Senk rezon ki ka fè yon fanm pa fè pitit

Senk rezon ki ka fè yon fanm pa fè pitit

Anpil fwa lè yon fi pa fè pitit yo konn di l yon latriye pawòl chaje ak prejije sou li. Gen sak ki di li se milèt. Gen lòt ki panse ak move sò. Pawòl sa yo janbe fontyè lang yo. Yo travèse anpil epòk , sivilizasyon ak kilti. Ann nou gade ansanm senk rezon ki ka kòz yon fanm pa fè timoun.

Maladi

Gen plizyè maladi ki ka anpeche yon fi fè timoun. Enfeksyon ki gen rapò ak maladi seksyèl yo gen gwo enpak sou ògán repwodiksyon fi a. Lòt pwoblèm ki kapab genyen ankò se dezòd ki genyen nan ovilasyon yo. Ovil yo gendwa pa ase oubyen pa gen ovil ki libere. Youn nan pwoblèm ki ka genyen ankò se anomali glè a. Glè (likid k ap pwoteje iteris la) a triye espèmatozoyid yo. Li kite sa ki nomal yo pase epi elimine sa ki pa nòmal oubyen ki twò fèb yo.

Pwoblèm sikolojik ak move panse

Yon evènman trajik nan lavi yon moun ki pote anpil move souvni. Pè pou pa fè menm erè ak paran nou yo. Sibi yon vyolans seksyèl. Pè pou pa mouri kite timoun yo nan move kondisyon tankou rete ak matant oubyen bèlmè. Pè pou nou pa yon move paran. Tout sa yo se ansanm kondisyon ki konn fè yon fi pa rive fè timoun.

Kondisyon anviwónmantal inapwopriye

Yon fi ki ap travay nan move kondisyon. Yon fi ki pase anpil tan nan chalè. Yon fanm ki ap sibi anpil strès. Yon fi ki p ap dòmi oubyen ki pa dòmi ase. Yon fi ki ap konsome anpil alkòl, tabak oubyen divès kalte dwòg. Yon fi ki ap kouri danje pestisid yo, yon fi k ap leve bagay ki twòp pou fòs li oubyen ki ap fè gwo tonton espò riske gen gwo pwoblèm pou anfante.

Laj

Laj la gen jwe yon gwo wòl nan anpil domèn nan lavi yon moun. Menmjan laj la ka afekte moun nan fizikman, li vin gen mwens enèji. Menmjan li ka afekte moun nan nan domèn entèlektyèl li, se konsa li gen gwo enpak sou fètilite yon fi. Daprè espesyalis yo, aprè trant lane yon fi gen mwens chans pou li rive fè timoun paske nan laj sa yo ovil yo komanse anòmal.

Alèji ak spèmatozoyid

Men jan yon moun kapab alèji ak yon manje, yon kalte twal oubyen nenpòt sa li te ka ye, yon fi ka rive alèji ak espèmatozoyid la. Kidonk alèji ak espèmatozoyid yo kapab rann fi a pa ka fè timoun.

Senk rezon ki ka fè yon fanm pa fè pitit

Share

Dorival Davidson 7

Je partage ma vie entre l'étude, la musique et l'écriture.

Laisser un commentaire

0 Commentaires