Cheri, yon powèm siyen Feguerson Thermidor

Cheri, yon powèm siyen Feguerson Thermidor

Feguerson Thermidor, fèt nan site lendepandans peyi d Ayiti( Gonayiv). Li se ekriven, powèt, anseyan, jounalis, kolaboratè " journal le National". Li se otè plizyè liv ki pibliye an Ayiti kou aletranje. Dezyèm liv li ki se" Le sein gauche de la ville des Gonaïves est une cigarette" resevwa pri meyè rekèy powèm orijinal an Côte d'Ivoire an 2019.

Depi kò nou te fin kwaze nan ri Louvèti a cheri, souf ou s on ti moso nan mwen. Chak fwa m rayi kò m, m renmen w pi plis. Tout souvni fè blad nan lespri m, yo jwe ak kò yo, yo jwe ak malè tou. Tout bonè m tounen sann, lè m aprann ou menm ak nanm ou se de fanm ki pa fè menm rèv cheri, ki pa gen menm laj. Se te yon jou kou jodi a, m t ap bay limanite manti, m t ap aprann teke mab nan wonn ou, m t ap aprann mezire fòs vil la nan de plamen m. Menm moman sa, leta te pase pran w nan men m. Tout bo nou te bo te tounen blad.
Kounya m konprann poukisa lè w ap renmen m se ak tete goch ou, ou renmen m. 

M konn mak pye w ka bay moun li vle manti cheri. 

M mòde remò m pou tan an pa ekri powèm sou laj mwen.
Ou s on fi landwèt ou pou bondje lanvè w pou twouble memwa tan an.  Kanaval se fason kò w bay tout gason Ochan.
Pa kite m pann tèt mwen nan lèt sa cheri.
M poko janm wè kouman lanmou dezabiye lè kò w ap bay tèt ou manti.
M aprann poukisa lè w souri  ou bay tout ri ou pile manti. ou menm ak Kanaval se de fanm ki pa pote menm jipon. Nou pa mache menmjan. Tan an vin twouble inosans ou, tout souvni nou tounen zensèl dife

Inosans mwen p ap twonpe m lè w ap soti nan ou
Tout pousyè nou pile fade vizaj vil la.
Depi lè sa  ,remò touye tout jou. 
M pa konn si w ap vini ankò cheri, men si w ap vini, pa vin ak kò w sèlman. 
Bat pou tout sa k ap soti anndan w ka pwolonje souf nou menm longè.

Ou se yon fanm ki abite nan de kò. Youn pou mwen lòt la pou twouble memwa tan an. Ou menm ak kanaval se de fanm ki twonpe laj mwen lè nou vle. 


Depi lè ou ale a cheri m ap fè rati sou lang mwen
Vini anvan kò m avili m




Feguerson Thermidor

Share

La Rédaction 243

Kafounews

Laisser un commentaire

2 Commentaires

  • Madjie

    November 09, 2020 - 04:12:19 PM

    Bravo Fegg!

  • Fedorah

    November 09, 2020 - 06:56:16 PM

    Se a felisite