Jozyas ak ti sè li a

Jozyas ak ti sè li aCP: Oriol Antoine

Aprè antèman manman l, Jozyas te deside retounen al viv Lagonav, nan lakou gran paran yo te mouri kite. Byen paran kite se byen tout moun. Men se pa tout moun ki gen dwa. Gen moun ki pran dwa. Dwa pou retire dwa. Dwa pou ba bay dwa. Se te byen konte mal kalkile pou ti jèn nan ki te fè fanmi an twòp konfyans. Li panse l te eritye dwa pa manman l lan. Li te kwè yo t ap akeyi l limenm ak sèl piske manman l te sòti nan menm zantray ak yo. Li te eritye tou. Depi alapapòt, Nawo te keyi l ak yon pinga. Yon pawòl an daki. Yon pawòl chache konprann.

-Bò isit la se chak koukouy klere pou je w wi tiyason.

Gen yon pakèt mo li pa pwononse menm jan ak tout moun.Fi sa chanje tout G an Y. Li pa janm di tigason se tiyason. Ti moun nan zòn nan rele l sè Youp poutèt yon jou li te di li pral nan youp chant.

Wi Nawo se sè legliz. Gwo dam misyonè. Gwo manm entèsesè. Minui p ap pran l nan lòt pòz, sou jenou l. Sou de jenou l. Gen bri ki kouri ki fè konnen l pa fin senp. Li fè ti chanje po tou detanzantan. Se timoun li vle ki grandi nan zòn nan. Bon, ann kite sa pou l pa fè zen!

Jozyas pa t pran tan pou dechifre pawòl la. "Chak koukouy klere pou je w". Chak koukouy klere pou je w te vle di yo pa dwe ni li menm ni ti sè l la manje. Dra pou yo kouvri. Anyen. Ti jennonm nan dwe fè sa l konnen pou l viv. Yon jou yon lide pase nan tèt li. Yon bèl lide. Lè grangou mete pye sou kou w, sèvo w kreyatif anpil. Lide yo se fyaw fyaw. Tout lide yo bèl. Tout sanble ka reyalize. Men imajinasyon ak reyalite se de. Nan rèv tout bagay posib. Jozyas te jwenn yon lide ki ta pral delivre l. Li gentan wè l ki remonte pòtoprens. Tounen zòn li pi renmen nan peyi a, Kafou. Kanpe yon biznis pyès moto. Li panse rèv pou l te achte ti moto li a ta pral reyalize. Li ta pral mete ti sèl nan yon bon lekòl. Li t ap pran yon sèvant pou li sèlman. Ti sè l sa se de grenn je nan tèt li. Li pa bay pyès moun dwa benyen l. Kote l pase li pase ak li. Li pa vle kite l dèyè pou yon foumi pa mòde l. Yon fwa tipitit sa tonbe Jozyas kriye pi rèd pase lè manman l te mouri a. Jonas tonbe sou yon lide ki pral chanje tout bagay. Li ta pral mande ti mòso tè pa manman l lan. Ni ti mòso pa tonton l ki mouri a tou. Tonton an kite yon sèl pitit ki janm antre nan peyi a. Bagay ti tè an pwovens pa enterese l. Tout fanmi an konnen jan tonton sa te renmen Jozyas. Se te tankou pitit li. Yo pa ta ka di l non. Jozyas mande yon reyinyon. Lafanmi reyini. Jozyas rakonte pwoblèm li. Li fè moun yo konnen jan li pè pou avni ti sè l la. Li demontre yo a sou b ti mòso tè sa yo se sèl opsyon li genyen pou l rete vivan. Pou grandi ti sè li a nan diyite. Gen nan moun yo ki menm kriye tèlman istwa tibray la te tris. Jozyas kwè li bon. Moun yo kriye. Istwa touche yo. Yo dakò ak li. Yo menm di l y ap kanpe ak li pou moun pa vin pran tè a nan men l pou piyay. Aprè reyinyon an, tout moun antre lakay yo ak lapèn. Se Nawo ak deran dlo nan je l. Jozyas menm te kontan anpil anndan kè l. Li pa t kite sa parèt. Li pa t vle montre l twò kontan pou jan moun yo te tris.

Jozyas antre. Li kouche. Ti sèl anba vant li. Pandanstan sa a, lafanmi reyini ankò. Yon lòt reyinyon sou koze tè a sètfwasi san Jozyas. Fanmi a jwenn yon antant. Sa ra anpil nan fanmi sa pou moun yo antann yo. S on fanmi chak koukouy klere pou je w. Men nan sitiyasyon sa yo te oblije. Pwoblèm nan te konplèks. Yo te dwe chita pou yo jwenn yon solisyon tèt frèt. Yon solisyon k ap bon pou tout moun. Tout moun ki te la yo. Tout te dakò. Tout vote lide sè Nawo a. Tout dakò tou pou pawòl la pa pale. Kontra Jozyas ak ti sè l la bout sou latè.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires