Kovid-19: Kan Lamanten an se yon gwo malè pandje

Kovid-19: Kan Lamanten an se yon gwo malè pandje

Plis pase yon santèn jenn fanm ak jenn gason, san konte timoun gason kou timoun fi, ap jwe foutbòl, kouri, aprann karate ak lòt kalte espò. Nan mitan moun sa yo tou genyen machann dlo, bonbon, bwason gazez. Genyen tou nèg k ap fimen ak kèk lòt ki ap pase medam ki pa twò ka fè mouvman yo nan rizib pandan yo tou pwofite fè kèk ti remak deplase sou fòm kò kèk ladan yo. Ti tablo sa se reyalite k ap paweze preske chak maten nan kan lamanten an, yon zòn ki chita kò l nan komin Kafou, nan moman kovid-19 la ap layite kò li pi plis chak jou nan peyi a. Èske espò bon pou kowona ? Èske mesye dam sa yo se Sen Toma yo ye oswa se sansibilizasyon an ki pa rive sou yo ? Èske Leta nan dòmi ? Oubyen reyalite sa a montre tout limit li ?


Depi fen lane 2019 pou rive jouk jodi a, tèt lemonn cho kou vè lanp, mouche lanmò ap pyafe, bonnèt Tonton Sam vole, panik totol kapital : Kowonaviris k ap taye banda. Pa bò isit, jou ki te 19 mas 2020 an, prezidan peyi a te deklare yo jwenn 2 moun ki gen maladi a nan peyi a epi tou pwofite pou deklare etadijans sanitè sou tout bout tè a sou kote yon makòn lòt mezi kopye kole tankou konfinman ak kouvrefe.


Òganizasyon Mondyal Sante elabore yon pwotokòl ki gen ladann yon seri mezi yo kwè ki fèmen pòt nan figi manzè Kowona. Lave men ak dlo ki gen kloròks epi ak savon. Itilizasyon kachnen(mas). De (2) pa distans. Evite manyen je, bouch ak nen. Pa ni bobo ni bay lamen. Epi chita lakay, ki se mezi ki ta pi fyab la. Yon kout pye nan kan lamanten an (sitou bonè nan maten) ka bay yon lide sou aplikasyon mezi sila yo.

Jessica Jean, etidyan nan Fakilte Lengistik Aplike, ki prèske chak maten ale fè espò nan espas sila esplike : " Nou oukouran de maladi a e nou konnen dezas li ka fè tou". Sou sa ki genyen pou wè ak respè mezi otorite sanitè yo egzije yo, li reponn : " Kèk fwa nou respekte yo, kèk fwa nou pa respekte yo tou, sitou lè genyen anpil moun, nou pa twò ka respekte mezi distans sosyal la". Li kontinye : "Genyen yon notab nan zòn nan ki mete dlo pou lave men se pa tout moun ki toujou fè sa a".

Konfigirasyon espas la montre je klè si gen kèk moun ki vin jwe konsa oswa vin fè espò konsa konsa, gen lòt ki genyen yon estrikti. Se egzanp de gwoup ki gen yon monitè k ap dikte yon gwoup jèn mouvman pou yo egzektite. Dumervil Fabiola, yon jèn fi nan zòn ki toujou vin fè espò nan espas la ede nou konprann pi byen: " Youn nan gwoup ki gen monitè yo rele -Rood's Club- . Pou entegre ou dwe sèlman yon moun ki aktif". Pou sa ki gen pou wè ak koze lajan patisipasyon Fabiola fè konnen klèb la gratis ti cheri, men sizoka yon moun ta deside fè yon jès ak kotch la sa p ap poze okenn pwoblèm.


Sou sitiyasyon sila, yon malè pandje ki ka debouche sou yon kokennchenn kontaminasyon kominotè, J Kendy Clermont ki se yon etidyan dènye ane nan sosyoloji (Fasch/UEH) ki abite nan zòn n ap pale a di : " Mw panse se youn nan kontradiksyon ki pi flagran nan desizyon leta a. Koz leta deklare ke plis pase 10 moun paka reyini yon kote epi tou nan yon espas ki pou leta chak jou gen plis pase 200 moun ki reyini ladanl. Se menm kontradiksyon nan desizyon leta a ki rann otorite li klopiklopan. E ki fè popilasyon an mwens konsyantize sou mezi li dwe pran poul pwoteje tèt li".


Pou chavire sitiyasyon sa yo, fò n prezize kan Lamanten an pa sèl espas kote anpil moun reyini malgre prezans Kovid-19 la nan peyi a ( nan moman n ap ekri papye sa genyen preske 600 moun ki teste pozitif nan dis depatman peyi a), Kendy panse fòk desizyon leta ayisyen yo pa ta gen fòs kote. Li esplike : " Mwen panse fòk leta ayisyen koyeran ak tèt li. Sa vle di se pa sèlman entèdi aksè a moun nan kan lamanten an, men se tou entèdi aksè ak plis pase dis moun nan tout espas etatik ak prive. Fèmen kan lamanten an epi -ONI- kontinye ap delivre kat nan menm sityasyon kwense moun sou moun sa se lave men siye atè".

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Cadet herton johnsky

    May 22, 2020 - 03:53:51 AM

    Avan' m tanmen di kichòy mp felisitew pou bèl travay sa wap reyalize sou rezo sosyo yo se trè byen, mw se youn nan jèn ki pase plis tan anndan lakou sila swa ap fè spò swa ap li swa ap bay blag ak kèk kamarad nan ueh la, mw kwè se leta menm ki lakoz paske janl fè jetyon maladi rann anpil moun doute si maladi a sou teritwa a, e otorite pa fè okenn demach vrèman pouw rive sou moun ki pi vilnerab yo, kolèg kontinye poum diw menm moun ki asire pou si moun yo repekte lòd otorite yo bay yo konn vinn fè spò, vinn detann yo nan espas la se ka anpil polisye ki toujou nan espas ap fè spò oubyen pran machin leta pou vinn fè lè nan espas la

  • Nanie

    May 23, 2020 - 02:16:10 AM

    Monchè ou byen pale nou gen yon leta tèt anba