Tou manti konn fon

Tou manti konn fon

Se depi m tou piti m tande y ap di "Tou manti pa fon". Men eksperyans montre m gen manti ki pi mal pase ja. Ou ka pi gwo eksploratè sou latè, ou fè vi w ap chache l ou pa jwenn li. Se pa grann Lamèsi k ap vin demanti pawòl sa a. Poudayè se de li mwen vin pale nou la. Grann Lamèsi se manman nèf pitit ki vivan. Li te gen senk lòt ki pa te rive depase laj twa mwa. Yo te manje yo. Se pa yo, men pito sò Mikalin, gran sè li bò kot papa ki te kuit ti lèzanj yo daprè sa li pa janm rate yon okazyon pou li rakonte. Li menm ak sè li sa a pa t mare kabrit yo menm kote. Bòs Janil, papa l pa t okipe Mikalin. Li te fè l ak yon dam okap ki te vin travay kay yon ansyen depite nan Kafou. Se la yo te kwaze. Bòs la te zanmi domino depite a. Se sou tab domino a menm li te lage Mika nan kannkès malerèz la. Tou piti, Mika te pwomèt tèt li pou l vanje manman l. Pi bon fason li te jwenn pou l fè sa a, se manje pitit ti sè li yo, Lamèsi. Aprè lanmò twazyèm timoun nan, grann te mete pye li nan dlo pou l konnen sa k ap pase. Nonsèlman, li bay Mika baboukèt, men tou li te fè yon ekspedisyon milèt dèyè l, sa ki fè jouk li ale nan peyi san chapo li pa t janm manke ansent.


Gwo bri kouri sou katye a se grann Lamèsi ki manje Djori. Yon bèl ti bebe, men gwosè. Manman l sè Jinèt leve jwenn li mouri. Evènman sa a te lage zòn nan nan anpil tristès. Pèsòn pa janm konnen ki moun ki te voye premye kout wòch la. Ki premye moun ki te avanse tèz grann kòm moun ki manje tchovi a. Gen moun ki di se paske se li ki manje ti pitit la ki fè l pa kriye. Gen lòt ki di yo te konn wè alamaskay nan kwen kay dam nan. Fifi menm di se pou jalouzi ki fè l manje bebe a paske gen youn nan pitit fi li yo ki te ak Djeri, papa pitit la. Chak moun ap bay vèsyon pa yo. Grann te oblije kite zòn nan pandan yon bon tan paske l pa t ka sipòte kout twaze vwazinaj la. Youn nan bagay ki te pi rèd se lè l ap pase pou tout vwazinaj ap rale timoun yo anba vant yo. Grann te vin tounen zo ak po tèlman l reflechi.

Finalman mwen te vin konn ki mò ki touye lanperè. Mwen te vin gen verite a sou de ti chèz. Sa nou kwè ki te rive. Mezanmi o, gen pawòl tande, se bouch ki pa genyen. Moun yo fè granmoun nan pase pou lougawou, podyab grann. Antouka, men pawòl la. Se chat kay ki manje pay kay. Se Djeri ki touye ti bebe a.

Yon zanmi Djeri fè l konnen li aprann madanm li sè Jinèt konn fè jwèt manman ak papa ak prezidan Djak legliz la, frè Masèl. Menm kote misye tande nouvèl la li wè bebe a sanble tankou de gout dlo ak djak la. Konsa a, misye te leve nan mitan nuit, li blese dwèt pous li ak yon zegui epi mete l nan bouch ti bebe a. Sa w tande a Djori kadav e grann Lamèsi pote vaz la.

Share

Blondy Wolf Leblanc (Gabynho) 100

Mémorand en psychologie à la Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti (FASCH-UEH), Gabynho est un acteur culturel très influent à Carrefour où il initie et coordonne "Festival Liv Kafou", "Semèn Jèn Ekriven Kafou" et "Week-end Poétique".

Laisser un commentaire

19 Commentaires

  • Stenovanovíc24

    June 04, 2022 - 02:07:24 AM

    Podyab grann Lamesi.

    Bon travay, nap tann rès la.

  • John Wesley Désir

    June 04, 2022 - 02:22:12 AM

    Bèl tèks, bèl istwa.
    Fen an menm se waw

  • Naomie

    June 04, 2022 - 02:47:04 AM

    Wawww ,enkwayab ,bon travay

  • Jean Jacques Noël Jean

    June 04, 2022 - 10:43:10 AM

    Monchè chapo. M gentan rale tichèz ba m pou m li, malerezman m wè tèks la pat plis. Estil la kòrèk, reyalite sosyete a byen dekri.

  • Lendia VILNÉUS

    June 04, 2022 - 10:51:26 AM

    Monchè Leblanc tèks la rèd....mw tèlman gentan fonn nan istwa a epi voup mw wè li fini... kontinye bay bon kout plim

  • Anthony GUERRIER

    June 04, 2022 - 12:07:53 PM

    Mwen pap janm sispann li kreyòl ou. ????

  • Dumas

    June 04, 2022 - 01:29:01 PM

    Wawww Freo texte la bel baz mw anpil love freo

  • Jeune Bertho

    June 04, 2022 - 02:20:35 PM

    Bèl kout dwèt pigran! M blije swiv mak pa w pou m mete pa m yo.

  • Celiana Prudent

    June 04, 2022 - 07:10:40 PM

    Waw! M vrèman renmen tèks la,li kout men l konplè e l vrèman bèl. Li gen yon bèl le son ladann,sa se reyalite peyi a menm, nou gen sa lakay nou,depi yon moun mouri nan yon dwòl fason, se toujou ti granmoun nan katye a k pou manje l,sitou si l renmen timoun, se kòmsi se sèl granmoun yo ki ka lougawou, wè nou wè yo sèlman, yo gentan sanble ak yon lougawou, "ti granmoun lèd sa" ????,se li k pou fè sa. M felisite w anpil pou bèl tèks sa,kontinye fè bon travay ! ????

  • Guethie

    June 04, 2022 - 09:46:10 PM

    Se nan kilti peyi a menm tou manti fon.
    Bèl tèks.

  • Mardoché ETIENNE

    June 05, 2022 - 01:00:59 AM

    M renmen "chute" la anpil! Ou rive kenbe sispenns lan nan yon nivo pou pèsòn pa sispèk se la w pral mennen yo. Bon bagay bwo!

  • FÉLIX.R

    June 05, 2022 - 03:05:48 AM

    Wawwww, bèl kout pli m granmèt
    nan reyalite lakay nou depi w granmoun ou senbolize lougawou.

  • J.w Larose

    June 05, 2022 - 04:45:13 AM

    Bèl tèks . Reyalite peyi m

  • J.w Larose

    June 05, 2022 - 04:45:17 AM

    Bèl tèks . Reyalite peyi m

  • J.w Larose

    June 05, 2022 - 04:47:14 AM

    Sitou si ti granmoun lan gen bab .
    Tout moun pè l .yo panse l se lougawou

  • Mikelson.V

    June 05, 2022 - 09:38:12 AM

    Yon istwa chak samdi
    Se sa lektè yo mande????

    Bèl travay, Bon travay

  • Akilafi Mustafi

    June 06, 2022 - 02:17:36 PM

    Bon travay frè!

  • Stivenson Lamy

    June 09, 2022 - 07:20:42 PM

    Tèks la gen anpil reyalite , li vrèman fini sèk. Èske otè a vle fè lespri lektè ale pi lwen ?

  • Stevenson BAZELAIRE

    August 15, 2022 - 06:31:41 PM

    Sa se istwa n ap viv chak jou nan lavi nou, istwa sa yo toujou esplike malvèzasyon nan tout rakwen sitou nan vil Pwovens yo.
    Atik la tout trè orijinal, trè tradisyonèl. Alòs, nan ekri sa nou wè yon dividal patrimwàn, tankou powèm yo.


    Bon bagay Otè a.