TWAZYÈM SÒTI KWEN PAWOL LIB: PASITAN YO SATISFÈ

TWAZYÈM SÒTI KWEN PAWOL LIB: PASITAN YO SATISFÈCP: Oriol Antoine

Pwoteksyon timoun ak vyolans ann Ayiti : refleksyon sou angajman ak responsabilite yo. Se anba tèm sila a twazyèm sòti "Kwen pawòl lib" la te dewoule jou ki te jedi 9 me pase a. Van latwoublay ki t ap soufle sih komin Kafou pa t anpeche piblik la reponn plètil vin kase pawòl ak travayè sosyal, Romario Gilot (entèvenan) ak etidyan nan sosyoloji, Gersondo Pierre (moderatè), nan Caroline Bar ki chita kò l nan Monrepos 38.

TWAZYÈM SÒTI KWEN PAWOL LIB: PASITAN YO SATISFÈ

Patisipan yo pa kache kontantman yo

Jean Kenley Bien-Aimée, etidyan nan syans politik nan Inivèsite Leta Ayisyen an, fè konnen"Kwen pawòl lib" se yon espas ki reveye lespri kritik ak entèlektyel lakay jèn yo. Li esplike: "Se premye fwa mwen patisipe nan Kwen pawol lib, se yon aktivite ki vrèman entèresan, sitou nan sitiyasyon sosyopolitik peyi a ap paweze nan dènye jou sa yo".

Pou Loveny PIERRE, "Kwen pawol lib" se yon espas ki pèmèt jèn yo viv eksperyans libète ekspresyon yo. Li deklare: "Pou mwen aktivite sa vreman entèresan Tout moun gen posiblite di sa yo panse nan respè youn pou lòt. Pou mwen aktivite sa dwe kontinye fè chimen l nan komin nan ».

"Jounen jodia, timoun yo vin plis riske fas ak machin ensekirite k ap kouri san fren nan peyi a. Sitiyasyon malouk sila a lakoz plis timoun ekspoze epi sibi vyolans. Alòs, levanjil pwoteksyon timoun nan ta dwe ap preche nan tout rakwen", se pwennvi Dominique Franklin. Pi lwen li fè konnen: "Espas tankou "Kwen pawòl lib" yo dwe donnen tankou djondjon nan peyi a".

Mirlene Blanchard poko rate yon sòti. Li pa kache apresiyasyon l pou inisyativ sa a Kafounews mete sou pye. Li deklare: "Se yon aktivite mwen renmen anpil. Kantite moun ki toujou reponn prezan se temwanyaj swaf kominote a pou tip aktivite sa yo. Vyolans nèg ak zam paralize anpil aktivite ki te konn fèt nan sant vil la, kidonk yon aktivite konferans deba vreman enpotan pou jèn yo ak komin nan. Patisipan yo, kontèks la, espas la, tout makonnen ansanm pou valide aktivite sila a".

N ap raple, Kwen pawòl lib fèt chak 2 jedi a nam "Caroline Bar" ki chita kò l nan Monrepo 38, Kafou.




Serge Junior Pierre
*Cette publication s'inscrit dans le cadre de la restitution de l'atelier d'écriture journalistique réalisé les 29 et 30 mars 2024.

Share

La Rédaction 234

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires