Pawòl pa m #6 / Pandansetan n ap vibe

Pawòl pa m #6 / Pandansetan n ap vibe

Jodi a fè plis pase senkant (50) jou depi prezidan an te fè nasyon an konnen genyen de (2) ka kowonaviris nan peyi a. Men sa pa anpeche nou "vibe". Li te pwofite tou fè konnen lekòl legliz ak tout lòt espas ki jeneralman resevwa anpil moun yo ta dwe fèmen pòt yo oswa reyini ak yon nwayo ki gen pou pi plis 10 moun. Anplis mezi sa yo, chèf leta te tou pwofite anonse kouvrefe sou tout kat kwen kadino bout tè papa Desalin nan sòti 8è nan aswè pou bout a 5è nan maten. Men Pandansetan n ap "vibe". Lave men, mete kachnen nan espas piblik yo, pa bay lamen, pa kanpe pre youn lòt, chita lakay. Si pawòl sa yo se te yon mizik, se t ap pi gwo yit ki t ap fèt nan monn nan an jeneral epi nan peyi Dayiti an patikilye. Nou konn leson sa pakè. Men pandesetan nou tout ap "vibe". Nou kontinye fonksyone kòmsi pa te janm gen anyen. Tankou koze kowona te yon fim. Tout bagay nòmal nòmal. Sa ki pi bèl la, grenn je leta ap kale gade nou k ap "vibe". Y ap veye ka ki kontamine, ka ki mouri ak sa ki poko mouri. Nou menm yon lòt bò n ap "vibe", n ap ri leta ki ap nome direktè pasipala, ki ap tann nou mouri pa pil e pa pakèt pou l ka di: " Ou wè sa m t ap di a". Leta ap jofre mò, nou menm pandesetan n ap "vibe". Leta ap veye uitè nan lannuit pou l bann baton, nou menm nou fè tout jounen an pil sou pil. Leta ap mache fèmen "Bar" ki sou lari yo, nou menm pandansetan n ap "vibe" nan sa ki anndan riyèl yo. Leta ap di mete kachnen, nou menm nou kache nan yon ti kwen ap chire dra pou n konfeksyone mas. Leta ap pale nan radyo, al tann bon mas èpòt, nou menm n ap "vibe". Leta ki pou pè. Poudayè nou konnen byen leta pa ban nou regle anyen pou li, pandansetan n ap "vibe", boudàn pou lapolis, lavi nou pou simityè!

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

0 Commentaires