James Francisque, orijinè Komin Tòbèk la se yon jèn gason djougan, militan sou kilti, nan jounalis, pou dwa moun, pou lang kreyòl ak pou ekoloji. Li koumanse pouse refleksyon l sou filozofi ayisyen an nan komin li Tobèk lakay Boisrond-Tonnerre. Gras ak kout plim li epi foug li li mete yon kouran literè ak filozofi ki rele kreyolis demateryalis sentetik, ki tou marande avèk yon filozofi, ki pote non filozofi somatik oubyen kòrenanm. Nan jou ki te 15 desanm lan nou rankontre nan salon liv nan pòtoprens liv sa ki se: nan wout pou yon filozofi ayisyen, koteotè a ap tante montre kòman esè filozofik sa a k ap ranmase nannan bizawèl vodou ak oraliti Ayisyen an, pou bouske esans filozofi k ap deplòtonnen ladan, ki sitou, pa tete lang ak mak fabrik filozofi oksidantal la. S on tèks ki pa kwè filozofi Ayisyen ta sipoze menm plimay ak sila oksidantal la. Yon sitiyasyon ki ka koukouman devlòpman dirab pèp ayisyen an. Se yon demach ki deplòtonnen apati sa nou ta ka rele yon filozofi somatik oudimwens filozofi kòrenanm, Se yon pwojè filozofik k ap tante koupe fache ak pratik leve jwenn filozofi oksidantal la, nan lide pou mete doubout eskanp figi mounite ayisyen an, nan vrè fòma deplòtonnay li, ki tou jouke nan bizawèl libète fètefouni moun yo.Liv sila ki pa rete senpman nan estad liv men k pran fòm yon pwojè ki vle dinamize filozofi ontolojik, kosmogonik ak epistemolojik a pou bouske yon vrè mounite inivèsèl. Otè a , nan kat repons li ba nou rive devwale n tout ti krik tikrak sou liv la, kote n ap liyen yo nan lòd lojik yo:
Nan wout pou yon filozofi ayisyen
JWL- Ki kote egzakteman lide pou w te ekri nan wout pou yon filozofi ayisyen an soti?
JM- Lide pou ekri nan wout pou yon filozofi Ayisyen soti, swit ak plizyè evènman Kalbas Ayiti te òganize pou mande si gen yon filozofiAyisyen, kote nou envite kèk moun k ap reflechi sou peyi vin pran lapawòl. Men, nou pa t janm satisfè ak repons yo. Pou sa, nou te deside mennen kèk vizite etnografik nan lakou ak peristil peyi a, pou òbsève pratik lavi kategori moun ki jouke nan demach vodou a, san konte travay kèk entèlektyèl Ayisyen tankou Jean Price Mars, Mesmin Gabriel, Maximilien Laroche, J.C. Dorsainvil. Se apati tout demach yo, nou kòmanse vini ak lide gen yon filozofi Ayisyen an. Kidonk, yo kòmanse envite vin fè konferans pou pale sou filozofi Ayisyen an, sitou nan zòn kwadèboukè. Se nan dinamik sa, lide pou ekri yon liv ki pale sou filozofi Ayisyen an te tanmen.
JWL- Ki kote w konte rive ak zèv sa?
JF- Pou mwen, filozofi Ayisyen an se repons ak latriye enig sivilizasyon oksidantal plis demach filozofi li a pa rive sènen. Nou ka pran egzanp, zafè sibtilite lavi a, ki debouche sou zafè espirityalite moun yo. Kidonk, nan demach Thomas S. Khun ki pale sou listwa paradig yo nan zafè konesans, nou konsidere filozofi Ayisyen an, kòm yon souf nouvo ki ka penmèt moun yo deplòtonnen san kanpe dimansyon libète yo, ki parèt konplike nan pwojè filozofi oksidantal la, si nou teni kont travay Henri Laborit yo, nan liv li rele "éloge de la fuite". Se sa k fè nou toujou di, filozofi Ayisyen se espresyon limit filozofi oksidantal la. Boutofen, Se
rive akouche sa nou rele paradig konpletid moun yo nan tout entegralite li.
JWL- Ki enpak zèv sa dwe fè sou filozofi oksidantal l?
JF- Enpak zèv sa dwe fè sou filozofi oksidantal la, se rive kanpe yon lòt pwojè ontolojik ki chita sou esans mounite ayisyen an. Lè nou di mounite ayisyen an, nou vle pale etimoloji moun lan, ki soti kongo MUNTU ki vle antite kosmik ki nan pèspektiv evolisyon konsyans pou atann plenitid mounite w kòm antite espirityèl k ap benyen nan lanmou pwofon lavi a. Li vle tou, redefini baz kosmogoni lavi a, kote n ap gade kosmòs la, anmèmtan, kòm eleman materyèl, men tou, kòm eleman enèjetik ki defini esans espirityèl lavi a. Boutofen, rekanpe yon lòt pwojè epistemolojik ki chita sou yon baz lojik ki ranmase lojik rasyonèl oksidantal la plis lojik mitik ki chita sou prensip kosmik k ap mennen lavi a, nan dimansyon pwofondè li.
JWL: Ki pèspektiv ou pou ane sila nan ansèyman ayisyen an ak zèv sila a?
JF- Sa n ap reflechi kòm pwojè pou ane a, se lanse yon atelye reflechi/restitisyon sou filozofi Ayisyen an sitou nan lekòl yo, plis lòt gwoup k ap reflechi anndan peyi a. Li kapab fèt ak timoun kou granmoun. Dabò, se reflechi sou konsèp filozofi Ayisyen an menm, gade pwoblematik la, ki anje li charye dèyè, pou ofinal ki pozisyon ansanm moun sa yo ap pran. Sa ki pral bay restitisyon sou divès fòm tankou pwezi, istwa kont oubyen eksperyans ak yon lakou, oubyen lòt fòm ekriti ki chita sou refleksyon. Youn nan objè atelye a, se rive pale sou lakou, kòm eleman ki pote yon lòt pwojè lavi nan peyi a.Boutofen, jenn djougan an fè plim li pale pou nonsèlman seye ride lektè yo demanti ak bouch yo menm tout kachotri, tout mannigans lesklavaj sèvo ak mansonj depi plizyè syèk panse filozofik loksidan an pote bannou sou sa n rele filozofi somatik la anplise envite tout kouch nan sosyete a vin reflechi sou filozofi ayisyen an nan yon dimansyon ki pi manmbre.
John Wisky LOUIRARD(Cobra's)
Aktivis Kiltirèl
powèt ak kreyolis
La Rédaction 241
Kafounews
0 Commentaires