Si ou wè yon bouzen yo rele OEA
Kouri, pitit mwen
Yon bouzen yo rele OEA an franse, OAS an angle, bouche nen w
Kouri, pitit mwen
Odè 1 se kont pou pwazonnen
Lespri pitit pitit ou
Si ou wè yon manman kannay yo rele OEA
Mande pye sa m te manje
Si yo nonmen non OEA douvan w
Pa rete koute pase sa
Grennen san gade dèyè
Si ou wè yon restavèk yon tyoul yo rele OEA
Pa rete tande sa li vle
Bwaze kraze rak rele anmwe
OEA, Felix Morisseau-Leroy[1]
OEA : ki gouvènman ou ye ?
Tit sa jwenn enspirasyon l nan tèks « ONG : ki gouvènman ou ye ? », ki ta rezime tèz doktora Jean Anil Louis-Juste nan depatman travay sosyal nan Inivèsite Federal Pernambouc (Recife, Brezil). Nan travay sa, pwofesè a te gen preyokipasyon montre kontrèman ak sa diskou dominan an vle fè konprann, ONG pa la pou pote byennèt pou mas popilè, men pito pou sèvi enterè kapital la. Pou di yon lòt jan, ONG marye ak konsèp devlopman an, se nouvo estrateji kapital la pou peyi Nò yo chita dominasyon yo sou peyi Sid yo. Se nan menm lide sa nou enterese isi a vannen pratik politik OEA (Òganizasyon Leta Ameriken yo) genyen ann Ayiti depi kèk tan. Lide a se pa di òganizasyon an pa politik, se t ap yon gwo fo pa, men pito devwale mannigèt ki kache dèyè aparans bon volonte l pou rezoud kriz politik peyi a. Dènye pwopozisyon yo rele Fèydewout la ki soti nan mwa dawout 2025 lan a ap sèvi n sipò pou akouche travay sila a. Nou bay tèt nou menm objektif la, ki se kontinye kesyone kriz la menmjan nou fè l deja nan plizyè papye[2]. Menmsi anreyalite evènman yo pran devan refleksyon yo nan ale mennen vini nan sosyete yo, men sa va sèvi n baton pou pare move kou nan lòt konba pi devan.
Yon ti ranmase
7 dawout 2025, yon nouvo kòdonatè pran kòmand Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a. Ekonomis Fritz Alphonse Jean, reprezantan akò Monntana a epi ansyen direktè Bank Santral, fè plas pou Laurent Saint-Cyr ki li menm se reprezantan sektè prive a. Tankou jan sa tounen yon abitid nan moman enstalasyon nouvo kòdonatè yo depi sou Lesly Voltaire, pandan sware 6 ak jounen jedi 7 dawout la kout zam fè mikalaw nan tout kwen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Kòman esplike sa ? Nou pa konnen. Men Saint-Cyr rive enstale. Senp fè sa, lè nou kwaze l ak kèk lòt tankou : Alix Didier Fils-Aimé ki soti anndan vant sektè prive a tou ki nan tèt primati, revokasyon rapid vit Normil Rameau pou mete Vladimir Paraison kòm nouvo direktè jeneral Polis Nasyonal la, deklarasyon « lapè » kèk jou apre pòt powòl gwoup kriminèl « Viv ansanm » nan, pike devan pou chanjman konstitisyon ak reyalizasyon eleksyon, san bliye piblikasyon Fèydewout OEA a, 7 dawout la parèt yon gwo bout tonton jounen nan istwa koulye a.
Nou gen entansyon seye konprann sans li, gade patikilarite l nan konjonkti politik la toujou nan mete aksan sou estrateji aktè yo pou kenbe lòd anplas la. Pou rive fè sa, n ap pran pou linèt apwòch Jean Anil Louis-Juste sou jan li montre Entènasyonal Kominotè a ap opere depi kèk lane nan peyi a. Yon lekti nou ase devlope nan dènye atik nou Entènasyonal Kominotè ak Modènite Moun[3]. Pou vanse, n ap fè yon kout listwa Òganizasyon Leta Ameriken yo, apresa n ap pran tan pou analize plan li pibliye pou Ayiti a, konprann sa ki di ak sa ki pa di yo. Pou nou fini, n ap fè yon ranmasay sou evènman 15 dènye lane sa yo yon fason pou rekadre kriz la.
Koutje sou OEA
Sistèm entè-ameriken, se konsèp saMaristela Rodrigues-Roget[4] chita pou anbrase ansanm ògàn, antite ak zouti k ap gouvènen relasyon enstitisyonèl ak politik nan mitan Leta ameriken yo. Ki vle di, Sistèm entè-ameriken an pa yon enstitisyon nan li menm, men pito yon gwobout tonton rezo ki chaje estrikti ladan l. Pamiyo nou jwenn OEA ki se òganizasyon ki pi enpòtan an. Pou listwa, OEA se rezilta yon lonng pwosesis diskisyon, negosyasyon ak batay politik ki kòmanse depi peryòd 1889-90 yo ki se dat premye konferans Leta ameriken yo ki pral bay nesansak òganizasyon an nan lane 1948 nan okazyon 9è konferans lan[5].Pou estrikti a chita, epi akòz deba ki te genyen nan kontèks la, Leta siyatè yo mete yo dakò pou konbat vyolans nan rejyon an, ki vle di pou regle chire pit nan mitan yo nan respè youn pou lòt kòm Leta granmoun. Yo te pwomèt tou pou pote solidarite bay youn lòt nan ka ta gen atak (ki sot deyò kou anndan) kont yon peyi nan kontinan an. San bliye angajman yo tou pou ankouraje devlopman ekonomik pou sila ki manm yo[6].
Si lide sa yo bèl, men se te byen konte mal kalkile. Paske, rapid vit Lèzetazini pral enstrimantalize òganizasyon an, oryante l nan sans pou defann enterè l sèlman kòm puisans enperyalis. Konsa li vin sèvi l zouti pou batay kont tout peyi ki panse chape anba dominasyon l, nan non demokrasi ak lapè[7]. Genyen 2 ka nou ka site kòm egzanp sou kesyon sa. Premye a se koudeta lyetnan-kolonèl Carlos Castillo Armas kont prezidan gwatemaltèk Jacobo Arbenz 12 jen 1957 avèk konplisite CIA sou pretèks y ap defann lapè ak sekirite. Men poutan vrè rezon an se paske Arbenz kòm lidè kominis, nan menm linye ak ansyen prezidan Juan José Arévalo, te pran pozisyon pou travayè kont grandon ak konpayi meriken yo. Ansanm rezon sa yo pral fè gouvennman meriken an itilize OEA pou fè yon batay diplomatikak denigreman pou konbat rejim nan sou pretèks li se yon boujon kominis ki se gwo menas pou kontinan an[8]. Dezyèm egzanp lan se batay yo pral mennen tou kont rejim kastris la apre revolisyon 1959 ki te chavire Fulgencio Batista, diktatè ekstrèm dwat Lèzetazini t ap sipòte kare bare. An 1962, mete Kiba deyò nan òganizasyon pral kòmansman yon izòlman diplomatik toujou sou pretèks rejim nan gen rapò ak URSS k ap pote lide kominis ki se menas pou lapè ak sekirite amerik la[9].
Men pou nou konprann byen rezon ki esplike tout enfliyans Lèzetazini sou òganizasyon an, nou dwe tounen nan kòmansman 19è syèk la kote gen 2 pozisyon k ap batay pou konnen ki oryantasyon k ap bay ak òganizasyon rejyonal la. Youn se lide prezidan Gran Kolonbi an, Simon Bolivar ki te panse yon òganizasyon pou jere lese frape nan mitan pèp ameriken yo, jere pwoblèm fwontyè yo epi pote solidarite youn bay lòt si ta gen atak ansyen puisans kolonyal yo patikilyèman Lespay. Kidonkkanmenmlide a te gen ladan l pwojè pou konbat enfliyans ansyen metwopòl yo nan kad solidarite nouvo Eta endepandan yo. Si lide sa pa t vrèman pran chè, nou pral jwenn an paralèl pwojè prezidan meriken an James Monroe ki te vle koupe fache ak enfliyans Lewòp. Men lide sa se te sitou pou chita dominasyon peyi Lèzetazini. Nan vansman diskisyon yo ak deplòtonnman rapò yo, dènye pozisyon sa pral vin dominan sitou avèk afimasyon Lèzetazini kòm pisans rejyonal epi mondyal.[10]OEA pral pote mak fabrik fim sa. Se nan sans sa, nan lide pou kontrekare enfliyans pisans èg la sou òganizasyon an, nan entèlijans politik li, Chavez ak lòt lidè pwogresis nan rejyon an kreye Altènativ Bolivaryèn pou Amerik yo (ALBA) ak Inyon Nasyon Sid yo (UNASUR)[11].
Fèydewout OEA, nouvo plan enperyalis la kont pèp ayisyen
Pou yon koutje rapid, fèydewout OEA ki pote tit franse « Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international », se yon dokiman 60 paj ki soti nan dat 20 dawout 2025 lan. Dokiman sa, ki vize etann li sou peryòd 2025-2028, prevwa yon bidjè 2.6 milya dola ameriken, yon lajan k ap soti bò kote « patnè entènasyonal » yo. Li gen 5 aks fondamantal ki se : Sekirite ak lapè, konsansis politik ak gouvènans, pwosesis eleksyon ak lejitimite enstitisyonèl, repons imanitè epi pou fini, devlopman dirab ak pwogrè ekonomik (N ap tounen sou yo piba a). Se yon plan k ap gen pou l egzekite men nan men ak anpil lòt estrikti rejyonal kou entènasyonal tankou CARICOM ak Nasyonzini. Nan analiz nou, nou enterese gade nan ki nivo fèydewout sa mete an pratik estrateji ponpye piwomàn Entènasyonal Kominotè a, sa ki vle di kreye kawo a apre pase pou sila k ap pote solisyon an (menmsi nou konnen tout solisyon Entènasyonal Kominotè a se defann enterè kapital la), jan atis ivwaryen Alpha Blondy chante l la[12]. An nou founi je gade.
Nan eskèlèt dokiman an, gen twa (3) rezon responsab yo bay pou jistifye rezondèt li. Youn se globalman sa yo rele kriz gouvènans ak sekirite a, malgre gravite l pou yo menm Ayiti pa vrèman jwenn solidarite nan entènasyonal la. Yon lòt se nesesite pou antisipe posib kriz politik nan fen manda KPT a. Yon twazyèm ki se konsta swadizan echèk oubyen ensifizans rezilta MMAS la. Pou premye a, nan entwodiksyon dokiman an yo fè konnen.
Dènye jou sa yo, Ayiti se egzanp pi move kriz gouvènans ak sekirite sou kontinan ameriken an. Ganng ame yo gaye sou yon seri teritwa enpòtan; yo kase otorite Leta a epi yo lage popilasyon an nan vyolans, nan ensekirite, nan deplasman fòse epi nan difikilte pou gen aksè ak sèvis de baz yo. Malgre nivo tansyon kriz la, Ayiti pa jwenn atansyon, koutmen ak resous entènasyonal dirab ki koresponn ak ijans sitiyasyon an[13].
Si tandans fraz la ta ka anvi fè konprann òganizasyon an plis vle rete nan konsta, sa pa anpeche alapapòt li kalifye kriz peyi a de sa li rele « kriz gouvènans ak sekirite ». Sa ki ta ka vle di, yon bò kriz la se ekspresyon difikilte ayisyen pou dirije tèt yo ki lakoz tout enstitisyon nasyonal yo kraze epi, yon lòt bò se rezilta ganng ame k ap mache pran teritwa epi k ap fè vyolans sou moun. Pou nou menm sa yo se efè kriz la. Men anreyalite, mòd lekti sa nan konpreyansyon pa n sèvi mwayen pou òganizasyon an kòm reprezantan Entènasyonal Kominotè a, jistifye aksyon l sou peyi a. Kidonk fòk li konstui diskou pou ba l lejitimite pou l aji. Konsa, kanpe diskou kriz gouvènans/enstitisyonèl la fondamantal paske sa ap retire nan tèt tout moun koze enjerans ak okipasyon pou fè òganizasyon an pase pou papa bon kè, ki vle di yon òganizasyon ki jis ap pote koutmen l san ankenn enterè. Dayè se sa k fè yo bay tèt yo dwa kòm estrikti pou panse yon plan « sòti kriz », chahce lajan, mobilize peyi ak lòt òganizasyon pou mete « estabilite » ak pote « devlopman » pou peyi d’Ayiti.
Naratif kriz gouvènans lan pa vini konsa konsa. Li rete koyeran ak pèsepsyon mond kapitalis rasis modèn nan vle toujou konstui pèp y ap domine yo an patikilye sou ayisyen : yon pakèt moun ki pa sivilize, ki pa diy pou lib, ki pa gen kapasite pou dirite tèt yo, k ap toujou bezwen yon mèt (kapitalis kretyen blan devlope) pou mennen yo nan sivilizasyon/devlopman. Kidonk y ap bezwen kolon an ki pou fè yo vin moun. Lide sa sèvi tou pou krache sou valè revolisyon ayisyèn nan nan limanite, ki vle pran nou kòm move egzanp pou tout pèp k ap batay pou liberasyon tèt yo. Yon lide ki souzantann tou nou te dwe toujou rete nan lesklavaj. Pozisyon sa se wè lesklavaj/lokipasyon kòm mwayen pou mennen lòt pèp kou ayisyen nan lavi modèn/sivilize a.
Lè OEA kòm zouti rejyonal Entènasyonal Kominotè a nan mannigèt li kalifye kriz la de kriz gouvènans ak sekirite, estrateji a se falsifye kesyon sosyal la. Konsa li kache kriz fondalnatal la nan sans Janil epi pase anba pye sans ak objektik ansanm revandikasyon mas popilè yo nan 15 dènye lane sa yo k ap mande bon jan kondisyon lavi, k ap denonse tou ensekirite planifye, koripsyon, enjerans enperyalis la, aplikasyon politik baryè lib yo k ap kreye malè, elt., pou pwopoze entèvansyon militè kòm mwayen dominasyon ak okipasyon. Ki vle di, li kache vrè nati kriz la ki se antagonis ant 2 pwojè sosyete k ap toke kòn yo : youn ki se pwojè mas yo ki vle dwa grandèt majè peyi a ak nesesite pou yo gen dwa deside sou pwòp lavi sosyal, ekonomik, kilirèl ak politik yo, yon lide ki aktyalize pwojè mawon yo, lòt la li menm ki se pwojè modènite kolonyal la, Leta a, klas dominant yo ak enperyalis la patikilyèman Lèzetazini. Ki vle di, natirèlman, OEA kache enplikasyon li menm kòm estrikti nan kriz peyi a jounen jodi a ki chita estrateji ponpye piwomàn nan nan kreye kriz konjonktirèl apresa pou pase pou sila k ap pote solisyon yo (n ap elabore lide sa piba). Yon pawòl ki fè eko ak lide Janil ki di Entènasyonal Kominotè a toujou kreye konfli etnik oubyen elektoral kote enterè li menase[14].
Konsènan objektif pi laj yo, pwojè òganizasyon an klè nan plan an, se restriktire peyi a nèt. Se konsa yo di: « Nou wè fèydewout la tankou yon kad ki ka chanje, dinamik epi ki ka adapte, k ap evolye tou suivan kondisyon ki sou teren an, epi ki vize marye jesyon kriz la ak refòm estriktirèl »[15]. Kounye a nou ta ka mande, èske pwojè refòm estriktirèl la se pa fè peyi a depandan totalman de enperyalis meriken an epi kontwole sibjektivite mas popilè yo ki kèk fwa sèvi obstak pou aterisaj pwojè kapital la? Yon kesyon ki ka ede n konprann jistifikasyon okipasyon militè a.
Dezyèm rezon òganizasyon an avanse pou jistifye fèydewout la se nesesite pou antisipe posib kriz politik apre 7 fevriye 2026 la, ki se dat k ap make fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. N ap site dokiman an :
Kreyasyon Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT), yon ògàn ki gen ladan l nèf manm epi ki te jwenn bourad GPE ak CARICOM nan lide pou gouvène peyi a nan yon peryòd tranzisyon k ap mennen nan eleksyon, li reprezante yon avanse frajil men siyifikatif pou soti nan enpas politik la. Sepandan, fen manda KPT a k ap vini nan dat 7 fevriye 2026 la, Ayiti ka tonbe nan yon vid politik, yon potansyèl kriz ki, lè n asosye l ak divès defi sekirite yo, kapab kraze plis toujou pwogrè nan lòt domèn yo epi kanpe efò nasyonal ak entènasyonal yo nan benefis estabilite ak devlopman[16].
Si n ap kesyone pawoli sa, nou ta ka mande kisa ki vrè ant nesesite òganizasyon an avanse pou antisipe kriz pwobab apre 7 fevriye 2026 la, sa ki vle di chache « estabilite », oubyen asire yo pou yo gen kontwòl dinamik politik peyi a, ki vle di kontwole pèp ayisyen an sou chwa lavi l kòm aktè responsab epi granmoun ? Men pi lwen li di l, se ta pou asire yo peyi a pa kite wout devlopman an (jan yo konprann li a, kòmkidire devlopman se yon fenomèn nou ka jis dekrete epi k ap kale tankou yon kout zèklè)[17]. Nan lide moso tèks sa, nou ta jwenn tou yon enterè pou kenbe vivan enstitisyon etatik yo. Lojik ponpye piwomàn Entènasyonal Kominotè a parèt klè kou dlo kòk nan ka sa, paske yo se aktè ki kontribye karebare nan kraze menm enstitisyon yo pretann y ap rekanpe yo. Nou paka bliye enplikasyon yo nan kwoke eleksyon bout mamit nan gòj nou depi 2010, enfliyans yo tou sou prèske tout enstitisyon nan aparèy Leta a tankou : Polis Nasyonal la, Lajistis, Palman an Jovenel Moïse kraze alòske yo t ap sipòte menm prezidan sa san kondisyon, primati, Kou Kasasyon, elt. San konte, 50 dènye ane sa yo, Entènasyonal Kominotè a atravè aplikasyon politik baryè lib yo, kontribye sistematikman nan afebli Leta a lè yo privatize antrepriz piblik yo, retire Leta a nan asistans sosyal nan redui bidjè ministè ki gen misyon soulaje sitwayen yo sou zòd Fon Monetè Entènasyonal ak Òganizasyon Mondyal Kòmès[18], sipòte koudeta.
Twazyèm rezon òganizasyon an avanse, jan nou di l pi wo a, se difikilte pou MMAS la bay rezilta tout bon oubyen konsta echèk li pou divès rezon. Konsa yo di :
Rezolisyon 2699 Konsèy sekirite Nasyonzini an te otorize deplòtonnay MMAS la Kenya ap dirije epi Leta manm yo ap finanse a. Toutfwa, eta kriz sekirite ann Ayiti a rete yon sitiyasyon ki siprann. Menmsi kantite sòlda MMAS la ap eseye rezoud vyolans ki genyen an, Misyon an kanmenm jwenn kèk kontrent estriktirèl ak finansye ki paka neglije. Li pa gen yon estati jiridik entènasyonal, sa ki ba li anpil limit nan kapasite li pou l jere dirèkteman fond oubyen egzekite operasyon lojistik yo. Kontribisyon volontè yo enferyè ak kantite mwayen k ap bezwen pou yon ane[19].
Sou pwen sa, n ap raple se sou baz yon etid kèk ekspè Nasyonzini te fè, apre rapò a sekretè jeneral la Antonio Guteres te pran desizyon pou valide deplwaman MMAS la nan peyi a. Malgre denonsyasyon ak pwotestasyon anpil aktè lokal, Joe Biden ki te prezidan meriken nan moman an te di : « Misyon sa pral ede polis nasyonal Ayiti a (PNH) idantifye operasyon antiganng li yo, ranfòse kapasite l pou l kenbe sekirite piblik la epi veye pou èd imanitè a rive jwenn sila a ki nan bezwen yo. »[20] De (2) lane apre, plis masak, plis moun kouri kite kay yo, ganng ame kontwole plis teritwa, popilasyon an ap viktim pirèd pandan gwo lajan ap brase nan fòs miltinasyonal la.
Konpòtman ak deklarasyon responsab nou site piwo yo bay lenpresyon se yon pakèt amatè ki pran Ayiti pou teren antrènman politik yo nan moman kriz yo. Men tou, tout rezilta efikas t ap siprann nou paske nou konnen pa gen ankenn mwayen pou Entènasyonal Kominotè a panse libète byennèt pou pèp ayisyen.
Kout je sou 5 aks yo
Akote eleman jistifikatif nou soulve piwo yo, Fèydewout la konstui sou 5 aks òganizasyon an jije nesesè pou rezoud kriz Ayiti ap viv la. Menmsi plan an soti nan kontèks jounen Jodi a, men pwen yo pa sèlman gen yon vize konjonktirèl. Yo sitou gen pretansyon pote yon « solidisyon dirab ak estriktirèl » pou sosyete a.
Estabilizasyon ak sekirite
Pou kesyon sekirite a, li rete pilye fondamantal pou òganizasyon an paske pou responsab yo, se li menm k ap mennen nan pwosesis lapè a epi k ap pèmèt yo vrèman atenn objektif ki pi laj yo : « Pilye sekirite a se wout ki pou mennen nan estabilizasyon ak lapè a. Nou pa gade l depaman, men tankou yon levye estratejik nan objektif ki pi laj sou plan politik, elektoral ak devlopman »[21]. Nan lespri bout tèks sa, nou konprann kesyon sekirite a se chwal batay ògnaizasyon an. Men nou wè òganizasyon an pa mansyone yon fwa ki kòz kriz ensekirite a. Li fè silans sou ansanm rapò divès òganizasyon entènasyonal kou lokal pibliye k ap montre se peyi Lèzetazini k ap ponpe zam ki kreye latèrè isit, epi ki lonje dwèt tou sou konplisite Leta a ak responsab entènasyonal yo nan sipòte pwojè latèrè sa lè yo patisipe nan legalize gwoup ame yo, konseye yo pou yo mete ansanm, oubyen nan itilize yo pou fè represyon sou mas popilè yo. Li kache tou pwofi tout gwo antrepriz miltinasyonal yo nan mache kriminèl la. An rezime, OEA vle touye je sou responsabilite Entènasyonal Kominotè a nan kreye kriz ensekirite a. Jan li wè pwoblèm nan, se kòmkidire ensekirite a se yon loray kale. Sa ki ta vle fè konprann jenn fanm ak jenn gason k ap teworize popilasyon an se yo menm ki fabrike zam sa yo tou. Men li rete klè kou dlo kòk, ensekirite a se zouti pou chita lojik dominasyon an nan falsifye kesyon sosyal la pou pèmèt ajanda kapital la byen chita tèt li.

Konsansis politik
Aks sa enpòtan anpil paske si nou ta mande òganizasyon an ki nati kriz n ap viv la, l ap reponn nou rapid vit : « […] kriz politik k ap ale vini ann Ayiti yo, gen yon ansanm faktè ki ba yo tete tankou dezekilib pouvwa egzekitif yo, absans reyèl siveyans palman an, feblès gouvènans lokal la, pouvwa jidisyè a ki manke granmoun, ak kad enstitisyonèl la ki pa anfòm depi kèk tan »[22]. Avèk dekò sa li plante a, OEA rive dirèk dirèk sou youn nan pwopozisyon pou rezoud kriz la. Konsa li di : « Pwojè konstitisyon ki deja ap sikile a epi k ap fè deba a, menm jan ak kèk lòt priyorite tankou sekirite a, yo pwopoze yon pwen pou kòmanse yon dyalòg nasyonal pou tout moun patisipe nan objektif non pa pou bay pouvwa a, men pito pou konstui yon vizyon politik kote tout moun mete yo dakò sou li »[23].
Anlagan, lekti òganizasyon an rete koke nan yon apwòch fonksyonalis, ki wè kriz peyi a nan yon linèt biwokratik. Nan entèlijans li oubyen pou l rete koyeran ak lojik Entènasyonal Kominotè a, li touye je sou kontradiksyon ki travèse Leta a ki enpòtan pou konprann kriz l ap konnen jounen Jodi a kòm enstitisyon. Tankou rapò depandans li ak peyi enperyalis yo yon bò ki pa san enpak sou mòd fonksyònman l. Epi yon lòt bò nati kolonyal li ki sèvi pwòp pyèj pou destriksyon l, lè nou konnen konpòtman otoritaris li depi se pou sa ki gen pou wè ak revandikasyon mas yo. Epi sa rete yon paradòks tou kote tout pandan enperyalis la ap pale de Leta ki an kriz poutan se menm Leta sa k ap mande okipasyon, k ap bay gwo kontra ak fim miltinasyonal sou pretèks « sekirite », k ap blayi zòn franch, k ap fè represyon tou chak fwa popilasyon an ap mande pou retounen lakay yo.
Kidonk nou konprann kriz Leta a la li paka rezime ak yon kesyon kriz politik. Ki vle di tou rezolisyon l depase yon senp chanjman konstitisyonèl ki plis sanble estrateji pou renouvle dominasyon Entènasyonal Kominotè a[24]. Alòs tout lide solisyon dwe soti nan yon analiz tèt poze sou fòmasyon sosyal la pou konprann pwoblematik granmounte Leta a, ki pa sispann sèvi mwayen pou oligachi lokal la ateri pwojè kapital la kont enterè mas yo, ak kontradiksyon klas yo ki kidnape enstitisyon an nan vizyon ak pratik li. Nan sans sa, li vin menm yon nesesite pou detwi mòd Leta sa, yon fason pou rezoud pwoblèm estriktirèl Leta kont Nasyon an (Trouillot, 1986) pou gen yon Leta k ap sèvi enterè pèp ayisyen tout bon vre.
Lejitimite elektoral
« Pilye sa fondamantal pou estabilite ak dirabilite ann Ayiti gras ak rekonstriksyon yon trajektwa demokratik moun kapab fè konfyans. Objektif santral la se veye pou se popilasyon an reyèlman alavni ki chwazi dirijan ayisyen yo nan kad eleksyon transparan, enkliziv, lib ak ekitab avèk obsèvatè entènasyonal yo »[25]. Pandan ògannizasyon an pretann l ap angaje l pou demokrasi blayi nan peyi a epi sipòte bon jan eleksyon, nou dwe raple soti 2010 pou rive 2016, se òganizasyon entènasyonal yo, patikilyèman OEA ki patisipe jouk nan zo nan pase anba pye souverènte popilè a nan bay fo rezilta nan eleksyon jis pou bay pouvwa a ak kandida ki reponn ak kritè kapital la. Sa ki vle di kontrèman ak sa yo vle fè konprann, OEA se veritab obstak pou yon demokrasi reyèl epi ki gen nannan boujonnen nan peyi a kote popilasyon an ta ka vrèman jwenn dwa grandèt majè l nan chwazi pwòp dirijan l. Nou di demokrasi reyèl paske tout pwojè demokrasi Entènasyonal Kominotè a rete yon demokrasi liberal (Midy, 2018) oubyen yon demokrasi kominotè (Louis-Juste, 2003) k ap mete mas yo sou kote epi k ap bay jarèt ak enterè kapital la nan kontinye chita politik baryè lib la[26].
Repons pou lavi moun
Esplikasyon pozitivis fenomèn sosyal yo, lè se pou gade rapò inegalite yo, toujou pwofite ak dominan yo nan kache kontradiksyon ras, klas, rapò fanm ak gason, elt., ki alabaz pwòp inegalite sosyal yo. Se egzakteman sa Òganizasyon Leta Ameriken yo fè lè li wè kondisyon malsite mas popilè ayisyen tankou loray kale. Rezolisyon kriz la nan ka sa chita nan charite, epi ONG tounen mwayen pou fè travay sila a. An nou founi je gade pawoli estrikti a : « Repons pou lavi moun ann Ayiti a jwenn asiz li nan dwa entènasyonal pou lavi moun nan a epi li pran yon demach ki chita sou dwa yo epi ki santre l sou popilasyon k ap viv yon kriz ki dire, ki pote mak fabrik gwo sitiyasyon ensekirite, deplasman anpil moun ak vilnerabilite divès dimansyon »[27]. Lide sa pase lwen kòz istorik ki kreye malsite pèp la. Nou ta kapab site tankou dappiyanp klas dominant lokal yo sou richès peyi a apre sasinay Jan Jak Desalin, kesyon agrè a ki bay nesans ak yon boujwazi lokal malfini ki konekte bòdmè a ak kapital entènasyonal la ; nou ka di tou enpozisyon Leta fransè fè nou pou peye ranson 1825 lan ki priye mas yo jouk nan pou jwenn lajan sa a; ekspwopriyasyon ak vòl rezèv lò nou sou lokipasyon blan meriken nan kòmansman 20è syèk la ; san bliye politik baryè lib yo ki fini nèt ak pwodiksyon nasyonal la, pou nou site sa yo sèlman.
Devlopman
Depi kèk tan, devlopman menm jan ak demokrasi, tounen zam Entènasyonal Kominotè a chak fwa li vle mete pye sou kou ti peyi yo (ekonomikman ak politikman) pou blayi enterè kapital la. Tout aksyon yo chita anba yon sèl diskou « yo vin devlope». OEA nan pwopozisyon Fèydewout la pa bliye mete lide sa devan tou lè li di: « Objektif pilye sa (devlopman) se kontribye nan estabilizasyon ak rekiperasyon Ayiti nan retabli sèvis de baz yo, nan favorize revitalizasyon ekonomik, nan estimile devlopman riral, nan kreye travay epi nan ranfòse kapasite enstitisyonèl pandan n ap mete aksan sou popilasyon ki pi vilnerab yo […] »[28]. Nan sans sa, devlopman an se yon gwo mo, bèl pawòl, yon mo mistifikatè pou kokobe lespri nou sou pwoblèm reyèl n ap viv yo ak sous yo. Nou deja konnen metodoloji ak vizyon politik Òganizasyon Leta Ameriken yo fè li avèg depi se pou gade listwa malsite pèp oprime yo. Kanta pou pwoblèm kounye a yo, li pase lwen kontradiksyon kapital-travay la kote ouvriye ak ouvriyèz nan faktori yo ap touche yon salè mizè tout pandan kòmèsan gwo chabrak yo ap fè pwofi; nou ka site tou fenomèn koripsyon an kote politisyen isit kou lòtbò dlo, miltinasyonal ap ranmase mago alòske kategori popilè yo ap trimen; nou pa dwe bliye tou konsekans politik baryè lib yo tankou lavi chè, enflasyon, taks, sèvis de baz yo (ledikasyon, lasante, dlo, lamanjay, lwazi, elt.) ki pa rive jwenn mas yo, deperisman pwodiksyon nasyonal la, liberalizasyon mache petwolye ki mete pri gaz la disèt wotè, elt.
Alòs nou konprann ankenn devlopman reyèl paka fèt nan kondisyon restavèk. Devlopman tou pa janm yon bagay gwo ponyèt, men li konstui nan dinamik istorik yon pèp ki granmoun. Demach enpoze a se chimen pou mennen nan diktati, jenosid ak endiyite, ki vle di fouye pèp yo nan kriz pi fon jan sitiyasyon pèp ayisyen ap desinen depi 50 dènye lane sa yo.
Kapitalis dezas, yon rapò istorik ak Ayiti
Nan dinamik sistèm kapitalis la, yè kou jodi, ankenn mwayen pa janm depase limit depi se pou tabli enfliyans, dominasyon ak eksplwatasyon kapital la sou fanm, oubyen lòt idantite seksyèl ki pa rantre nan nòm oksidantal yo, oubyen ankò sou anviwònman ak sou klas oprime yo nan peyi Sid yo. Egzanp yo pa manke nan listwa[29], menm jan tou yo pa sispann repete anba je nou jounen Jodi a. Konsènan kriz n ap viv ann Ayiti 15 dènye ane sa yo, nou soulve gen 2 faz nan dinamik politik yo ki bay nesans ak 2 aktè antagonik nan sosyete a ki alabaz kriz la. Youn ki se mas popilè yo kòm veritab aktè politik nan premye moman yo k ap pote tout kalte revandikasyon nou entèprete kòm volonte pou chanje sistèm malfini an.[30] Nou ka gade peryòd sa soti 2010 rive 2022, ki se dat dènye gwo mobilizasyon popilè nan kapital la ak nan lòt vil pwovens peyi a. Yon lòt se 2022 pou 2025, kote mas yo oblije fè bak sou revandikasyon sou kondisyon lavi yo pou konsantre enèji yo sou zafè defann teritwa. Nan moman sa anpil katye pèdi lafas, nouvo aktè sou sèn politik la vin gwoupman politik yo, kominote entènasyonal la ak gwoup ganng yo.
Revandikasyon mas popilè yo ki te gen plizyè aspè (chanjman mòd gouvènans, denonsyasyon aplikasyon politik neyoliberal yo, lonje dwèt sou koripsyon kòm mòd akimilasyon klas dominant yo atravè Leta a, elt.) nan radikalite yo, te pote gwo kè sote pou kontinite dominasyon modènite kolonyal la a. Revandikasyon sa yo te sakaje sistèm pezesouse a epi menase vansman divès pwojè tankou pwojè rekonstriksyon an ki t ap mande pou popilasyon an kite zòn anba lavil la, bidjè ane fiskal 2017-2018 la mas yo rele bidjè kriminèl, liberalizasyon mache petwolye a sou Jovenel Moïse menmsi Ariel Henri pral moun ki chita pwojè sa, chanjman konstitisyon, enpinite apre gagòt lajan petwokaribe ak CIRH la, san konte pwojè zòn franch k ap klewonnen depi sou Martely, eksplwatasyon minyè, lokipasyon ak lòt ankò. Kidonk vijilans mas popilè yo te veritab obstak pou chita ansanm pwojè sa yo, sa ki fè kontwole yo oubyen mete yo deyò sèn politik la vin yon veritab nesesite pou Entènasyonal kominotè a. Alòs itilize estrateji chòk la (Klein, 2008) nan ganngsterize peyi a tounen mwayen pou detounen revandikasyon mas yo, pou kouri pou kriz estriktirèl la nan kreye yon seri kriz konjonktirèl ki se kesyon ensekirite ak disfonksyònman enstitisyon etatik yo. Kidonk li te yon nesesite tou pou enperyalis la atravè Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), « falsifye » kesyon sosyal la nan mòd operatwa klasik li. Sa ki pèmèt jounen jodi a li jistifye entèvansyon militè yo pou lejitime prezans li kòm sila k ap vin pote solisyon, ak nan pwopoze eleksyon pike devan san vannen reyalite a. Si n ap suiv byen, n ap wè moman kriz yo bay gwo bourad ak Entènasyonal Komiotè a. Nou ka pran egzanp 2010 kote aktè dominan yo pwofite de sitiyasyon malouk apre goudougoudou a pou ban nou rejim PHTK ak anvayi n ak ONG ; moman 2016 yo apre siklòn Mathew yo konstui Jovenel Moïse kòm mesi anban diskou nèg bannann nan ; jounen jodi a ak kriz ensekirite pwograme a yo gentan ap fè pwopagann pou gwo kriminèl. Nou konprann reyèlman vre kriz sosyal bay Entènasyonal Kominotè a tete pou mete pye sou kou ayisyen.
Lè nou konsidera pwen sa yo, nou rive konprann OEA pa fouti yon òganizasyon san fòs kote. Okontrè li kontinye rete bra dwat enperyalis meriken an. Kidonk li se mwayen konsekan pou puisans Èg la mete tout peyi anba lonbraj li. Se lide sa ki fè yo mete Kiba nan òganizasyon an; se rezon sa tou ki fè yo patisipe karebare nan fè koudeta 1991 lan nan peyi d’Ayiti epi panse retou prezidan an sou kondisyon pou aplike politik baryè lib yo ; se rezon sa ankò ki esplike y ap sipòte koudeta Lèzetazini ap konplote kont prezidan venezyelyen an, Nicolas Maduro ki pase nan eleksyon dèyè lide y ap konbat dwòg ; se rezon sa tou ki fè yo kenbe Ayiti nan gòjèt depi 2010 jiskaske yo bay tèt yo dwa fwa sa a, enstitisyonalize kondisyon restavèk la avèk piblikasyon Fèydewout la. N ap fini pou nou di OEA montre aklè Entènasyonal Kominotè a toujou prè depi se pou kokobe mas oprime peyi Sid yo kit se nan lespri, kit se fizikman. Men tou nou pa dwe janm bliye, se nan kole zepòl jan kèk peyi nan Afrik Lwès la (Mali, Boukina Faso, Nijè) ap fèl la ak jan prezidan kolonbyen an Gustavo Petro pwopoze l la, pou pèp oprime yo rive libere tèt yo. Batay pou liberasyon an nan sans sa pa dwe janm kaba. Nan sans sa nou prete pawoli Janil sa pou nou di : « Tout mouvman kontestasyon koperasyon ki rele tèt li entènasyonal ap patisipe nan batay kont Entènasyonal Kominotè a, ki mete ann avan èd pou devlopman pou l kapab pi byen anfoudraye ènèji liberasyon sektè majoritè nan mond lan »[31].
Bibliyografi
Arrighi, J.-M. (2012). L’Organisation des États Américains et le droit international. (Volume 355)”, in: Collected Courses of the Hague Academy of International Law. http://dx.doi.org/10.1163/1875-8096_pplrdc_A9789004227293_0
Arthus, W. W. (2017). Le prix de l’ostracisme de Cuba de l’OEA en 1962 : les dessous de la conférence de Punta del Este. https://doi.org/10.4000/nuevomundo.70502
Blondy, A. Pompier Pyromane.
Département des État-Américains. (2024, 25 jen). Déclaration du président Joe Biden sur le déploiement de la Mission Multinationale d’Appui à la Sécurité en Haïti.
Gerstle, P. (2009). Le règlement du conflit entre les États-Unis et le Guatemala (mars-juin 1954) in Relations Internationales no 137. pp. 77 à 89. https://doi.org/10.3917/ri.137.0077.
Lessard, G. (juillet, 1998). L'Organisation des États américains : de l'Ordre international d'après-guerre à celui d'aujourd'hui, Groupe de recherche sur l'intégration continentale Université du Québec à Montréal. Département de science politique.
Leroy, F.-M. (1990). Dyakout 1, 2, 3, 4. Haïtiana Publications.
Louis-Juste, J. A. (2003, 8 août). Crise sociale et Internationale Communautaire en Haïti. http://www.alterpresse.org/spip.php?article643
…………………… (2003, 29 septembre). Comprendre l’hégémonie de l’Internationale Communautaire en Haïti. http://www.alterpresse.org/spip.php?article749
………………….. (2003, 15 octobre). Université et Citoyenneté en Haïti. http://www.alterpresse.org/spip.php?article798
…………………. (2004, 12 août) Haïti : Éclipse socio-politique de la paysannerie ou Présence politique subalterne des paysans ? http://www.alterpresse.org/spip.php?article1566
…………………. (2004, 8 septembre). L’Internationale Communautaire et l’État haïtien à travers le CCI : La Question Nationale http://www.alterpresse.org/spip.php?article1655
………………….. (2005, 21 février). La praxis de la solidarité : Base pour une philosophie haïtienne de l’éducation. http://www.alterpresse.org/spip.php?article2244
………………….. (2009, jen). ONG : ki gouvènman ou ye ? Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyen.
Klein, N. (2008). La stratégie du choc. La montée d’un capitalisme du désastre. Actes Sud.
Midy, F. (2018, 5 avril). «Transition démocratique» en Haïti ! – mais démocratie dans quel état ?https://www.semanticscholar.org/paper/%C2%AB-Transition-d%C3%A9mocratique %C2%BB-en-Ha%C3%AFti-!-%E2%80%93-mais-dans Midy/bfd8f002df2a00ec664747e5630b08ea1816ba76Sénat, J. (2022). L’organisation des États américains et la démocratie en amérique latine : analyse comparative de l’intervention de l’OEA dans les crises politiques en Haiti (2000-2004) et au Vénézuela (2013-2017), Université du Québec à Montréal.
Trouillot, M.-R. (1986). Les racines hitoriques de l’État duvaliérien. Éditions Deschamps.
OEA. (2025, 20 août). Vers une feuille de route dirigée par Haiti pour la securite et la paix avec un soutien regional et international.
Nòt
1 Tèks sa soti nan Dyakout, 1, 2, 3, 4 nan paj 50.
2 Ki altènativ pou goch la fas ak fenomèn ensekirite a?, Dutty boukman, 4 mas 2025, KafouNews.
Ki aktè k ap Mennen konjonkti a epi ak ki enterè?, Wasly Simon, KafouNews.
3 Atik sa parèt nan dat 25 novanm 2025 sou JOF Medya, ak sou KafouNews 28 novanm 2025. Ladan l nou mete aksan sou linèt pwofesè Jean Anil Lous-Juste ban nou ki rele Entènasyonal Kominotè a, pou chache konprann mannigèt kominote entènasyonal la ak aktè lokal yo nan kontèks kriz nan peyi a. Nou rele pratik sa yo lojik ponpye piwomàn nan, sa ki vle di mete dife apre pou pase pou sila k ap touye dife sa. Se yon estrateji manipilatwa pou toujou kenbewòdpòt lòd eksplwatasyon ak dominasyon modènite kolonyal la.
4Maristela Rodrigues-Roget, Le système interaméricain et les principes démocratiques : l’évolution de son engagement in L’organisation des États américains et la démocratie en amérique latine : analyse comparative de l’intervention de l’OEA dans les crises politiques en Haiti (2000-2004) et au Vénézuela (2013-2017), Josué Sénat.
5 Jean Michel Arrighi, L’Organisation des États Américains et le droit international, 2012.
6 Ibidem.
7Lessard, Geneviève, ibid.
8 Pierre Gerstle, Le règlement du conflit entre les États-Unis et le Guatemala (mars-juin 1954).
9 Wien Weibert Arthus, Le prix de l’ostracisme de Cuba de l’OEA en 1962 :
les dessous de la conférence de Punta del Este.
10Geneviève Lessard, L'Organisation des États américains : de l'Ordre international d'après-guerre à celui d'aujourd'hui, 1998.
11 Josué Sénat, Ibid.
12 Alpha Blondy, Pompier Pyromane.
13 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international, p. 3.
14 Wasly Simon, Entènasyonal kominotè ak modènite moun.
15OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international, p. 3.
16 Ibid., p. 6.
17 Jean Anil Louis-Juste choute sou mòd operatwa Entènasyonal Kominotè a nan kesyon devlopman an lè li di : « Devlopman an pa yon senp bagay disponiblite lajan, ekspètiz. Nou paka dekrete devlopman ; li se yon pwosesis imen konplèks kote tout dimansyon moun yo dwe jwenn kote pou layite kò yo ».
18 Nan tèks Haiti : construire ou reconstruire Sophie Perchelet pibliye an 2010, li avanse chif sa yo pou li montre enpak politik baryè lib la sou enstitisyon etatik ki gen misyon bay asistans sosyal ak sitwayen : « Selon chif depans bidjetè ki sou sit Ministè ayisyen ekonomi ak finans lan, depans nan sektè sosyal yo pase de 22,83% soti 2001-2002 pou tonbe nan 21,01% nan 2008-2009, avèk yon chit brital de 13,93% ant 2003 ak 2004. Yo gen ladan yo depans ministè edikasyon nasyonal, jenès ak espò ak depans minister sante piblik ak popilasyon. Premye depans yo soti nan 14,85% an 2001-2002 pou tonbe ak 13,74% an 2008 2009. Pou sa ki konsène sante, depans yo rive 7,37% an 2001-2002 pou l tonbe nan 4,84% an 2008-2009. Ministè agrikilti li menm ki te gentan genyen li menm 2,47% depans piblik an 2001-2002, vin sèlman rete ak 1,6% an 2008-2009. Pou Inivèsite Leta d’Ayiti a, depans total li pa janm rive 1,35%. » (p. 8).
19 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haiti pour la securite et la paix avec un soutien regional et international, P. 6.
20 Département des État-Américains, Déclaration du président Joe Biden sur le déploiment de la Mission Multinationale d’Appui à la Sécurité en Haiti, 25 jen 2024.
21 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international, p. 13.
22 Ibid., p. 18.
23 Ibidem.
24 Pwojè chanjman konstitisyon an pa vini jounen Jodi a. Depi sou prezidan Jovenel Moise te gen yon mache prese pou lide sila a ki ta pral renouvle sou Ariel Henri. Nan siyati akò 3 Avril ki ta pral bay Konsèy Prezidansyèl tranzitwa a, li te la kòm youn nan objektif konsèy la ki te gentan mete machin pwopagann yo deyò pou materyalize l. Men akòz kontestasyon divès òganizasyon pwogresis epi retisans mas yo, dirijan yo deklare yo fè bak pou konsantre yo definitivman sou kesyon eleksyon an.
25 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haiti pour la securite et la paix avec un soutien regional et international, p. 19.
26 Francklin Midy nan atik «Transition démocratique» en Haïti ! – mais démocratie dans quel état ?, rele konsepsyon demokratik sa demokrasi liberal, yon konsèp k ap seye konprann lojik demokratik k ap layite nan mond lan nan fen 20èm syèk la. Fòm demokrasi sa opoze ak yon demokrasi ki gen mas yo kòm aktè politik.
27 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international, p. 13.
22 Ibid., p. 18.
23 Ibidem.
24 Pwojè chanjman konstitisyon an pa vini jounen Jodi a. Depi sou prezidan Jovenel Moise te gen yon mache prese pou lide sila a ki ta pral renouvle sou Ariel Henri. Nan siyati akò 3 Avril ki ta pral bay Konsèy Prezidansyèl tranzitwa a, li te la kòm youn nan objektif konsèy la ki te gentan mete machin pwopagann yo deyò pou materyalize l. Men akòz kontestasyon divès òganizasyon pwogresis epi retisans mas yo, dirijan yo deklare yo fè bak pou konsantre yo definitivman sou kesyon eleksyon an.
25 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haiti pour la securite et la paix avec un soutien regional et international, p. 19.
26 Francklin Midy nan atik «Transition démocratique» en Haïti ! – mais démocratie dans quel état ?, rele konsepsyon demokratik sa demokrasi liberal, yon konsèp k ap seye konprann lojik demokratik k ap layite nan mond lan nan fen 20èm syèk la. Fòm demokrasi sa opoze ak yon demokrasi ki gen mas yo kòm aktè politik.
27 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international, p. 13.
22 Ibid., p. 18.
23 Ibidem.
24 Pwojè chanjman konstitisyon an pa vini jounen Jodi a. Depi sou prezidan Jovenel Moise te gen yon mache prese pou lide sila a ki ta pral renouvle sou Ariel Henri. Nan siyati akò 3 Avril ki ta pral bay Konsèy Prezidansyèl tranzitwa a, li te la kòm youn nan objektif konsèy la ki te gentan mete machin pwopagann yo deyò pou materyalize l. Men akòz kontestasyon divès òganizasyon pwogresis epi retisans mas yo, dirijan yo deklare yo fè bak pou konsantre yo definitivman sou kesyon eleksyon an.
25 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haiti pour la securite et la paix avec un soutien regional et international, p. 19.
26 Francklin Midy nan atik «Transition démocratique» en Haïti ! – mais démocratie dans quel état ?, rele konsepsyon demokratik sa demokrasi liberal, yon konsèp k ap seye konprann lojik demokratik k ap layite nan mond lan nan fen 20èm syèk la. Fòm demokrasi sa opoze ak yon demokrasi ki gen mas yo kòm aktè politik.
27 OEA, Vers une feuille de route dirigée par Haïti pour la sécurité et la paix avec un soutien regional et international, p. 21.
28 Ibid., p. 23.
29 1492, nan lide pou chache pwofi, kapitalis blan ewopeyen debake sou bout tè sa mete an esklavaj pèp otoktòn yo, detwi yo kòm moun ak tout sivilizasyon yo anvan y al sou lòt kontinan (Afrik koulye a) pran moun fè tounen machandiz. Gen pou kèk moun nan lide pou pase sou silans krim sa yo, se yon aksidan, ki ta vle di pratik sa pa kadre ak ideyal Loksidan k ap panse dwa moun, kidonk se istwa pase, ki vle di se yon faz nesesè nan sistèm kapitalis la pou blayi sivilizasyon nan mond la. Sa ki ta ka vle di fòm tèrè sa depase. Gen lòt moun ki pa wè sa konsa tankou pou Naomie Klein (2008), jounalis britanik se pami sila a k ap seye entèjibilize nouvo pratik sanginè sistèm kapitalis la sou ti peyi yo nan faz neyoliberal li. Konsa jounalis la rive konprann depi kèk tan n ap viv yon modèl ki pote non kapitalis dezas kote nou jwenn nouvo metòd enperyalis la se itilize moman kriz yo pou enpoze pwojè dominasyon ak eksplwatasyon an. Nan ka Ayiti nan analiz nou, nou rive konprann Entènasyonal Kominotè a byen chita metodoloji sa.
30 Nou bay referans ak 3 travay anvan yo: Ganngsterizasyon, nouvo chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la. KafouNews, 17 janvier 2025.
Boukman, D. Ki altènativ pou goch la fas ak fenomèn ensekirite a?, KafouNews 4 mas 2025.
Simon, W. Ki aktè k ap Mennen konjonkti a epi ak ki enterè?.KafouNews, 25 dawout 2025.
31Jean Anil Louis, juste, L’Internationale Communautaire et l’État haïtien à travers le CCI : La Question Nationale http://www.alterpresse.org/spip.php?article1655. mercredi 8 septembre 2004.
Etidyan memoran nan depatman sosyoloji, Fakilte Syanzimèn (Inivèsite Leta d’Ayiti)
0 Commentaires