Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ap òganize Festi Kreyòl Ayisyen

Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ap òganize Festi Kreyòl Ayisyen

Sòti 21 pou bout 28 oktòb k ap vini la, "Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne (CCMEC)" ap òganize premye edisyon "Festi Kreyòl Ayisyen" anba tèm "Kreyòl Pale Kreyòl Konprann".

Chak ane, depi 1983, peyi kreyolofòn yo pran dat 28 oktòb la pou yo selebre jounen lang ak kilti kreyòl. Nan sans sa a, pou selebre jounen sa an granpapan nan Kafou, "Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne (CCMEC)" ki chita kòl l nan Tò 12 ap reyalize uit jounen aktivite ki batize "Festi Kreyòl Ayisyen". Pou premye edisyon an se komedyen-ekriven-powèt Garnel Innocent ki envite alonè.

Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ap òganize Festi Kreyòl Ayisyen

Pwogramasyon

Pwogramasyon
21 oktòb 2021 (9è am - 5è pm) : Jounen ekspozisyon
22 oktòb 2021 (4èpm) : Atelye teyat
23 oktòb 2021 (9è am - 5è pm) : Jounen jwèt tradisyonèl
25 oktòb 2021 (4è pm) : Atelye tanbou
26 oktòb 2021 (5è pm) : Espektak
27 oktòb 2021 (4è pm) : Atelye ekriti (nouvèl)
28 oktòb 2021 (4è pm): Tab wonn

Leblanc Blondy Wolf (Gabynho) ki se animatè prensipal sant kiltirèl la fè konnen festival la reyalize nan sousi pou fè pwomosyon pou lang kreyòl ayisyen an epi inisye jenn fanm ak jenn gason nan kominote a nan domèn kreyasyon literè ak atistik. Pi lwen, Animatè a envite entèrese yo vizite paj fesbouk ak entagram sant la yon mannyè pou yo jwenn tout detay sou dewoulman festival la.

Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ap òganize Festi Kreyòl Ayisyen

Envite alonè a

Komidyen-Ekriven-Powèt-Pwofesè, Garnel Innocent, Direktè fondatè "Institution Mixte Pouchinit" fèt 10 fevriye 1973 nan Pòtoprens. Li pibliye plizyè liv tankou Leksife, Lea kokoye ak lòt lodyans (pyès Maurice Sixto yo) ak Souri Bolid. Ekriven an gen plizyè lòt zèv nan kouti.

Share

La Rédaction 237

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires