Temwanyaj de viktim gè bandi yo nan Matisan

Temwanyaj de viktim gè bandi yo nan Matisan

Papye sila se twazyèm nimewo nan kat atik ki konsakre ak temwanyaj moun matisan ki oblije kouri kite lakay yo bay bandi zòn nan pou taye banda.

Depi dimanch 06 jen ki sot pase a, sant espòtif kafou a, se espas ki resevwa pi plis nan moun k ap kouri pou kite kay yo na zòn Matisan yon mannyè pou bandi san fwa ni lwa pa etèn souf yo. Fenomèn ensekirite a ki pa sispann taye banda sitou nan zòn metwopolitèn nan transfòme yon pakèt sitwayen pèzib an sinistre. Natacha Bazile* ak Danielo Pierre Louis* Se de pami moun sila yo ki oblije kouri kite kay yo. Ak anpil tristès yo te kase mòso ba nou.

Eseye imajine yon fanm k ap kouri prèske toutouni ak de timoun sou bra l

Ak anpil tristès nan vwa l, Natacha ki sevyin jenn fi ki gen sèlman trannkat rekòt kafe sou tèt li di: "Eseye imajine yon fanm k ap kouri prèske toutouni ak de timoun sou bra l". Nan moman bat bouch la, li te kanpe ak de nan kat pitit li yo. Yo t ap rale tche wòb li. " Se lave mwen ta pral lave, epi gen yon vwazin ki rete yon ti jan pi wo lakay mwen an kouri desann vin di m bagay yo myèl. Se konsa nan yon titan mwen wè m ak soutyen epi jip ap kouri monte kouri desann tankou moun ki pèdi fèy pandan m ap eseye fè atansyon pou m pa al tonbe sou anbiskay nèg yo. Se nan tout mizè sa, nan kouri, bite so, mwen rive ak gras Bondye sou plas Fontamara a, timoun yo nan men m."

Se lè m wè lafimen ap monte, kay ap boule mwen konprann atò se pa petaw, paske mwen kite de timoun nan kay. Manman yo al vann. Mwen kouri kite garaj la, riske lavi m anba ba l jouk mwen rive lakay la

Istwa Natacha Bazile la pa twò diferan ak pa Danielo Pierre Louis. Misye limenm te oblije kouri kite zòn nan ak pitit gason l ak madanm li. "Mwen gen karant senk lane ak senk pitit. Gen twa ladan yo se pa mwen ki ap fè levasyon yo. Anvan mwen te vin rete Matisan, mwen te rete nan Vilaj la. Se apèn si m gen 2 mwa Matisan. M ap travay nan yon garaj kòm doukoman. Madi 7 jen ki sot pase a, se nan travay la mwen te ye lè m tande moun ap di gen gwo deblozay bò lakay mwen. Pou m byen di, mwen pa twò panike paske mwen abitye ak bagay sa yo. Se lè m wè lafimen ap monte, kay ap boule mwen konprann atò se pa petaw, paske mwen kite de timoun nan kay. Manman yo al vann. Mwen kouri kite garaj la, riske lavi m anba ba l jouk mwen rive lakay la. Chans pou mwen yo te andedan an, mwen pran timoun yo ak tout manman yo pou m kouri kite zòn, pran direksyon kafou, anvan bagay yo pi grav".

Sitiyasyon Matisan ap anvlimen pi plis chak jou. Sitwayen yo lage de bra balanse, yo pa konn ki sen pou yo rele. Natacha fè konnen kou sitiyasyon an kalme l ap tounen lakay li. "Mwen pap fè anyen, se yon vye malere k ap ede m. Ti sa li ban mwen an p ap ka fè m anfème kay lòt kote, paske lòt zòn yo kay yo twò chè". Pou li menm elle se pa kouri kite zòn nam k ap rwzoud pwoblèm yo."Se leta ki pou di yon mo nan bagay sa wi pou moun ka pran souf tout bon". Natacha kwè tou kite zòn nan se bay bandi tèren lib pou kontinye sinen latèrè san kè sote. Kanta Danielo limenm, l ap reflechi toujou. Li di li poko ka pran okenn desizyon sou avni l pou kounya.




*Nom d'emprunt

Share

Leon'art Charles 62

Je suis un passionné de lecture et d'écriture

Laisser un commentaire

6 Commentaires

  • Napeau Maxon

    June 25, 2021 - 02:34:48 PM

    Sitiyasyon an vrèman karotik.

  • Napeau Maxon

    June 25, 2021 - 02:35:31 PM

    Sitiyasyon an vrèman karotik.

  • CHERIZARD

    June 25, 2021 - 02:37:20 PM

    Bon bagay neg pa! Kontinye vanse...

  • CHERIZARD

    June 25, 2021 - 02:39:07 PM

    Bon bagay neg pa! Kontinye vanse...
    Bagay yo myel vre anba a,e sa fin gen yon enpak direk sou komin kafou

  • CHERIZARD

    June 25, 2021 - 02:39:59 PM

    Bon bagay neg pa! Kontinye vanse...
    Bagay yo myel vre anba a,e sa fin gen yon enpak direk sou komin kafou

  • Kévens ALEXANDRE

    June 25, 2021 - 07:19:14 PM

    Bon bagay