksyon".
Li voye jete byen lwen tou lide, akoz sitiyasyon peyi a ye la,ki gen tandans ap fè timoun yo pase pou koupab, pandan yo se prensipal viktim mank angajman ak responsabilite sosyete a ta dwe pran pou pwoteje yo.
Boutoufen, entèvenan an panse gen kèk Aksyon kolektif ki ka fèt pou kontinye ride ak sansibilize plis moun sou nesesite pou pwoteje Timoun yo tankou nan mete espas pou pèmèt moun yo pran konesans sou dwa ak responsabilite yo. Epi relanse deba a ak yon kesyon li kite pou asistans lan: “Fas ak sitiyasyon sa n ap viv la ki modèl angajman ak responsabilite ki ta dwe pran pou ride pwoteje Timoun yo kont sa n ap viv kòm vyolans pa bò lakay nou ?”
Mardoché ETIENNE
Pwoteksyon timoun ak vyolans gang annAyiti : refleksyon sou angajman ak responsablite yo...
La Rédaction 241
Kafounews
1 Commentaires
Mackenley JOSEPH
May 24, 2024 - 06:03:27 PMSe te yon entèvansyon ki te pèmèt nou gen yon lide an plis sou kesyon vyolans kap fèt sou timoun yo chak jou nan peyi a. Mwen felisite KafouNews pou gwo travay sila a.