Senk rezon ki ka fè yon gason pa fè pitit

Senk rezon ki ka fè yon gason pa fè pitit

Yon timoun enpòtan anpil nan yon fanmi. Li se sous lajwa, non sèlman pou fanmi an men pou tout moun ki nan antouraj fanmi an. Pou moun ki pa soti nan gran fanmi yo li se espwa. Alòske fanmi gran panpan yo li se senbòl larelèv. Men se pa tout fanmi ki rive jwenn chans pote yon timoun ki se pitit pa yo sou zepòl yo. Pwoblèm nan konn poze kay fi a oswa kay gason an. Nou pral gade ansanm senk rezon ki kapab fè yon gason pa fè pitit.

Anòmalite espèmatozoyid

Gen plizyè pwoblèm ki kapab koze yon anomali ki gen rapò ak espèmatozoyid yo. Premye koz ki kab genyen se absans espèmatozoyid nan ejakilasyon an. Dezyèm anomali ki ka prezante se yon kantite espèmatozoyid ki twò piti. Sètadi yon kantite espèmatozoyid ki pi piti pase trant milyon nan yon mililit espèm. Lòt pwoblèm ki ka koz yon gason pa fè pitit se lè espèmatozoyid yo pa rive deplase ase rapid. Nòmalman deplasman espèmatozoyid yo dwe depase karant pousan nan espèm nan. Denye anomali an se lè kantite espèmatozoyid ki pa nòmal yo pi plis pase swasant pousan nan espèm nan.

Anomali nan kannal yo

Lè kannal kote espèm nan sikile yo bouche oubyen gen yon mal fòmasyon ki kapab anpeche espèmatozoyid yo rive byen melanje avek espèm nan lè gason an ejakile. Anomali nan kannal yo kapab yon pwoblèm moun nan fèt ak li oubyen li kapab gen rapò ak yon aksidan.

Anomali nan depo espèm yo nan aparèy fi a

Espèmatozoyid yo frajil anpil. Yo dwe suiv wout yo tankou jan sa trase a. Si espèm nan soti nan tèt aparèy gason an. Sa ap gen gwo konsekans sou kalite espèmatozoyid yo. Lè sa yo pale de yon depozisyon ki pa bon nan aparèy fi a. Sa ki ka koz sa se operasyon pwostat kay gason an oubyen yon operasyon nan nivo vesi a.

Kondisyon anviwónman ak konsomasyon tabak ak alkòl

Anviwónman gason an ap viv ka youn nan koz enfèlite l. Yon gason ki ekspoze ak anpil estrès, ki ap viv nan yon anviwónman ki polye kapab gen pwoblèm fè timoun. Yon gason ki ap fè anpil espò oubyen ki ap fè travay ki twòp pou fòs li kab gen pwoblèm sila a. Yon gason ki ap pran anpil tabak, dwòg oubyen kap bwè anpil bweson ki gen akòl kab touche ak pwoblèm paka fè timoun nan tou.

Konsomasyon medikaman

Medikaman yo enpòtan pou nou lè nou malad. Men tou nou paka pran yo nenpòt kòman. Se yon espesyalis ki dwe preskri nou yo, epi nou dwe respekte dozaj yo tou paske, yo ka gen gwo enpak sou sante nou, sitou pou sa ki gen rapò ak fè timoun. Pami medikaman yo nou site antibyotik yo. Nou gen abitid pran nenpòt kòman nenpòt kilè. Nou dwe aji chak jou yon fason pou n pa fè tèt nou ankenn mal.

Share

Dorival Davidson 7

Je partage ma vie entre l'étude, la musique et l'écriture.

Laisser un commentaire

1 Commentaires

  • Marc Jonas Labossiere

    October 06, 2022 - 01:31:48 PM

    Un grand merci à toi, mon Cher maestro