Nan tou fon fènwa

Nan tou fon fènwa

Yon rafal bri bal ki soti zòn bisantnè fè m pantan nan dòmi maten an. M te ret kwè se teyat nèg lapolis yo ki, nan yon tan vle afwonte bandi epi politisyen k ap souse san ti pèp la pandan y ap pwoteje enterè yo ak enterè kòkòday yo, t ap kontinye. Lè yo kòmanse pataje kèk imaj ak videyo sou rezo sosyal yo, laperèz fè tout santiman ki fè m santi m viv sèn sa a deja vole gagè.

Malgre tout bagay, m te ka pa ret sou sa epi di tèt mwen menm jan yon bann lòt moun konn di l, jistis Bondye egziste nan monn lan, si kòmantè, dlo nan je ak endiyasyon yon zanmi, yon frè pa t mete m kanpe fas ak mounite m.

Se vre, sila yo ki te gen kadav yo ki t ap maltrete tankou vye bèt lari epi pase anba pye yon seri jenn gason ki te kontan epi fyè devan lanmò ayisyen parèy yo se polisye. Menm polisye sa yo ki te anpeche pèp la pran lari pou mande yon sosyete ki pi miyò, men yo te gen fanmi epi y ap toujou ret moun, y ap toujou ret ayisyen.

Ensanbilite m te santi parapò ak sitiyasyon an pati kite m. Epi m mande tèt mwen kijan Ayiti fè rive nan nivo chen manje chen sa a, nan nivo mizèrere sa a ? Kijan l ap rive posib pou chavire yon fwa pou tout sistèm sa a ki pa pran n pou moun epi k ap detui nou ? Ki sakrifis nou dwe pa fè pou n rive fè sa ?

Repons sa yo pa ka konsène m sèlman. Sosyete a dwe ap poze tèt li kesyon sou tèt li. Dis dènye ane ki pase yo bay yon bann gason ak fanm tizè lajan k ap piye tout ti resous pèp la pou pase grangou yo. Dis dènye ane sa yo tou bay yon bann fòm konesans, konpetans ak echanj nan sosyete a ki dezonore desandan Anacaona, Toussaint Louverture ak Dessalines yo.

Peyi a ap tonbe trepase si rapid vit nou pa chanje direksyon. Politisyen tèt vid yo ap lakoz tout sosyete a alawonnbadè pati kite peyi a. Yon lòt kote sanble miyò. Yo vòlè rèv twòp moun. Yo gache lavi twòp moun. Yo gaspiye konpetans twòp moun. Fòk rivyè san sa k ap koule nan peyi a sispann. Nou dwe choute bouda bann politisyen enkapab sa yo k ap foure nou pi fon nan bafon endiyite. Sa dwe fèt.

Ayiti tounen blag tout monn nan. Ayiti se yon ti tou piyay. Ayiti chita ap gade san ka fè anyen, pitit li yo k ap mouri pa pil pa pakèt nan kouri pou katastwòf sa a yo te anonse a sa fè kèk tan an, epi, tout sila yo yon frè yo vyole, kidnape, asasinen, anba je konplis, enstans konsène ki nan vil yo, katye yo, depatman yo, tout kote nan bout tè peyi a. Ayiti tèt anba. Ayiti pa ni dirije ni administre. Vwa Monferrier Dorval ap kontinye sonnen byen fò nan konsyans gason ak fanm sa yo ki tankou yon dezè, ki di yo se dirijan. Konsyans yo sal. Kò yo sal. Salte tout kote lakay yo, andann yo, bò kote yo. Yo se se salte a menm.

Nan sa ki gen pou wè ak jenn chèf k ap jibile devan kò san vi polisye sa yo ki se frè yo paske van vyolans la pase pran yo, mennen yo lwen, malere ak inifòm sa yo, ki te lènmi yo jodi a, pandan yon ti tan, chèf sa yo gen pou kriye san tou, san okenn dout, lè van vyolans la ap chanje direksyon. Lanmò ap pase pran yo nan pa twò lontan. Sa klè. N ap viv nan istwa dènye tan nou yo moman ki pi nwa yo.

Politisyen yo fò w ta di yon bann karanklou, ap souse san pèp la, yon seri peyi ki pretann yo zanmi nou ap ede yo. Pa gen okenn planifikasyon. Okenn volonte pou chanje sa. Okenn sans responsabilite. Fè tèt yo parèt, nan sa sèlman yo kwè. Èske moman an pa rive pou n fè taboularaza ak tout moun sa yo ? Sove peyi a depann de sa. Annatandan sitiyasyon an ap vin pi grav chak lè ki pase. Frè nou yo ap tonbe e y ap kontinye tonbe anba bal frè yo. Jèn polisye ki kite madanm, pitit fi, pitit gason k ap kriye. Bandi yo, ki se rezilta nèg rich yo nan peyi, ap mouri tou, san moun pa konnen, kite dèyè menaj, manman ak zanmi nan tristès. Kisa pou nou fè ak patwon bandi sa yo ? Y ap jwenn lòt. San mank. Epi sitiyasyon lanfè sa a ap kontinye fè wout li. Anfen Ayiti ap kontinye pèdi resous. Wi, nan tou de bò yo, mal peyi sa a p ap janm fini.


✔Tradiksyon: Séide Stevenson Louis Laurent

Share

Franck S. Vanéus 43

Avocat et Philosophe...

Laisser un commentaire

0 Commentaires