Konprann fenomèn KONTRAKSYON ak ASIMILASYON nan kreyòl ayisyen an

Konprann fenomèn KONTRAKSYON ak ASIMILASYON nan kreyòl ayisyen an

Nan kad ribrik Kreyòl nou ye a, n ap prezante san twòp literati de (2) tèm ki enpòtan anpil nan kreyòl ayisyen an epi ki ka pemèt kreyolofòn yo gen yon pi bon metriz nan sa ki gen pou wè ak ekri lang nan. De (2) tèm sa yo se : Kontraksyon ak Asimilasyon.

Ki sa kontraksyon ye ?

Kontraksyon oubyen "fòm kout" se yo fenomèn lengwistik ki wè yon mo pèdi yon moso kit se nan kòmansman l oubyen nan fen l men ki toujou kenbe menm sans li te genyen avan an.


Ki jan yo fè kontraksyon ?

Pou kontrakte yon mo, genyen yon prensip fondamantal ki dwe respekte: kite yon espas nan mitan mo ki kontrakte a ak mo ki vin anvan ak aprè a. Prensip sila a sitou enpòtan nan kontraksyon eleman gramè yo.

Ki pwoblèm sa poze lè prensip anlè a pa respekte ?

Nan ka eleman gramè yo, lè fòm kout la fè yon sèl ak mo ki vin anvan oubyen aprè a, mo sa otomatikman pèdi sans li. Si nou pran egzanp fraz sa a : Jan m renmen siksè, m p ap janm bouke fè jefò. Si nou kole "m" ki se fòm kout "mwen" ak "jan" l ap vin bay "janm" (youn nan pati nan kò moun) epi pèdi sans li.


Ki sa asimilasyon ye ?

Asimilasyon an bò kote pa l se tout lè gen yon fonèm (son) ki monte sou yon lòt fonèm epi chanje fason l pwononse. N ap raple fenomèn sa a egziste sèlman nan pale, kidonk nou pa fouti ekri : Jak, m gon pawòl pou m dou w.
Men pito : Jak, m gen yon pawòl pou m di w.

Si nou kite espas anvan ak aprè mo nou kontrakte yo epi evite ekri mo ki asimile, li se yon garanti n ap gen yon nivo andiplis nan ekri lang manman ak papa nou: kreyòl ayisyen.

Share

Seïde Stevenson Louis Laurent 6

Étudiant finissant en Service Social à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Laisser un commentaire

7 Commentaires

  • lamothe ashley patrice

    February 10, 2022 - 09:01:12 PM

    mesi anpil

  • Agusto Penocher Nestor Guillaume

    February 16, 2022 - 10:50:58 AM

    Merci de m’avoir informé

  • Tilus Widberlyne

    May 18, 2022 - 10:25:35 PM

    Merci bcpppp

  • Juleson osias

    June 10, 2022 - 05:02:18 PM

    Kontan pami nou

  • Joseph emile

    June 27, 2022 - 01:40:55 PM

    Mwen ta vle konnen ki kote vreman yo dwe plase aksan ( jan mwen renmen siksè
    = jan’m oubyen
    =jan m’ pouw retire m’wen (wen)

  • Avril

    February 19, 2023 - 02:58:32 PM

    Mwen vrèman kontan wè gen kèk moun k ap panse pou sèl vye (afektif) lang ki ini nou tout bon vre nan peyi a. Twòp moun maltrete lang sa, yo pase l anba pye. Mèsi pou kalite bourad n ap bay lang la pou l ka rive kanpe, rive granmoun tèt li. Tchenbe rèd pa moli.

  • Avril

    February 19, 2023 - 03:00:28 PM

    Mwen vrèman kontan wè gen kèk moun k ap panse pou sèl vye (afektif) lang ki ini nou tout bon vre nan peyi a. Twòp moun maltrete lang sa, yo pase l anba pye. Mèsi pou kalite bourad n ap bay lang la pou l ka rive kanpe, rive granmoun tèt li. Tchenbe rèd pa moli.