Ti bat bouch ak Nervno Fils de Plume

Ti bat bouch ak Nervno Fils de Plume

Nervno Fils de Plume se jenn slamè ayisyen sa ki pral reprezante Ayiti nan chanpyona mondyal slam ak pwezi nan peyi Lafrans, sòti 11 pou rive 18 Me 2021. Niensky M. Métélus te fè ti koze ak li pou Kafounews.

Kiyès Nervno Fils de Plume ye?

Mwen se yon jèn atis ki gen 26 lane, mwen se tpu etidyan sikoloji nan fakilte etnoloji. Mwen antre nan slam nan lane 2013, epi mwen kòmanse fè slam pwofesyonèl an 2016. Mwen te fini loreya nan konkou talan "Institut Français" te òganize an 2015. Nan lane 2016, Nervno vini premye slamè ayisyen ki siyen yon albòm slam (Vers balles). San m pa vle fè djòlè, m se sèl slamè ki jwe nan tout 10 depatman peyi a, epi ki gen yon prezans konsekan bò kote dyaspora. Zafè konkou ak atelye ekriti pèmèt mwen vwayaje nan plizyè peyi tankou: Bèljik, Magadaska, pou m site sa yo sèlman. Nan lane 2020, federasyon ayisyèn slam te ban mwen pri pi bon slamè sou dis (10) dènye ane yo. Ane sa, mwen pral reprezante Ayiti nan chanpyona mondyal slam nan lakou Lafrans.

Ti bat bouch ak Nervno Fils de Plume

Kisa ki mennen w nan slam, epi èske se sèl domèn atistik sa ou pratike?

Lanmou m pou pwezi, lanmou m pou mo yo, se premye bagay ki rale m nan slam. Aprè sa yo, angajman m pou mwen pale pou moun ki pa kapab yo, sila yo ki pa gen lapawòl yo, se yon lòt sousi ki te fè m pran plim mwen pou m fè slam. Aprè slam, mwen evolye nan plizyè lòt domèn atistik tankou: teyat, maryonèt, mizik ( twonpèt, batri, gita...).

Ki pi bèl ak pi move eksperyans ou fè nan dimèn slam nan?

Pi bèl eksperyans mwen fè nan slam, se yon atelye teknik ekriti mwen te anime pou yon òganizasyon k ap ankadre moun ki andikape, nan kad atelye sa, mwen te gen lonè montre moun ki pa wè epi ki gen lanmou pou slam ekri pwezi an "braille". Eksperyans sa make m jouk kounye a.
Yon lòt bò, move eksperyans yo anpil, ladan yo m ka di epòk m te fè k kòmanse, lè m te konn ap chache pwogram pou m al jwe, m konn fin jwenn yo lè m rive m pa jwe; gen kèk fwa mwen konn pwograme pou m jwe 2 tèks, aprè sa yo di m se youn m ap ka jwe. Se te yon peryòd difisil pou mwen, men m pa t janm bay vag pou sa.

Kisa ki eksplike se ou menm ki pral reprezante Ayiti nan konpetisyon mondyal slam nan peyi Lafrans?

Gen plizyè eleman ki ka eksplike sa. Premye a, se paske m te pran pri pi bon slamè ayisyen deseni an. Dezyèmman, se paske mwen gen yon bèl prezans sou sèn entènasyonal la. Dayè, nan lane 2020 an, mwen te fè pati jij nan konkou slam " Slameurs à vous la parole", nan peyi Kongo. Sou mache entènasyonal la, mwen se slamè ki pi byen reprezante.

Ti bat bouch ak Nervno Fils de Plume

Eske w jwenn sipò LETA oubyen kèk patikilye nan preparasyon konkou sila?

Jiskaprezan gen anpil pwomès ki fèt, men poko gen anyen konkrè. Pandan tan sa, m ap kontinye fè preparasyon, pou m bay yon bèl prestasyon nan konkou a.

Kisa patisipasyon w nan konkou sa vle di pou ou? Pou Slam Ayisyen an?

Sa vle di anpil pou mwen, dayè, se yon rèv m ap karese depi 2013. Mwen menm gen yon ti foto konkou a nan bifèt lakay mwen, chak maten m leve, m gade l, epi m souri. Pa bliye konpetisyon sa se pi gwo konpetisyon slam ki gen nan mond la, se dènye nivo a. Pou slam ayisyen an, sa vle di nou ka di slam nan gen rekonesans li sipoze genyen an, li charye lavi anpil moun nan peyi a. Se yon plezi pou mwen pou m reyalize yon rèv ki la sa gen uit (8) lane.

Yon dènye mo

"N'attendez pas d'être meilleur pour commencer, mais commencer pour devenir meilleur." Se pou tout slamè, pou tout moun an jeneral k ap ezite pou kòmanse nan yon domèn. Mwen menm, mwen pa t konsa lè m t ap kòmanse an 2013, jounen jodi a m grandi, kounya m vin granmoun nan slam, m se reprezantan Ayiti nan mond lan. Lòt mesaj la se pou Leta ankouraje jèn yo, paske gen anpil nan sila yo k ap touye moun yo ki te ka gwo foutbolè, gwo antreprenè oubyen gwo slamè, men paske yo pa jwenn ankadreman, yo devye sou wout la. Leta, sektè prive a, dyaspora, tout dwe fè yon sèl pou sove ti rès ki rete a.

Share

Niensky Métélus 13

Collaborateur à Kafounews

Laisser un commentaire

1 Commentaires

  • Djemson

    April 07, 2021 - 02:52:11 AM

    Kontinye kenbe la malgre teren an glaise kwe nan tet ou epi kontinye