Dezyèm edisyon konkou DataPoyetik la lanse

Dezyèm edisyon konkou DataPoyetik la lanse

Sòti premye mas pou bout 31 avril k ap vini la a, asosiyasyon Eritaj Kilti Kreyòl louvri de bra l ap tann tout moun ki vle patisipe nan dezyèm sòti tchalendj DataPoyetik la.

Dezyèm edisyon konkou DataPoyetik la lanse

Eritaj Kilti Kreyòl se yon òganizasyon Ayisyen ki nan dyaspora ki bay tèt li misyon fè pwomosyon lang ak kilti kreyòl ayisyen an. Òganizasyon sila gen syèj sosyal li New York men manm komite ayo chita nan 2 peyi: Etazini ak Canada. Aprè yon lane legzistans yo gentan ponn plizyè aktivite tankou Bouyon Kilti ki se yon entèvyou anliy chak dimanch sòti 3 zè pou bout a 4è nan laprèmidi, Parantèz kiltirèl chak samedi a 7è epi DataPowetik, yon konkou pwezi sou entènèt ki sou dezyèm edisyon l.

Pou ane sa a, konkou a ap òganize anba tèm: "Pwezi kreyòl liberasyon mantal". Postilan yo ka soumèt tèks yo sòti premye mas pou bout 30 avril k ap vini la epi pou ekip jiri a ki gen ladan l Inéma Jeudi(Ayiti), Jacques Trouillot (Kanada), Jean Domond (Etazini) bay dizon l sou chanpyon yo jou ki ap 31 me 2021 an.

Kèk pwen esansyèl nan règleman konkou a

Entèrese yo dwe ekri twa (3) pwezi an kreyòl ayisyen ki chante limyè ak lanmou pou peyi a. Y ap poste li sou kont fesbouk yo ansanm ak yon ti bout biyografi ak achtag #DataPoyetik anba pwezi a. Aprè Eritaj Kilti Kreyòl fin pataje tèks ou la sou paj li, postilan ap gen pou pataje l epi envite lòt moun renmen (like) tèks li a. Twa chanpyon yo ap gen pou yo pataje 500 dola ameriken (50% pou premye a, 30% pou dezyèm nan epi lòt 20% pou twazyèm nan). Fòk nou di tou, vòt jiri a ap konte pou 60%, rès 40% se pou "like" fesbouk yo epi tout pwezi ki seleksyone yo ap fè pati yon antoloji Eritaj Kilti Kreyòl ap gen pou pibliye.


N ap raple premye edisyon an ki te reyalize nan mwa desanm ki 2020 an te gen senk chanpyon: Paul Rodz Savine M alyas Gaf D'Art (1e); Stevenson Bazelaire alyas Pawòl plim (2èm); Ruthza PAUL (3èm), Rolf-Derry Guerrier alyas RIM (4èm) epi Grégory Forestal alias Malaba pitit plim (5èm).

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 109

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

3 Commentaires

  • Malaba Pitit Plim

    March 04, 2021 - 12:33:37 AM

    Bon bagay

  • serge

    March 04, 2021 - 04:04:46 AM

    Bon travay freo

  • Davart

    March 04, 2021 - 02:31:11 PM

    Bon travay! Anpil lanmou !