Lumière en livres, yon reyisit total kapital

Lumière en livres, yon reyisit total kapitalCP: Félix Roodly

Vandredi 25 mas 2022, "Centre d'Études Lumières" reyalize premye edisyon manifestasyon literè "Lumière en livres". Oganizatè yo deklare: "aktivite a se yon reyisit total kapital".

Dènye jou sa yo, nou tout dakò lavi pa fasil ditou nan peyi Dayiti. Bandi k ap simaye lanmò an gwo e an detay, lavi chè k ap vale tèren, elt. Men, nan tou fè nwa sila a, gen yon ti etensèl ki pa janm etenn e k ap kontinye grandi chak jou ki jou. Yon seri jenn fanm ak jenn gason sèmante sèt fwa swasanndisèt fwa aktivite kiltirèl yo p ap mouri anndan peyi a. Tribòbabò, malgre mwayen yo zuit, y ap monte espektak, y ap kreye festival. Nou ka site "Salon du livre de Mirbalais" nan mibalè ; "Week-end Poétique" ak "Art-Thérapie" nan Kafou ; Lestè ouvri pou Liv" ; "Festival Trip kalbas" nan Tirivyè latibonit ; "Jeux dits pwezi" nan Jakmèl ; "Festi liv ak Teknoloji", "Festival des idées, Ench ap li" nan Ench ak yon pakèt lòt ankò. Nan lis sa a, nou ka mete " Lumière en livres", yon inisyativ " Centre d'Études Lumière", nan komin Kafou".


Lumière en livres, yon reyisit total kapital

Yon premye edisyon reyisi

"Centre d'Études Lumière" se yon lekòl prive ki gen tout klas yo sòti nan matènèl pou rive nan filo. Li chita kò l nan "Côte-plage 18, rue médard". Lekòl la ap layite kò l nan yon batiman twa (3) etaj ki gen fòm yon "U" ak yon gwo lakou nan mitan l. Se sou lakou sa tant ekriven yo te ye 25 mas 2022 a. Yo te plizyè ekriven ki te antoure envite donè a, Gary Victor. Nou ka site Franck S. Vanéus, Michelot Jean Polynice, Gabynho, Mardoché Gay, Calème Céus, Samuel Taillefer ak Trujy Judicaëlle Sully.

Mete sou vant ak siyati otè yo, te gen yon atelye resiklaj sou lobedjans Nicoletta Pascale Moïse ak yon atelye desen sou direksyon Pierre Jean Dieubon. Envite donè a, Gary Victor fè konnen aktivite a satifè l. Nan yon kozri ak elèv yo, otè "Soro" a ankouraje yo kontinye kiltive lanmou pou lekti pandan y ap fè efò pou yo vin pi ekselan chak jou ki jou. Yon lòt bò, kòdonatè aktivite a, Stephano Jean Charles, fè konnen "Lumière en livres" se yon reyisit total kapital. Pi lwen, li fè konnen preparatif pou yon dezyèm edisyon pi granpanpan gentan tanmen.

Lumière en livres, yon reyisit total kapitalCP: Ayiti Event

Envite donè a

Gary Victor fèt Pòtoprens jou ki te 9 jiyè a nan lane 1958. Agwonòm, jounalis, senaris, li se youn nan ekriven ayisyen ki ekri plis liv e li se youn nan sa yo li plis yo tou. Soro, Maudite Éducation, Sonson Pipirit, Clair de Manbo, Collier de débris ak l'escalier de mes désullusions se kèk nan liv li pibliye.

Share

La Rédaction 243

Kafounews

Laisser un commentaire

0 Commentaires