Twa jounen ranmasay liv reyisi pou sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la nan Kafou

Twa jounen ranmasay liv reyisi pou sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la nan Kafou

Soti 30 avril pou bout 1e me ki sot pase la a, Meri Kafou reyalize yon aktivite ranmasay liv nan sousi pou konstui fon dokimantè bibliyotèk Paulette Poujol Oriol, youn nan espas ki pi enpòtan nan pwojè sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la, daprè reskonsab yo.

Anba tèm "Mon cadeau pour ma commune" Meri kafou reyalize 29, 30 avril ak 1e me ki sot pase la yon konbit liv yon mannyè pou mete kanpe fon dokimantè bibliyotèk sant kiltirèl Manno Charlemagne la ki se youn nan pi gwo pwojè misipal k ap egzekite aktyèlman nan tout peyi a. Reskonsab yo rive ranmase plis pase 4033 liv padan twa jou sila yo e anjistre plizyè santèn vizit endividyèl ak yon senkantèn vizit enstitisyonèl. Plizyè pèsonalite ki make pasaj yo nan komin nan te pase pote liv pa yo epi vizite espas la. Nou ka site Pierre Manigat Junior, Romel Pierre, Garnel Innocent, Anéas Jn Romel Ak Augustin St Clou.

Twa jounen ranmasay liv reyisi pou sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la nan Kafou

Yon gwo jès solidarite

Majistra Komin nan, Jude Edouard Pierre fè konnen: "Twa jou sila yo se yon veritab siksè ki montre aklè moun Kafou te swaf yon pwojè konsa e yo vle apwopriye l. Yo montre tou santiman solidarite pa mouri nan peyi a". Pi lwen, prensipal inisyatè pwojè sila di li wete chapo li byen ba devan tout jenn gason ak jenn fanm ki te bay tout yo menm pou te pèmèt evènman reyisi an granpanpan epi ankouraje moun ki pa t gentan pote liv yo pase fè sa prese prese.

Twa jounen ranmasay liv reyisi pou sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la nan Kafou

Sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne

Sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la chita kò l nan Tò 10. Li konstui sou yon espas ki mezire 1080 mèt kare. Li gen ladan l yon bibliyotèk ki pote non Paulette Poujol Oriol, yon oditoryòm ki rele Roland Dorfeuille, yon tèras ki pote non Beken, yon espas ekspozisyon tablo ki rele René Jérôme, yon sal medyatèk , yon espas lekti pou andikape ak yon espas jwèt pou timoun.


N ap raple inogirasyon sant kiltirèl tou nèf sa ap fèt jou k ap 17 me 2021 an.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires