Pawòl kreyòl ki se yon emisyon Anivince Jean-Baptiste anime sou radyo Siyal Fm (90.5) Lanse dezyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la. Kokennchenn evenman sila ap reyalize sòti 2 pou bout 6 desanm k ap vini la.
Premye Festival Literati Kreyòl nan peyi Ayiti ak nan karayib la ap fèt ane sa anba tèm: "Pouki n ap fè literati". Pou edisyon sa k ap gen pou woule bòs li nan plizyè vil nan peyi a (Pòtoprens, Gonayiv, Ench) se Raphaël Confiant, ekriven epi inivèsitè matinikè, ki envite donè. Raphaël se premye otè nan peyi l ki ekri yon woman nan lang kreyòl, Bitako-a.
Bò kote envitè donè a, ap genyen yon latriye ekriven ak otè tankou: Pierre Michel Chery, Jean Euphèle Milcé, Roudolphe Mathurin, Indran Amirthanayagam, Manno Ejèn, Nicole Cage, Lyonel Trouillot, Dominique Batraville, Hilario Batista Felix, Hector Poullet, Christophe Charles, Evelyne Trouillot, André Fouard, Iléus Papillon, Tivens, Inema Jeudi, Wilkens Scott Fifi, Jeasica Nazaire, Gabynho ak Roniro Jean Baptiste.
Daprè òganizatè yo, festival sila a gen pou objetif fasilite deba ak diskisyon nan mitan ekriven ak lektè kreyolofòn yo pandan l ap ankouraje lekti ak pwodiksyon zèv literè nan lang kreyòl. Yo fè konnen tou ane sa ap gen yon diplis: kèk nan aktivite yo ap reyalize vityèlman.
Genyen yon latriye aktivite k ap kuit nan chodyè evenman sila a: konferans, teyat lari, vant siyati ekspozisyon liv, elatriye. Emisyon Pawòl Kreyòl ak de kavalye pòlka li yo (Fondation Maurice Sixto, C3 Editions) envite nou suiv paj fesbouk https://www.facebook.com/felkreyol festival la yon mannyè pou nou pa rate okenn enfòmasyon sou aktivite a.
0 Commentaires